2000–2009
Menm Si …
Avril 2004


Menm Si …

Lèzòm ka akonpli anpil bagay ki mèveye lè yo mete konfyans yo nan Senyè a epi yo kenbe kòmandman Li yo—nan egzèse lafwa menm lè yo pa konn kijan Senyè a ap modle yo.

Lè m te yon jèn gason, mwen te retounen lakay mwen yon jou, soti nan yon konpetisyon basketbòl uityèm ane, kraze, desi, ak plen konfizyon. Mwen te di manman m, “Mwen pa konprann poukisa nou pèdi—mwen te gen lafwa ke nou t ap genyen!”

Kounyea, mwen reyalize ke m pa t konnen kisa lafwa te ye.

Lafwa se pa pou parèt brav, ni jis yon souwè, ni jis yon espwa. Vrè lafwa a se lafwa nan Senyè a, Jezikri—yon asirans ak yon konfyans nan Jezikri ki pouse yon moun pou l suiv Li.1

Sa gen anpil syèk, Danyèl ak jen asosye l yo te toudenkou sòti anba pwoteksyon pou yo t al tonbe nan mond lan—yon mond ki te etranje epi ki te entimidan. Lè Chadrak, Mechak, ak Abèdnego te derefize bese tèt yo epi adore yon imaj annò wa a te etabli, Nebikadneza te fache epi li te di yo si yo pa t adore jan li te kòmande a, yo t ap lage yo nan yon founo dife imedyatman. “Pa gen bondye ki pou delivre nou anba men m”2

Epi twa jèn gason yo te reponn ni byen vit ak anpil konfyans, “Men [si w jete nou nan mitan founo a], Bondye n ap sèvi a ka wete nou nan gwo fou tou limen an, li ka delivre nou tou anba men ou.” Sa sanble ak lafwa m te genyen nan uityèm ane lekòl la. Men yo te demontre kijan yo te vrèman konprann kisa lafwa ye. Yo te kontinye, “Menm si li pa vin delivre nou, … nou p ap adore bondye pa ou yo, ni nou p ap mete ajenou devan estati lò ou te fè fè a.”3 Sa se yon vrè deklarasyon lafwa.

Yo te konnen yo te ka mete konfyans yo nan Bondye—menm lè bagay yo pa t pase jan yo te espere.4 Yo te konnen lafwa se plis pase yon konsantman mantal, plis pase rekonèt ke Bondye vivan. Lafwa se yon konfyans total nan Li.

Lafwa vle di pou nou kwè ke menm si nou pa konprann tout bagay, Limenm Li konprann yo. Lafwa vle di nou konnen menm si pouvwa nou limite, pouvwa pa Li san limit. Lafwa nan Jezikri se gen konfyans total nan Li.

Chadrak, Mechak, ak Abèdnego te konnen yo te ka toujou mete konfyans yo nan Li paske yo te konnen plan L lan, epi yo te konnen Li pa p janm chanje.5 Yo te konnen, menm jan avèk nou, ke mòtalite a se pa yon aksidan lanati. Se yon ti segman nan gwo plan6 Pè Selès eman nou an pou rann posib pou noumenm, pitit gason ak pitit fi L yo, jwenn menm benediksyon Li menm Li genyen yo, si nou vle.

Yo te konnen, menm jan avèk nou, ke nan lavi premòtèl nou, Li te enstwi nou sou objektif mòtalite a: “Nou pral fè yon tè pou sila yo abite; Epi nou pral pase yo anba eprèv yo sou li, pou nou wè si yo pral fè tout bagay Senyè Bondye yo a pral kòmande yo.”7

Konsa, nou gen prèv la—se yon tès li ye. Mond la se yon kote pou gason ak fi mòtèl yo pase tès. Lè nou konprann ke se yon tès li ye, yon tès Pè Selès nou an administre, paske Li vle pou nou fè L konfyans epi pèmèt Li ede nou, nou ka wè tout bagay ak plis klète.

Li te di nou, travay Li ak glwa Li se pou L, “reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm.”8 Li deja rive genyen divinite pa Li. Kounyea sèl objektif Li se pou L ede nou—pou pèmèt nou retounen al jwenn Li pou nou ka tankou Li pou nou viv menm kalite lavi L genyen an etènèlman.

Avèk konesans sa a, li pa t difisil pou twa jen Ebre sa yo te pran yon desizyon. Yo t ap suiv Bondye; yo ta pral ekzèse lafwa nan Li. Li t ap delivre yo, men menm si—epi nou konnen rès istwa a.

Senyè a ba nou libabit, dwa ak responsabilite pou nou deside.9 Li mete nou aleprèv kote Li pèmèt nou konnen difikilte. Li asire nou ke L pa p janm aksepte pou nou tante plis pase sa nou kapab sipòte10 Men fò nou konprann ke gwo difikilte fè gwo moun. Nou pa chache tribilasyon, men si nou reyaji ak lafwa, Senyè a ba nou fòs. Tout menm si yo kapab tounen gran benediksyon.

