2010–2019
Dezi
Avril 2011


Dezi

Pou nou akonpli destine etènèl nou, n ap vle epi n ap travay pou n gen kalite ki nesesè pou nou vin tounen yon èt etènèl yo.

Mwen chwazi pale sou enpòtans dezi. M espere nou chak ap chèche nan kè nou pou nou detèmine kisa nou vrèman dezire ak kijan nou klase dezi ki pi enpòtan nou yo.

Dezi dikte priyorite nou, priyorite fòme chwa nou, epi chwa yo detèmine aksyon nou. Dezi nou suiv yo detèmine chanjman nou, sa nou akonpli, ak sa nou vin tounen.

Premyèman m ap pale de kèk nan dezi ki kouran yo. Antanke èt mòtèl, nou gen bezwen fizik ki fondamantal. Dezi pou nou satisfè bezwen sa yo fè nou fè chwa epi yo detèmine aksyon nou. Twa ekzanp ap demontre kijan pafwa nou inyore dezi sa yo ak lòt dezi ke nou konsidere k pi enpòtan.

Premyèman, manje. Nou gen yon bezwen fondamantal pou nou manje, men, nan yon moman detèmine, nou ka ranplase dezi sa a pa yon pi gwo dezi pou nou jene.

Dezyèmman, abri. Lè m te gen 12 an, m te reziste anba yon dezi pou m te gen yon abri paske m te gen yon pi gran dezi pou m te ranpli yon kondisyon Skout pou pase yon nuit nan bwa. M te youn nan plizyè ti gason ki te kite tant konfòtab yo epi ki te jwenn yon fason pou nou te bati yon abri epi fè yon kabann avèk materyèl natirèl nou te kapab jwenn.

Twazyèmman, dòmi. Nou kapab ranplase menm dezi debaz sa a tanporèlman pa yon lòt dezi ki pi enpòtan toujou. Lè m te yon jèn Solda nan Gad Nasyonal Utah a, m te aprann yon ekzanp konsa nan men yon ofisye ki te gen eksperyans konba.

Nan kòmansman Gè Kore a, yo te rele yon batayon nan lame mobil Gad Nasyonal Riechfield la nan Uta pou yo t al nan sèvis aktif. Batayon sa a, ke Kapitèn Ray Cox te kòmande, te gen 40 mesye Mòmon. Apre yon fòmasyon adisyonèl ak ranfòsman rezèvis ki te sot lòt kote, yo te voye yo ale Kore, kote yo te fè fas ak kèk nan konba ki te pi sovaj yo nan lagè sa a. Nan youn nan konba yo, yo te oblije repouse yon atak dirèk ke dè santèn enmi te fè, tip de atak ki te konn anvayi epi detwi lòt batayon lame mobil.

Kisa sa gen pou wè avèk simonte dezi pou dòmi an? Pandan yon nuit kritik, kote lame ènmi an te rive travèse premye liy yo epi yo te rantre nan zòn dèyè ke gwoup sa a te okipe a, kapitèn nan ki te fè yo relye tout liy telefòn yo a tant li a te bay pil gad nan perimèt li yo lòd pou yo te telefone l pèsonèlman chak inèdtan pandan tout nuit lan. Sa te kenbe gad yo reveye, men sa te vle di tou ke Kapitèn Cox te gen plizyè entèripsyon nan dòmi li. “Kòman w te fè fè sa? m te mande li! Repons li an montre pouvwa yon dezi ki simonte tout lòt dezi genyen.

“M te konnen ke si nou te janm retounen lakay nou, m t apral gen pou m rankontre paran timesye sa yo nan lari nan ti vil nou an, e m pa t vle pou m te fè fas a okenn nan yo ki ta gen pitit gason l ki pa t retounen lakay li akoz de yon bagay m pa t fè kòm kòmandan li.”1

Ala yon ekzanp sou pouvwa yon dezi nou simonte kapab genyen sou priyorite nou ak aksyon nou! Ala yon ekzanp puisan pou nou tout ki responsab byennèt lòt moun—paran, dirijan Legliz, ak enstriktè!

