2017
Rekonpans Moun Ki Andire Byen
July 2017


Mesaj Premye Prezidans lan, Jiyè 2017

Rekonpans Moun ki Andire Byen

Lè m te jèn, mwen te sèvi nan Legliz la kòm konseye yon prezidan distri ki te saj. Li te toujou ap eseye anseye m. Mwen sonje konsèy li te ban mwen yon lè: “Lè ou rankontre yon moun, trete l kòm si li te gen gwo pwoblèm, epi w ap gen rezon plis ke lamwatye fwa yo.” Lè sa a mwen te panse li te pesimis. Kounyeya, plis pase 50 apre, mwen kapab wè jan li te byen konprann mond lan ak lavi a.

Nou tout gen eprèv pou nou afwonte, pafwa eprèv sa yo trè difisil. Nou konnen Senyè a pèmèt nou pase eprèv pou nou kapab vin poli ak pafè pou nou kapab avèk Li pou tout tan.

Senyè a te anseye Pwofèt Joseph Smith nan Prizon Liberty ke rekonpans li poutèt li te andire eprèv li yo byen tap ede l kalifye pou lavi etènèl:

”Pitit gason m nan, lapè nan nanm ou; advèsite ou ak afliksyon ou yo pral sèlman pou yon ti moman;

Epi apre sa, si ou te sipote byen, Bondye ap leve ou anlè; w ap triyonfe sou tout ènmi ou yo” (D&A 121:7–8).

Bann eksperyans difikilte ak eprèv nou yo fè li sanble li difisil pou moun andire byen. Sa kapab sanble l konsa pou yon fanmi ki depann de jaden lè lapli pa tonbe. Yo ka mande “pandan konbyen tan nou ap kapab andire si lapli pa tonbe?” Sa kapab sanble l konsa pou yon jèn ki ap reziste anba gwo inondasyon salte ak tantasyon. Sa kapab sanble l konsa pou yon jennonm ki ap lite pou l gen edikasyon oswa fòmasyon li bezwen pou yon travay pou l okipe madanm li ak fanmi l. Sa kapab sanble l konsa pou yon moun ki pa kapab jwenn yon travay oswa ki pèdi chak travay li jwenn paske konpayi yo fèmen pòt yo. Sa kapab sanble l konsa pou moun ki gen pwoblèm sante oswa fòs fizik, sa ki kapab vini bonè oubyen ta nan lavi a pou yo oswa pou moun yo renmen.

Men yon Bondye ki renmen nou pa ban nou tès sa a senpleman pou L wè si nou kapab andire difikilte men pito pou L wè si nou kapab andire yo byen epi vin poli.

Premye Prezidans lan te anseye Èldè Parley P. Pratt (1807–57) lè li te fèk resevwa apèl kòm manm Kolèj Douz Apot yo: “Ou anwole nan yon travay ki mande tout atansyon w, … vin yon epe file. … Ou dwe andire anpil travay di, difikilte, ak anpil privasyon pou ou vin rafine pafètman. … Papa Selès ou a egzije sa; chan an se pou Li; travay la se pou Li; e Li ap … konsole w ak ankouraje w.”1

Nan Liv Ebre a, Pòl pale de fwi andire byen pote: “Lè y ap pini nou, sa yon ti jan vle fè nou plis lapenn pase pou l ta fè nou kontan. Men pita, moun ki soti byen elve apre tout pinisyon sa yo, yo pral mennen yon lavi byen dwat ak kè poze.” (Ebre 12:11).

Eprèv nou yo ak difikilte nou yo ban nou opòtinite pou nou aprann ak grandi, e yo menm chanje nati nou. Si nou retounen al jwenn Sovè a nan moman eprèv difisil nou yo, nanm nou kapab poli pandan nou ap andire.

Se poutèt sa, premye bagay pou nou sonje se toujou priye (gade D&A 10:5; Alma 34:19–29).

Dezyèm bagay la se fè efò san rete pou nou respekte kòmandman yo—kèlkeswa opozisyon an, tantasyon an, oswa bri konfizyon ki genyen kote nou ye a. (gade Mozya 4:30).

Twazyèm bagay enpòtan pou nou fè se pou nou sèvi Senyè a (gade D&A 4:2; 20:31).

Nan sèvis Mèt la, nou rive konnen ak renmen L. Si nou pèsevere nan lapriyè ak sèvis fidèl, nou ap kòmanse rekonèt men Sovè a ak enfliyans Sentespri a nan lavi nou. Anpil nan nou te bay kalite sèvis sa a e santi konpayi sa a pandan yon sèten tan. Si w reflechi sou tan sa a, ou ap sonje te gen chanjman nan ou. Tantasyon pou fè mal la sanble li te diminye. Dezi pou fè byen te ogmante. Moun ki te konnen w pi byen e ki te renmen w gen dwa di: “Ou vin pi janti e pi pasyan. Ou pa sanble menm moun nan ankò.”

Ou pa t menm moun nan. Ou te chanje gras a Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a paske ou te konte sou Li nan moman eprèv ou a.

Mwen pwomèt ke Senyè a ap vin ede w nan eprèv ou yo si ou chèche ak sèvi L epi tou nanm ou ap poli pandan tan sa a. Mwen egzòte ou pou mete konfyans ou nan Li nan tout advèsite w yo.

Mwen konnen ke Bondye Papa a vivan epi Li tande e reponn tout priyè nou yo. Mwen konnen ke Pitit Gason L lan, Jezikri, te peye pri tout peche nou yo e ke Li vle pou nou vin jwenn Li. Mwen konnen ke Papa a ak Pitit Gason an ap voye je sou nou epi ap prepare yon fason pou nou andire byen ak pou nou retounen nan kay selès la ankò.

Nòt

  1. Autobiography of Parley P. Pratt, edisyon Parley P. Pratt Jr. (1979), 120.