Jèn yo
Jwenn lajwa nan Kris la


“Jwenn lajwa nan Kris la,” Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa (2022)

“Jwenn lajwa nan Kris la,” Pou Fòs Jèn yo

Imaj
Tablo Jezi avèk yon fi k ap pale bò yon pi.

Jwenn lajwa nan Kris la

Chwa yo gen enpòtans. Chwa ki baze sou ansèyman levanjil yo se etap ki mennen w pi pre Pè Selès la ak Jezikri. Jezi te di, “Mwen di ou bagay sa yo, … pou lajwa w ka total” (Jan 15:11). A chak pa ou fè nan direksyon Li, w ap santi w pi pre Lespri a epi relasyon alyans ou avèk Bondye ap vin pi solid.

Men sa pa vledi ke chemen an p ap gen pwoblèm. Epi, paske pèsonn pa mache pafètman dwat, se pou w toujou kenbe direksyon ou epi onore kòmandman Bondye yo. Kenbe alyans ou avèk Bondye, epi prepare pou w fè plis. Alyans yo konekte ou avèk Pè Selès la ak Sovè a. Yo ogmante pouvwa Bondye nan lavi ou epi yo prepare w pou w resevwa lavi etènèl.

Pami tout chwa ki posib yo, sa ki pi enpòtan an se chwa pou w suiv Jezikri a. Li se fòs jèn yo. Levanjil Li a se chemen plen lajwa ki mennen retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la.