Kòm konklizyon pou ilistrasyon sa a, bonè nan maten apre nuit prèske blanch li an, Kapitèn Cox te dirije solda l yo nan yon kontatak sou lame enmi an. Yo te kaptire plis pase 800 prizonye epi yo te genyen de blese sèlman. Yo te dekore Cox pou bravou li, epi gwoup li a te resevwa yon Sitasyon Inite Prezidansyèl poutèt kouraj ekstrawòdinè gwoup la. Epi, menm jan ak Gèrye Elaman yo (gade Alma 57:25–26), yo tout te retounen lakay yo.2

Liv Mòmon an gen plizyè ansèyman sou enpòtans dezi.

Apre l te fin pase plizyè èdtan ap priye Senyè a, Senyè a te di Enòs ke peche L yo te padone. Apresa li “te kòmanse santi dezi pou byennèt frè [l] yo“ (Enòs 1:9). Li te ekri “E … apre m te fin priye e apre m te fin travay avèk tout dilijans, Senyè a te di m: M pral akòde w sa w vle a, poutèt lafwa w“ (vèsè12). Note twa bagay esansyèl ki te vini anvan benediksyon yo te pwomèt li a: dezi, travay, ak lafwa.

Nan prèch li sou lafwa a, Alma te ansenye ke lafwa ka kòmanse avèk “si nou sèlman [vle] kwè,” si nou kite “santiman sa a travay nan [nou]” (Alma 32:27).

Yon lòt gwo ekzanp ansèyman konsènan dezi, spesyalman konsènan sa ki ta dwe dezi siprèm nou, se nan eksperyans wa Lamanit la ke misyonè Aawon t ap ansenye a. Lè ansèyman Aawon yo te kapte atansyon l, wa a te mande, “Kisa m dwe fè pou m nedenouvo nan Bondye“ epi “gen lavi etènèl sa a?” Alma 22:15. Aawon te reponn, “Si w vle bagay sa a, … si w repanti nan tout peche w yo, e si w vle bese devan Bondye, epi rele non li ak lafwa, si w kwè w kapab resevwa, lè sa a, w ap resevwa esperans ou vle genyen an. (vèsè 16).

Wa a te fè sa epi nan lapriyè puisan li te deklare, “M ap kite tout peche m pou m kapab konnen ou …epi pou m kapab sove nan dènye jou yo” (vèsè 18). Avèk angajman sa a ak idantifikasyon dezi siprèm li sa a, priyè l la te ekzose mirakilezman.

Pwofèt Alma te gen yon gwo dezi pou l te rele tout pèp la nan repantans, men li te vin konprann ke li pa t dwe gen dezi pouvwa irezistib sa t ap mande a paske, li te konkli, “yon Bondye jis … bay lèzòm daprè volonte yo, menm si se pou lanmò oubyen pou lavi“ (Alma 29:4). Menm jan an, nan revelasyon modèn, Senyè a deklare ke L “ap jije tout moun daprè zèv yo, daprè dezi ki nan kè yo“ (D&A 137:9).

Èske nou pare toutbon vre pou nou gen Jij Etènèl nou an atache gwo enpòtans sa a a bagay nou vle toutbon yo?

Anpil ekriti pale de bagay nou vle an tèm de sa n ap chèche. “Yon moun ki chèche m bonè l ap jwenn mwen, epi m p ap bliye l” (D&A 88:83). “Chèche pi bon don yo sensèman” (D&A 46:8). “Moun ki chèche avèk dilijans ap jwenn” (1 Nefi 10:19). “Pwoche kote m epi m ap pwoche kote nou; chèche m avèk dilijans, epi n ap jwenn mwen; mande epi n ap resevwa; frape epi y ap louvri pou nou” (D&A 88:63).

Reyajiste dezi nou pou nou bay bagay letènite yo pi gwo priyorite pa fasil. Nou tout gen tantasyon pou nou dezire kat bagay sa yo: pwopriyete, renome, lògèy, ak pouvwa. Nou gen dwa vle bagay sa yo, men nou pa dwe fikse yo kòm pi gwo priyorite nou.

