2000–2009
De Prensip Pou Nenpòt Ekonomi
Oktòb 2009


De Prensip Pou Nenpòt Ekonomi

Se souvan nan eprèv advèsite ke nou aprann leson ki pi esansyèl sa yo ki fòme karaktè nou ak fòje desten nou yo.

Gras ak vwayaj nou fè pou n vizite manm Legliz yo atravè tout mond lan ak pa mwayen kanal prètriz ki etabli yo, nou resevwa enfòmasyon dirèkteman sou kondisyon ak difikilte manm nou yo. Pandan dèzane, anpil nan manm nou yo te afekte pa dezas mondyal, natirèl ak sa lòm pwovoke. Nou konprann tou ke fanmi yo te oblije mare senti yo epi sousye pou yo te konn kijan yo t ap andire tan difisil sa yo.

Frè m yo, nou santi nou toupre ou. Nou renmen ou, e nou toujou ap priye pou ou. M wè ase monte desann nan lavi m pou m konnen ke livè ap sètènman fè plas bay chalè ak esperans yon nouvo prentan. Mwen optimis konsènan lavni. Frè m yo, bò kote pa nou, nou dwe rete fèm nan esperans, travay ak tout fòs nou, epi kwè nan Bondye.

Nan dènye tan sa yo, mwen t ap panse a yon epòk nan lavi m kote fado sousi ak preyokipasyon pou yon demen ki te ensèten te parèt toujou prezan devan m. M te gen 11 zan epi m t ap viv avèk fanmi m nan grenye yon fèm tou pre Frankfort, an Almay. Nou sete refijye pou la dezyèm fwa nan lespas kèk ane sèlman, e nou t ap lite pou n te etabli nou nan yon nouvo kote ki te lwen kay nou te abite anvan an. M te ka di nou te pòv, men mo sa a pa t ap ase pou dekri sitiyasyon an. Nou tout te konn dòmi nan yon chanm ki te sitèlman piti ke pa t menm gen espas pou mache arebò kabann yo. Nan lòt ti chanm nan, nou te gen kèk mèb ak yon fou ke manman m te konn itilize pou fè manje. Pou nou te soti nan yon chanm al nan lòt la, nou te oblije travèse yon remiz kote fèmye a te kenbe ekipman ak zouti l yo, ansanm avèk vyann ak sosis ki te kwoke ladann. Sant lan te toujou fè m santi m grangou anpil. Pa t gen twalèt andedan kay la, men te gen yon latrin—anba eskalye yo ki te apeprè 50 pye (15 m) de kay la, men li te toujou parèt pi lwen pandan sezon ivè a.

Paske m sete yon refijye e akoz aksan Lès Alman m nan, lòt timoun yo te konn souvan annuiye m epi banm yon seri de non ki te konn blese m pwofondeman. Nan tout peryòd m te pase nan anfans mwen, m panse sa a sete petèt peryòd ki te ki pi dekourajan pou mwen.

Kounyea, deseni apre, m ka gade preyòd sa yo atravè filtè eksperyans ki adousi yo. Menmsi m sonje doulè ak dezespwa a toujou, kounyea m ka wè sa m pa t ka wè lè sa a, sete yon peryòd gwo pwogresyon pèsonèl. Nan peryòd sa a, fanmi nou te soude ansanm. M te obzève e te aprann de paran m yo. M te admire detèminasyon ak optimis yo. M te aprann de yo ke lè nou konfwonte advèsite avèk lafwa, kouraj, ak detèminasyon, nou ka simonte li.

Paske m konnen ke kèk nan nou ap travèse pwòp peryòd anksyete ak dezespwa pa nou, m te vle pale avèk nou jodi a konsènan de prensip enpòtan ki te soutni m pandan peryòd fòmasyon sa a nan lavi m nan.

Premye Prensip la: Travay

Jis jounen jodi a, m toujou pwofondeman enpresyone pa fason fanmi m te travay apre yo te fin pèdi tout bagay apre 2èm Gè Mondyal la! M sonje papa m—ki sete yon fonksyonè ki te gen fòmasyon ak eksperyans—te aksepte plizyè travay difisil, pami yo te gen nan min chabon, nan min iranyòm, mekanisyen, ak chofè kamyon. Li te pati bonè nan maten e l te souvan retounen byen ta nan nuit pou l te ka sipòte fanmi nou. Manman m te kòmanse fè lesiv e l te travay plizyè èdtan ap fè travay manyèl. Li te anwole sè m nan avèk mwen nan biznis li a. Avèk bekàn mwen an, m te vin tounen sèvis ranmasaj ak livrezon an. Se te yon bonè pou mwen lefèt ke m te ka ede fanmi m menm nan yon fason ki te piti, epi malgre m pa t konn sa nan moman an, travay fizik la te vin yon benediksyon pou sante m tou.

Li pa t fasil, men travay la te fè nou pa fokis twòp sou difikilte sitiyasyon nou yo. Malgre sitiyasyon nou pa t chanje toudenkou, li te vin chanje. Se sa travay fè. Si nou senpleman kontinye—fèm ak konstan—sètènman bagay yo ap amelyore.

