2017
Sèvi lòt moun nan lafwa
April 2017


Jèn yo

Sèvi lòt moun nan lafwa

President Uchtdorf di nou ke lafwa nan Bondye dwe “akonpaye pa aksyon.” Li eksplike ke lè lafwa nou “makonen avèk bon aksyon,” li “ranpli …nanm lan avèk lapè ak lanmou.” Avèk pwomès benediksyon sa a, nou kapab fè yon diferans, e nou kapab wè sa nan lavi nou si nou pran tan pou nou rann yon sèvis ki ranpli avèk lafwa. Ou ta kapab priye chak maten pou mande Senyè a èd pandan w ap sèvi lòt moun yo. Pa egzanp, mande L pou L montre w kilè yon manm fanmi an bezwen èd ou pou yo fè yon bagay oswa kilè yon zanmi dwe resevwa konpliman. Apre sa, lè ou resevwa yon enspirasyon pou sa, fè sa ki dwe fèt la! Si ou fè priyè sa yo ak sèvis sa a vin tounen yon abitid, bon aksyon ki baze sou lafwa w yo ap beni lavi w ak lavi lòt moun. Prezidan Uchtdorf pwomèt ke ou “kapab transfòme moun, fanmi, nasyon, ak mond lan.”