Moun ke pi gwo dezi yo se pou yo vin gen posesyon ap tonbe nan pyèj materyalis. Yo pa koute avètisman ki di “Pa chèche richès ni bagay san valè mond sa a“(Alma 39:14; gade tou Jakòb 2:18).

Moun ki anvi renome oswa pouvwa yo dwe suiv ekzanp kapitèn vanyan an, Mowoni; sèvis li se pa t pou “pouvwa” ni pou “onè mond sa a“ (Alma 60:36).

Nan ki fason nou ka devlope dezi nou? Pa gen anpil nan nou k ap gen tip de kriz ki te motive Aron Ralston nan, men eksperyans li an ap ban nou yon leson valab sou fason pou nou devlope dezi. Pandan Ralston t ap monte yon mòn nan Sid Utah, yon wòch 800-liv (360 kg) te deplase toudenkou epi l te tonbe sou bra dwat li. Pandan senk jou li te lite poukont li pou l te libere tèt li. Lè l ta pral abandone epi aksepte lanmò, li te fè vizyon yon ti gason twazan ki t ap kouri vin jwenn ni epi li te anbrase l avèk bra goch li. Paske l te konprann ke sa sete vizyon pitit gason l ta pral genyen an ak yon asirans ke l te ka toujou kontinye viv, Ralston te rasanble tout kouraj li epi li te pran yon desizyon drastik pou l te sove lavi l anvan l te pèdi fòs. Li te kase de zo nan bra dwat li a ki te anba wòch la epi apresa li te itilize kouto l la pou l te koupe bra sa a. Apresa li te rive jwenn fòs pou l te mache sou 5 mil (8 km) pou l te ka jwenn èd.4 Ala yon ekzanp sou pouvwa yon dezi ki te simonte tout lòt bagay! Lè nou gen yon vizyon de sa nou ka vin tounen, dezi nou ak pouvwa nou pou nou aji ogmante anpil.

Pifò nan nou pa p janm fè fas a yon kriz ekstrèm konsa, men nou tout ap fè fas a pyèj potansyèl ki ka anpeche nou pwogrese al nan destine etènèl nou. Si dezi jis nou yo fò ase, y ap motive nou pou nou libere tèt nou anba adiksyon ak lòt presyon peche ak priyorite k ap anpeche pwogrè etènèl nou.

Nou dwe sonje ke dezi jis nou yo pa kapab sipèfisyèl, enpilsiv oubyen tanporè. Yo dwe sensè, inebranlab, ak pèmanan. Si nou motive konsa, n ap chèche kondisyon sa a ke Pwofèt Joseph Smith te dekri a, kote n ap “simonte mal nan [lavi nou] yo epi pèdi tout dezi pou nou peche.”5 Sa se yon desizyon trè pèsonèl. Jan Elder Neal A. Maxwell te di:

“Lè nou dekri moun yo kòm moun ki ‘pèdi dezi pou yo peche’ a, se yo menm, e sèlman yo menm, ki te pran dezisyon pou yo te debarase yo de move dezi sa yo nan dispoze ‘pou yo te abandone tout peche [yo]‘ pou yo te ka konn Bondye.“

“Kidonk, sa nou vle avèk ensistans la, apre kèk tan, se sa nou pral finalman vin tounen e se sa nou pral resevwa nan letènite.”6

Osi enpòtan ke sa ye pou nou pèdi tout dezi pou peche a, lavi etènèl mande plis toujou. Pou nou akonpli destine etènèl nou, n ap vle epi n ap travay pou n gen kalite ki nesesè pou nou vin tounen yon èt etènèl yo. Pa egzanp, èt etènèl padone tout moun ki fè yo mal. Yo mete byennèt lòt moun avan tèt yo. E yo renmen tout pitit Bondye. Si sa parèt twò difisil—e asireman li pa fasil pou onkenn nan nou—enben, nou dwe kòmanse avèk yon dezi pou n gen kalite sa yo, epi priye Papa byenneme nou ki nan syèl la pou L ede nou avèk santiman nou. Liv Mòmon an ansenye nou ke nou dwe “Priye Papa a avèk tout enèji kè nou, pou nou kapab chaje avèk lanmou l, li te devèse sou tout moun ki se vrè disip Pitit Gason l la, Jezikri” (Mowoni 7:48).