Ala mwen admire gason, fi, ak timoun ki konn travay yo! Ala Senyè a renmen travayè! Li te di, “Se avèk swè nan fwon w w ap manje,”1 epi “Travayè a vo salè li.”2 Li te bay yon pwomès tou: “Manche kouto digo ou avèk tout nanm ou, epi peche w yo ap padone.”3 Moun ki pa pè woule manch chemiz yo epi lage tèt yo nan pousuit bi ki diy se benediksyon pou fanmi yo, pou kominote yo, nasyon yo ak Legliz la.

Senyè a pa atann ke nou travay plis pase sa nou ka fè. Li pa konpare (e nou pa dwe konpare nonplis) efò nou ak efò pa lòt moun. Papa nou ki nan Syèl la sèlman mande nou pou nou fè tout sa nou kapab—pou nou travay nan maksimòm kapasite nou, osi gran oubyen piti ke l ye.

Travay se yon antidòt pou anksyete, yon onksyon pou tristès, ak papòt posibilite. Kèlkeswa sikonstans nou nan lavi, chè frè m yo, annou fè tout sa nou kapab pou nou merite yon repitasyon ekselans nan tout sa n ap fè. Annou fikse lespri ak kò nou sou opòtinite travay glorye chak nouvo jounen ofri anou an.

Lè charyo nou kole nan labou, gen plis chans pou Bondye ede moun ki desann pou l pouse a pase moun ki annik leve vwa li nan lapriyè a—kèlkeswa jan priyè a ka elokan. Prezidan Thomas S. Monson te di l nan fason sa a: “Sa pa ase pou nou vle fè efò ak pou nou di nou pral fè efò. … Se nan aksyon, pa sèlman nan panse, ke nou ka akonpli objektif nou yo. Si nou toujou ap ranvwaye objektif nou yo pou yon lòt jou, nou pa p janm wè yo akonpli.”4

Travay se yon bagay ki fè nou nòb ak satisfè, men sonje avètisman Jakòb la pou nou pa “gaspiye … travay nou nan bagay ki pa ka satisfè.”5 Si nou devwe tèt nou nan pousuit richès mond lan ak ti ekla louwanj piblik odepan fanmi nou ak pwogresyon spirityèl nou, n ap dekonvri trè byento ke nou pa t fè yon bon afè. Travay jis n ap fè andedan lakay nou an se bagay ki pi sakre; benefis li yo gen nati etènèl. Nou pa ka delege yo. Sa se fondasyon travay nou kòm detantè prètriz.

Sonje, se travayè tanporè sèlman nou ye nan mond sa a. Annou pa devwe talan Bondye ak enèji Bondye ba nou yo nan edifye ankraj terès sèlman, men annou okontrè pase jounen nou ap grandi zèl spirityèl nou. Paske, antanke pitit gason Bondye ki pi Wo a, nou te kreye pou nou monte an flèch al nan nouvo orizon.

Kounyea, yon mo pou nou menm frè eksperimante yo: retrèt pa fè pati plan bonè Senyè a. Pa gen ane sabatik ni pwogram retrèt nan responsabilite prètriz yo—kèlkeswa laj oubyen kapasite fizik nou. Pandan ke fraz “nou te la, nou te fè sa deja“ a kapab sèvi kòm yon eskiz pou nou evite planch awoulèt, pou n refize envitasyon pou yon woulib sou moto, oubyen pou n pa eseye sòs pike nan yon restoran, li pa yon ekskiz akseptab pou evite responsablite alyans nou te fè pou nou konsakre tan nou, talan, ak resous nou nan travay wayòm Bondye a.

Gendwa gen kèk moun ki panse ke, apre plizyè ane y ap sèvi nan Legliz la, yo gen dwa pran yon peryòd repo pandan lòt moun ap pote chay la. Pou m di nou franchman, frè m yo, panse sa yo pa diy de yon disip Kris la. Yon gwo pati nan travay nou sou tè sa a se pou nou pèsevere avèk lajwa jiska lafen—chak jou nan lavi nou.

Kounyea, yon mo tou pou frè ki jèn nan prètriz Mèlkisedèk la, k ap pousuiv objektif jis pou yo fè etid ak jwenn yon konjwen etènèl yo. Sa yo se bon objektif, frè m yo, men sonje: travay avèk dilijans nan jaden Senyè a ap amelyore kourikouloum vite nou grandman e epi sa ap ogmante pwobabilite pou nou gen siksè nan toude antrepriz diy sa yo.

Ke w se dyak ki pi piti a oubyen gran prèt ki pi gran an, gen travay pou w fè!

