2017
Moun jis la kapab viv pa lafwa
April 2017


Mesaj Premye Prezidans lan, Avril 2017

Moun ki jis la va viv pa lafwa

Dirijan Relijye a ak Fabrikan Savon an

Gen yon ansyen istwa jwif konsènan yon fabrikan savon ki pa t kwè nan Bondye. Yon jou pandan li tap mache avèk yon lidè relijye, li te di: “Gen yon bagay m pa ka konprann. Nou gen relijyon depi dè milye ane. Men tout kote nou gade, nou wè gen mal, koripsyon, moun malonèt, enjistis, doulè, lafen, ak vyolans. Sanble relijyon pa amelyore mond lan ditou.” Konsa, mwen ap mande w ki avantaj ki genyen ladan?

Lidè relijye a pa t reponn pandan yon sèten tan men li te kontinye ap mache avèk fabrikan savon an. Finalman, yo te vin rive bò yon teren kote timoun ki te kouvri avèk pousyè tap jwe nan salte.

Lidè relijye a te di: “Gen yon bagay mwen pa konprann.” Gade timoun sa yo. “Nou gen savon depi dè milye ane, epoutan timoun sa yo sal. Ki avantaj ki genyen nan savon?”

Fabrikan savon an reponn: “Men mèt, li pa jis pou blame savon pou timoun sal sa yo. Yon moun dwe itilize savon an anvan pou li rive akonpli bi li.”

Lidè relijye a te souri epi li te di: “Egzakteman.”

Kijan nou dwe viv?

Apot Pòl, ki tap site yon pwofèt nan Ansyen Testaman an, te rezime siyifikasyon kwayan lè li te ekri: “Moun Bondye fè gras paske li gen konfyans nan Bondye, se li menm ki va gen lavi.” (Women 1:17).

Petèt nan deklarasyon senp sa a nou konpran diferans ant yon relijyon ki frajil e ki pa efikas ak youn ki gen pouvwa pou transfòme lavi moun.

Men pou konprann kisa viv pa lafwa vle di, nou dwe konpran kisa lafwa ye.

Lafwa plis pase kwayans. Li se konfyans total nan Bondye ki akonpaye avèk aksyon.

Li plis pase swete.

Li plis pase senpleman chita, souke tèt nou epi di nou dakò. Lè nou di “jis la va viv pa lafwa,” a nou vle di se lafwa nou ki gide e ki dirije nou. Nou aji yon fason ki konfòm avèk lafwa nou—se pa akoz yon sans obeyisans san reflechi men akoz yon lanmou konfyan ak sensè pou Bondye nou an ak sajès inestimab Li revele bay pitit Li yo.

Lafwa dwe gen askyon ki akonpaye l; otreman li mouri (gade Jak 2:17). Li pa lafwa ditou. Li pa gen pouvwa pou chanje yon grenn endividi poukont li,ale wè pou mond lan.

Gason ak fi ki gen lafwa kwè nan Papa Selès mizerikòdye yo a—menm nan tan ensètitid, menm nan tan dout ak advèsite kote yo kapab pa wè pafètman oswa konprann klèman.

Gason ak fi ki gen lafwa seryezman mache nan chemen disip la epi yo fè efò pou yo suiv egzanp Sovè byeneme yo a, Jezikri. Lafwa motive nou e li enspire nou toutbon vre pou nou enkline kè nou devan syèl la epi pou nou lonje men bay pwochen nou yo, rekonfòte yo epi beni yo.

Relijyon san aksyon se tankou savon ki rete nan bwat la. Li ka gen yon potansyèl mèveye, men an reyalite li gen vyep tikras pouvwa pou fè yon diferans jiskaske li ranpli bi yo te fè l pou l ranpli a. Levanjil retabli Jezikri a se yon levanjil aksyon. Legliz Jezikri a anseye vrè relijyon kòm yon mesaj espwa, lafwa ak lacharite, ki vle di ede lòt yo nan fason espirityèl ak tanporèl.

Sa gen kèlke mwa, madanm mwen, Harriet, avèk mwen te fè yon vwayaj familyal avèk kèk nan timoun nou yo nan zòn Mediterane a. Nou te vizite kèk kan refijye e nou te rankontre avèk fanmi ki soti nan peyi ki dechire anba lagè. Moun sa yo pa t nan menm relijyon avèk nou, men sete frè ak sè nou e yo te bezwen èd an ijans. Kè nou te touche nou anpil lè nou te konstate kijan lafwa aktif manm Legliz nou yo pote èd, sekou, ak espwa pou pwochen nou ki nan nesesite yo, san yo pat gade sou relijyon yo, nasyonalite yo, oswa edikasyon yo.

Lafwa ki makònen avèk bon aksyon ranpli kè nou avèk bonte, lespri nou avèk sajès ak konpreyansyon epi nanm nou avèk lapè ak lanmou.

Lafwa nou kapab beni epi enfliyanse moun ki bò kote nou yo ak noumenm pou nou fè sa ki bon.

Lafwa nou kapab ranpli mond lan avèk bonte ak lapè.

Lafwa nou kapab transfòme lahèn pou fè l tounen lanmou ak transfòme énmi yo pou fè yo tounen zanmi.

Konsa, moun ki jis yo viv pandan y ap aji nan lafwa; yo viv pandan yo kwè nan Bondye epi mache nan chemen Li.

Epi sa se kalite lafwa ki kapab transfòme moun, fanmi, nasyon, ak mond lan.