Èd pou Etid
Lanfè


Lanfè

Revelasyon modèn yo pale de lanfè omwen nan de sans. Premyèman, se plas tanporè nan mond dèzespri a pou moun ki te dezobeyisan nan mòtalite. Nan sans sa a, lanfè gen finisman. Nan kote sa a, lespri yo pral aprann levanjil la, epi nan yon tan apre yo fin repanti, y ap resisite nan yon degre glwa selon degre diyite yo. Moun ki pa repanti yo, men ki pa pitit pèdisyon yo, y ap rete nan lanfè pandan Milenyòm nan. Apre milye ane touman sa yo, y ap resisite nan yon glwa telès (D&A 76:81–86; 88:100–101).

Dezyèmman, se yon kote pèmanan pou moun Ekspyasyon Jezikri a pa rachte. Nan sans sa a, lanfè a pèmanan. Se pou moun ki toujou “rete sal” yo (D&A 88:35, 102). Se kote Satan, zanj li yo, pitit pèdisyon yo—moun ki te nye Pitit Gason an apre Papa a te revele L ba yo—se la y ap rete etènèlman (D&A 76:43–46).

Kèk fwa ekriti yo revele lanfè kòm tenèb deyò yo.