Dezyèm Prensip la: Aprann

Pandan sitiyasyon ekonomik difisil Almay apre lagè a, pa t gen anpil opòtinite pou etid jan sa ye jounen jodi a. Men malgre opsyon yo te limite, m te toujou santi yon anpresman pou m aprann. M sonje yon lè, pandan m te sou bekàn mwen ap fè livrezon lesiv, m te antre lakay yon kamarad klas mwen. Nan youn nan chanm yo, te gen de ti biwo ki te kole ak mi an. Ala yon bèl imaj sa te ye! Ala timoun sa yo te gen chans pou yo te ka gen pwòp biwo pa yo! M te ka imajine yo ki te chita ak liv yo louvri k ap etidye leson yo ak fè devwa yo. Pou mwenmenm, genyen pwòp biwo pa m se t ap baygay ki t ap pi mèveye nan mond lan.

M te oblije ret tann anpil tan anvan bagay sa a te ankonpli. Dèzane apre, m te jwenn yon travay nan yon enstitisyon rechèch ki te gen yon gwo bibliyotèk. M sonje m te pase anpil tan nan bibliyotèk sa a. La a, anfen, m te ka chita sou yon biwo—poukont mwen—epi m t ap vale tout enfòmasyon ak konesans liv te ka bay. M te si tèlman renmen aprann! Nan jou sa yo, m te konprann pawòl yon ansyen pwovèb ki di: Enstriksyon se pa tankou ranpli yon bokit, se plis tankou limen yon dife.

Pou manm Legliz yo, etid se non sèlman yon bon ide—men se yon kòmandman tou. Nou dwe aprann “konsènan bagay ki nan syèl la ak sou tè a, ak anba tè a; bagay ki te egziste, bagay ki egziste, bagay ki dwe rive pwochènman; bagay ki lakay nou, bagay ki nan peyi etranje.”6

Joseph Smith te renmen aprann malgre ke l pa t gen anpil opòtinite pou l te fè etid fòmèl. Nan jounal li yo, li te pale avèk lajwa de jou l te pase ap etidye yo epi li te eksprime lanmou l pou etid.7

Joseph te ansenye Sen yo ke konesans se yon pati nesesè nan vwayaj nou nan mòtalite a, paske “yon moun pa p sove pi rapid ke l [resevwa] konesans,”8 epi “Kèlkeswa prensip entèlijans nou jwenn … nan lavi sa a, l ap leve avèk nou nan rezirèksyon an.9 Pandan moman difisil sa yo, li ankò pi enpòtan pou nou aprann. Pwofèt Joseph Smith te ansenye: “Konesans chase fènwa, [anskyete] ak dout; paske bagay sa yo pa ka egziste kote ki gen konesans.”10

Frè m yo, nou gen devwa pou nou aprann otan ke nou kapab. Tanpri ankouraje fanmi nou, manm kowòm nou yo, tout moun pou yo aprann epi enstwi tèt yo pi byen. Si etid fòmèl pa disponib, pa kite sa anpeche w chèche ak resevwa tout konesans ou kapab. Nan sikonstans sa yo, pi bon liv yo, nan yon sans, ka vin tounen “inivèsite” ou—yon sal klas ki toujou ouvri e ki admèt tout moun ki aplike pou li. Fè efò pou ogmante konesans ou nan tout sa ki “gen vèti, ki emab, oubyen ki gen bon rapò oubyen ki atire louwanj.”11 Chèche konesans “pa etid epi pa lafwa tou.”12 Chèche avèk yon espri enb ak yon kè kontri.13 Lè w aplike dimansyon spirityèl lafwa nan etid ou—menm pou bagay tanporèl yo—ou ka anplifye kapasite entèlektyèl ou, paske si “je w fikse sou laglwa [Bondye], tout [kò] w ap chaje limyè, … e [ap konprann] tout bagay.”14

Nan aprantisaj nou, annou pa neglije fontèn revelasyon an. Ekriti yo ak pawòl apot ak pwofèt dènye jou yo se sous sajès, konesans diven, ak revelasyon pèsonèl pou ede nou jwenn repons ak tout pwoblèm nan lavi a. Annou aprann de Kris lan; annou chèche konesans ki mennen nan lapè, verite, ak mistè siblim etènite yo.15

Konklizyon

Frè m yo, mwen repanse souvan a ti gason 11 zan sa a nan Frankfurt, Almay la, ki te enkyè pou demen l lan epi ki te santi doulè pike pou remak pa janti yo. M sonje epòk sa a avèk yon tristès plen dousè. M pa t ap renmen reviv epòk eprèv ak difikilte sa yo, men m pa doute yon moman ke leson m te aprann yo sete yon preparasyon nesesè pou opòtinite ki t ap vini. Kounyea, anpil ane apre, gen yon bagay m konnen avèk sètitid: se souvan nan eprèv advèsite nou aprann leson ki pi enpòtan ki fòme pèsonalite nou ak fòje desten nou yo.

M priye pou pandan mwa ak ane k ap vini yo nou ka ranpli lè ak jounen nou yo avèk travay ki nòb. M priye pou nou ka chèche aprann ak amelyore lespri nou ak kè nou mam bwè nan fontèt verite ki pur yo. Mwen kite lanmou m ak benediksyon m pou nou, nan non Jezikri, amèn.