2011
Chèche sa ki bon an
mas 2011


Mesaj Premye Prezidans, Mas 2011

Chèche sa ki bon an

Pandan yo t ap chèche yon nouvo kay, yon koup Sen Dènye Jou te pale avèk kèk vwazen nan zòn nan sou vwazinaj la ak lekòl yo nan zòn nan.

Yon fi yo te pale avèk li te di apwopo lekòl pitit li yo te ale a: “Se kote ki pi ekstraòdinè a! Direktè a se yon bon gason; pwofesè yo byen kalifye, janti, ak amikal. Mwen kontan anpil dèske pitit nou yo kapab ale nan bon lekòl sa a. W ap renmen li! ”

Yon lòt fi te di apwopo lekòl pitit li yo: “Se yon kote ki terib. Direktè a kwè nan tèt li; pwofesè yo pa kalifye, yo gwosye, ak dezagreyab. Si m te gen posiblite deplase soti nan zòn sa a, m t ap fè sa kounyeya menm!”

Sa k te enteresan an sèke toulède medam yo t ap pale de menm direktè a, menm pwofesè yo, ak menm lekòl la.

Èske nou janm remake ke moun kapab abityèlman jwenn kèlkeswa sa y ap chèche a? Chèche byen, epi n ap dekouvri ni sa ki bon ni sa ki move nan prèske tout moun ak nan tout bagay. Moun ap fè menm bagay la tou avèk Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo depi nan kòmansman li. Moun k ap chèche sa ki bon yo ap wè yon pèp janti ak konpatisan — yon pèp ki renmen Senyè a epi ki vle sèvi li ak beni lavi pwochen yo. Men se vre tou ke moun k ap chèche sa k pa bon yo ap sètènman wè bagay ki pa osi ideyal.

Malerezman, pafwa sa rive menm andedan Legliz la. Pa gen fen nan kreyativite, entelijans ak tenasite moun k ap chèche rezon pou kritike yo. Se kòmsi yo pa ka lache bay rankin yo. Yo kritike ak wè fot nan lòt moun. Yo nouri move santiman yo pandan dèzane, yo chèche tout opòtinite pou kraze ak diminye lòt moun. Sa pa fè Senyè a plezi, “paske kote ki gen jalouzi, kote moun ap kouri dèyè enterè pa yo, fòk gen dezòd ak tout kalite mechanste.” (Jak 3:16).

Prezidan George Q. Cannon (1827–1901) te konnen Prezidan Brigham Young (1801–77) byen, li te travay avèk li pandan plizyè ane, kòm manm Kolèj Douz Apot yo ak kòm konseye li nan Premye Prezidans lan. Apre lanmò Prezidan Young, Prezidan Cannon te ekri nan jounal li: “M pa t janm kritike ni wè fot nan konduit [Brigham Young], nan konsèy li oswa ansèyman li okenn moman nan kè mwen, ni nan pawòl mwen oswa aksyon mwen. Sa se yon plezi pou mwen kounyeya. Panse m te toujou genyen sete: Si m kritike, oubyen wè fot, oubyen jije Frè Brigham, jis ki kote m ka ale; si m kòmanse, ki kote pou m ta kanpe? M pa t foure tèt mwen nan wout sa a. Mwen te konnen ke apostazi souvan se rezilta ki soti nan tonbe nan espri kritike ak pale mal. Lòt moun ki pi solid, ki gen plis sajès ak eksperyans pase mwen, gen dwa fè anpil bagay epi chape anba konsekans mal yo, sa ke m pa oze fè.”1

Konsèy puisan Prezidan Cannon nan se yon bagay ke nou menm, manm Legliz la, dwe byen konsidere. Pawòl Bondye a egzòte moun k ap suiv Kris yo pou yo “pi,… tande rezon, gen kè sansib, fè anpil byen, san prejije, ni nan ipokrit.” Moun k ap chèche lapè yo, “y ap travay ak kè poze pou yo ka rekòlte yon lavi ki dwat devan Bondye” (Jak 3:17, 18).

Nou gen yon chwa. Nou kapab chèche sa ki pa bon nan lòt moun. Oubyen nou kapab fè lapè epi travay pou pataje ak lòt moun konpreyansyon, jistis, ak padon nou si dezespereman bezwen pou tèt nou an. Se chwa pa nou; paske kèlkeswa sa nou chèche, se sa n ap jwenn sètènman.

Nòt

  1. George Q. Cannon, Journal, Jan. 17, 1878; vokabilè modènize.

Ansèyman apati mesaj sa a

“Petèt ou santi ke ou manke konprann yon sèten prensip ke w ap prepare pou anseye,” notes Ansèyman, pa gen pi gwo apèl ([1999], 19). “Sepandan, si ou etidye li nan espri lapriyè, ou fè efò pou viv li, prepare pou anseye li, epi apresa pataje l avèk lòt moun, pwòp temwayaj ou ap fòtifye ak apwonfondi.”

Si ou chèche sa ki bon nan lavi ak nan lòt moun mwa sa a, w ap pi byen prepare pou anseye mesaj sa a ak temwaye konsènan verasite li.