M ap fèmen avèk dènye ekzanp sa a sou yon dezi ki dwe primòdyal pou tout gason ak fi—sa k marye ak sa k pa marye. Nou tout dwe gen dezi epi travay seryezman pou nou ka gen yon maryaj pou letènite. Sa ki gen yon maryaj tanp deja yo dwe fè tout sa yo kapab pou yo prezève l. Sa k selibatè yo dwe gen dezi pou yo gen yon maryaj tanp epi fè efò pou yo jwenn li. Jèn yo ak adilt sèl yo dwe reziste anba konsèp politikman kòrèk men ki etènèlman fo sa a ki diskredite enpòtans maryaj ak fè timoun nan.7

Gason selibatè yo, tanpri konsidere pwoblèm yo pale nan lèt sa a ke yon sè selibatè te ekri. Li te mande pou “pitit fi jis Bondye yo k ap sensèman chèche yon konjwen diy yo, men gason yo sanble yo avegle epi yo pa konnen si wi ou nou yo gen responsabilite pou yo chèche pitit fi mayifik, e chwazi Papa nou ki nan Syèl la yo epi koutize yo epi dispoze pou yo fè ak respekte alyans sakre nan kay Senyè a.“ Li te konkli, “Gen anpil gason Sen Dènye Jou selibatè la a ki kontan pou yo al nan yon randevou, amize yo, soti avèk yon fi, men yo pa gen okenn dezi pou yo pran okenn fòm angajman avèk yon fi.“8

Mwen sèten ke gen kèk pami jèn gason ki ap chèche avèk enpasyans yo ki ta renmen pou m ajoute ke gen kèk jènfi ke dezi yo pou yon maryaj diy ak pou yo fè pitit vini apre dezi pou yo gen yon karyè ak lòt distenksyon terès. Ni gason ni fi bezwen dezi jis ki ap dirije yo al nan lavi etènèl.

Annou sonje ke dezi dikte priyorite nou, priyorite nou yo modle chwa nou, epi chwa yo detèmine aksyon nou. Anplis, se aksyon ak dezi nou yo ki fè nou vin tounen yon bagay, keseswa yon vrè zanmi, yon enstriktè chaje talan, oubyen yon moun ki kalifye pou lavi etènèl.

M temwaye de Jezikri, ke lanmou L, ansèyman L, ak Ekspyasyon L lan rann tout sa posib. M priye pou, anvan tout lòt bagay, nou gen dezi pou nou vin tankou L pou yon jou nou ka retounen nan prezans Li pou nou resevwa plenitid lajwa Li. Nan non Jezikri, Amèn.

  1. Ray Cox, Antrevi ak otè a,1 Out, 1985, Mount Pleasant, Utah, konfime sa l te di m Provo, Utah, circa 1953.

  2. Gade nan Richard C. Roberts, Legacy: The History of the Utah National Guard (2003), 307–14; “Self-Propelled Task Force,” National Guardsman, May 1971, Paj Dèyè an; Miracle at Kapyong: The Story of the 213th (Fim ki te pwodui pa Southern Utah University, 2002).

  3. Gade nan Aron Ralston, Between a Rock and a Hard Place (2004).

  4. Ralston, Between a Rock and a Hard Place, 248.

  5. Gade nan Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 211.

  6. Neal A. Maxwell, “Selon Dezi Kè [Nou Yo],” Lyawona, Nov. 1996, 22, 21.

  7. Gade nan Julie B. Beck, “Ansenye Doktrin Fanmi an,” Liahona, Mas. 2011, 32–37; Liahona, Mar. 2011, 12–17.

  8. Lèt, 14 Sept 2006.