2011
Istwa ak eritaj Sosyete Sekou
janvye 2011


Mesaj vizit nan fwaye, Janvye 2011

Istwa ak eritaj Sosyete Sekou

Etidye materyèl sa a, epi, si sa apwopriye, pale sou li avèk sè w ap vizite yo. Itilize kesyon pou ede ou fòtifye sè w ap vizite yo ak pou fè Sosyete Sekou vin yon pati aktif nan pwòp lavi pa ou.

Imaj
Relief Society seal

Lafwa • Fanmi • Sekou

Eliza R. Snow te raple ansèyman Pwofèt Joseph Smith la ki di: “menmsi non [Sosyete Sekou] a kapab modèn, enstitisyon an gen orijin ansyen.”1

Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason l lan, Jezikri, te vizite Joseph Smith, epi, palentèmedyè li, yo te retabli plenitid levanjil la sou tè a. Sosyete Sekou te fè pati retablisman sa a. Òganizasyon Legliz la pa t total jiskaske sè yo te òganize.2

Nan mwa k ap vini yo, chak mesaj vizit nan fwaye pral ba nou opòtinite pou apran plis sou istwa Sosyete Sekou a ak pati li jwe nan levanjil retabli a. Pou plizyè rezon, konprann istwa nou non sèlman enpòtan men li esansyèl tou.

Premyèman, yon konpreyansyon sou istwa nou enspire nou pou nou rete fi Bondye a nou bezwen ye a. Nan suiv egzanp nòb fi Sen Dènye Jou sa yo, nou kapab aprann nan lepase kijan pou n fè fas ak demen.3

Dezyèman, istwa nou anseye ke menm prensip yo te egziste nan premye Legliz la se prensip fondamantal nou jodia. Konesans sa a ak objektif nou—pou ogmante lafwa ak ladwati pèsonèl, fòtifye fanmi ak fwaye, ak ede moun ki nan bezwen —fè yon koneksyon ant pase nou ak prezan nou.

Twazèman, pandan n ap apresye istwa nou an, nou kapab pi byen pataje eritaj espirityèl nou. Prezidan Henry B. Eyring, Premye Konseye nan Premye Prezidans lan, te di: “Nou pataje eritaj nou lè nou ede lòt moun resevwa don charite a. … Istwa Sosyete Sekou a ekri an pawòl ak chif, men eritaj la pase soti nan yon kè al nan yon lòt.”4

Finalman, konprann istwa nou ede nou tounen yon pati efikas nan lavni Sosyete Sekou. Prezidan Spencer W. Kimball (1895–1985) te eksplike: “Nou konnen ke fi ki gen anpil apresyasyon pou lepase yo ap sousye pou fòme yon bon jan lavni.”5

Julie B. Beck, Prezidant jeneral Sosyete Sekou.

Apati ekriti yo

Estè 9:28–29; Women 16:1–2; Alma 37:8; Mowoni 7:45–47

Apati istwa nou

“Sosyete Sekou se òganizasyon Senyè a pou fi yo.”6 Nan kapasite li antanke yon pwofèt, Joseph Smith te òganize Sosyete Sekou jou 17 Mas 1842. Ti gwoup moun diferan nan premye reyinyon sa a sete fi devwe, menmjan ak sè Sosyete Sekou yo jodia. “Sa k te pi jèn yo sete twa adolesan, epi pi gran an, yon fi ki te nan senkantèn ni. Onz nan fi yo te marye, de sete vèv, sis pa t marye, epi gen youn sitiyasyon marital li te enkoni. Edikasyon yo ak sitiyasyon yo te varye anpil, menmjan ak sitiyasyon ekonomik yo. Divèsite yo te ogmante anpil pandan manm òganizasyon an te kontinye ap grandi, men yo te fè youn e yo te kontinye fè youn.”7

Nòt

  1. Eliza R. Snow, “Female Relief Society,” Deseret News, Apr. 22, 1868, 81.

  2. Gade Enseignements des presidents de l’église: Joseph Smith (2007), 451.

  3. Gade L. Tom Perry, “The Past Way of Facing the Future,” Liahona, Nov. 2009, 73–76.

  4. Henry B. Eyring, “The Enduring Legacy of Relief Society,” Liahona, Nov. 2009, 124–25.

  5. Spencer W. Kimball, “Privileges and Responsibilities of Sisters,” Ensign, Nov. 1978, 104.

  6. Spencer W. Kimball, “Relief Society—Its Promise and Potential,” Ensign, Mas. 1976, 4.

  7. Jill Mulvay Derr, Janath Russell Cannon, and Maureen Ursenbach Beecher, Women of Covenant (1992), 28.