Apòt Paul te aprann leson enpòtan sa a epi li te deklare, apre dè dizèn ane nan sèvis misyonè, “Nou pa manke kontan menm lè n ap soufri … paske nou konnen lè n ap soufri sa fè nou gen pasyans; Lè nou gen pasyans konsa, sa ba nou kouraj pou nou soufri; Plis nou gen kouraj, se plis nou gen espwa: Espwa sa a p ap janm twonpe nou.”11

Sovè a te asire li, “Gras mwen sifi pou ou: paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou.”12

Paul te reponn: “Se poutèt sa, nan fon kè m, mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m anba zèl li. … Se sak fè tou mwen kontan anpil lè m santi m fèb, lè y ap joure m, lè m nan lafliksyon, lè m anba pèsekisyon, lè m nan difikilte, lè m ap sibi tou sa akòz Kris la. Paske lè m fèb, se lè sa a mwen gen fòs.” Lè Paul te fè fas ak tout eprèv li yo nan jan Senyè a mande, lafwa li te vin pi plis.

Se lafwa kifè Abraram, lè l te pase anba eprèv, te asepte touye Izarak tankou yon ofrann bèt.”14 Akoz gran lafwa li, Abraram, te jwenn yon promès kote posterite li t ap pi plis pase tout etwal nan syèl yo, epi posterite sa a t ap vini atravè Izarak. Men Abraram te byen vit fè sa Senyè a te kòmande l la. Bondye te kenbe promès Li, menm si se pa t jan Abraram te atann nan, li te kanmèm mete konfyans li totalman nan Bondye.

Lèzòm ka akonpli anpil bagay ki mèveye lè yo mete konfyans yo nan Senyè a epi yo kenbe kòmandman Li yo—nan egzèse lafwa menm lè yo pa konn kijan Senyè a ap modle yo.

Se lafwa kifè Moyiz … te refize pote non pitit fi Farawon an;

“Li te pito kite yo maltrete li ansanm ak pèp Bondye a, pase pou l te asepte pran plezi l nan peche pou yon ti tan;

“Li te konsidere li te pi rich lè yo t ap pase l nan betiz pase si l te gen tout richès ki nan peyi Lejip la. …

Se lafwa kifè li te kouri kite peyi Lejip, san l pa t pè kòlè wa a. …

Se lafwa kifè yo te kapab pase nan mitan lanmè Wouj la tankou si yo t ap mache sou tè sèk. …

Se lafwa kifè miray lavil Jeriko yo te tonbe.”15

Gen lòt moun ki “atravè lafwa te pran peyi lòt moun nan men yo, … yo resevwa sekou Bondye te pwomèt la. Yo fèmen bouch lyon yo,

“Yo touye gwo dife, yo chape anba men moun ki te vle touye yo ak nepe. Yo te fèb, men yo vin gen fòs, sa te rann yo vanyan anpil nan lagè.”16

Men nan mitan tout bèl mirak sa yo moun yo te espere epi yo t ap tann nan, te toujou gen menm si:

“Epi lòt moun te sibi mokri ak kout fwèt, … yo te mete yo nan chenn ak nan prizon:

“Yo touye yo anba kout wòch, yo siye yo fè de moso, yo touye yo ak nepe: Se kouri yo t ap kouri soti yon kote al nan yon lòt tèlman moun t ap pèsekite yo, tèlman yo t ap maltrete yo; … 17

“Bondye bayo pi bon bagay pou yo pa mwayen soufrans yo, paske san soufrans lan yo pa t ap ka vin pafè.”18

Nan ekriti yo ansanm ak istwa nou, gen anpil sitiyasyon kote bon gason ak bon fi Bondye ki te kwè Li t ap delivre yo, men menm si delivrans sa a pa t rive, yo te demontre yo t ap toujou fè L konfyans epi yo t ap rete fidèl.

Bondye gen pouvwa a, men se tès pa nou.

Kisa Senyè a atann nan men nou nan zafè eprèv nou yo? Li atann pou nou fè tout sa n kapab. Li ap fè rès la. Nefi di, “Paske nou konnen se pa mwayen lagras nou sove apre tout sa nou kapab fè.”19

Nou dwe gen menm lafwa Chadrak, Mechak, ak Abèdnego te genyen an.

Bondye nou an ap delivre nou anba mokri ak pèsekisyon, men menm si se pa ta sa. … Bondye nou an ap delivre nou anba tout mal ak maladi, men menm si se pa ta sa. … . Li ap delivre nou anba solitid, depresyon, laperèz, men menm si se pa ta sa. … Bondye nou an ap delivre nou anba menas, akizasyon, ak ensekirite, men menm si se pa ta sa. … Li ap delivre nou anba lamò oswa enfimite moun nou renmen, men menm si se pa ta sa, .… n ap mete konfyans nou nan Senyè a.

Bondye nou an ap ba nou jistis ak egalite, men menm si se pa ta sa. … Li ap asire L ke nou jwenn lanmou epi moun rekonèt nou, men menm si se pa ta sa. … Nou ap resevwa yon konpayon ki pafè ak timoun ki obeyisan, epi ki mache dwat devan Bondye, men menm si se pa ta sa. … n ap gen lafwa nan Senyè Jezikri, paske nou konnen si nou fè tout sa nou kapab, nan tan pa Li epi nan fason pa Li, n ap resevwa delivrans epi n ap jwenn tout sa L genyen.20 Mwen temwanye konsa nan non Jezikri, amèn.