2018
Prepare pou n koute vwa Bondye
March 2018


Jèn yo

Prepare pou n koute vwa Bondye

Prezidan Uchtdorf eksplike kòman premye bagay Bondye te fè apre l te fin kreye gason ak fi a sete pale avèk yo epi ba yo enfòmasyon ak enstriksyon presye. Nou jwenn menm benediksyon sa a an Avril ak an Oktòb pandan konferans jeneral, kote dirijan Legliz yo adrese nou epi banou konsèy Senyè a vle nou tande.

Èske w te janm tande vwa Bondye atravè sèvitè l yo pandan konferans jeneral? Èske w te janm santi yon mesaj espesifik te ba w yon repons ou t ap chèche? Nan yon jounal, ou gen dwa ekri eksperyans sa a ak di kijan li te ede ou. Apresa ekri kesyon ou genyen yo epi etidye yo pandan etid ekriti ou pou ou ka prepare w pou w koute vwa Senyè a nan konferans k ap vini an. Priye Papa nou Ki nan Syèl la, epi mande pou w resevwa repons ak gidans pandan konferans lan. Lè w ap koute sèvitè Bondye yo, konsantre w sou enspirasyon endividyèl ou resevwa yo. Kisa w te aprann? Kijan w te santi w enspire pou chanje? Ekri enspirasyon sa yo paske se Lespri a k ap pale avèk ou!

Toujou sonje Papa nou ki nan Syèl la renmen w epi l ap gide w nan bon direksyon an. Pandan w ap efòse w pou w tande vwa li atravè sèvitè l yo, w ap beni epi w ap edifye.