Apèl Misyon
Chapit 6: Chèche Atribi Kretyen Yo


“Chapit 6: Chèche Atribi Kretyen Yo,” Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a (2023)

“Chapit 6” Preche Levanjil Mwen an

Imaj
Apèl Pechè Pwason yo (Kris la k ap Aple Pyè ak Andre), pa Harry Anderson

Chapit 6

Chèche Atribi Kretyen Yo

Konsidere Sa

  • Kijan chèche atribi kretyen ede m ranpli objektif mwen kòm misyonè?

  • Kijan m ka chèche ak resevwa atribi kretyen?

  • Sou ki atribi m ta dwe konsantre kounyea?

Entwodiksyon

Nan kòmansman ministè mòtèl Li a, Jezi te mache sou rivaj Lanmè Galile a epi Li te aple de pechè pwason, Pyè ak Andre. Li te di yo “Suiv mwen,” “epi ma fè nou tounen pechè moun pito”(Matye 4:19; gade tou nan Mak 1:17).

Senyè a aple w tou nan travay Li a, epi Li envite w tou pou w suiv Li. ”Ki kalite moun nou dwe ye? Se sa Li te mande. “An verite, m di nou, menm jan avèk mwen” (3 Nefi 27:27).

Kèk chapit nan Preche Levanjil Mwen an konsantre sou sa w bezwen fè kòm misyonè, tankou kijan pou w etidye, kijan pou w anseye, ak kijan pou w fikse bi. Kiyès ou ye ak kisa w ka devniosi enpòtan ke wa w ap fè a. Se sou sa chapit sa a konsantre.

Ekriti yo dekri atribi kretyen ki endispansab pou w chèche genyen kòm misyonè ak pandan tout lavi w. Yon atribi kretyen se yon kalite oswa yon trè sou nati ak karaktè Sovè a. Chapit sa a dekri kèk nan atribi sa yo. Etidye yo ansanm avèk ekriti ki asosye avèk yo yo. Chèche lòt atribi kretyen pandan w ap etidye lòt pasaj ekriti.

Etid Pèsonèl

Etidye Doktrin ak Alyans 4. Ki atribi Senyè a idantifye kòm aribi ki enpòtan pou misyonè yo? Kijan chèche gen atribi sa yo ede w ranpli objektif ou kòm misyonè?

“Chèche Jezi Sa a”

Pwofèt Mowoni te bay egzòtasyon sa a, “M kòmande w pou w chèche Jezi sa a ke pwofèt ak apot yo te pale a.” (Etè 12:41). Youn nan fason enpòtan pou nou chèche Jezi se fè yon efò dilijan pou nou aprann konnen L epi vin pi avèk Li nan aksyon nou yo. Misyon w se yon moman ideyal pou w konsantre sou sa.

Pandan w ap fè efò pou w vin plis menm jan avèk Kris la, w ap akonpli objektif ou kòm misyonè pi byen. W ap fè eksperyans lajwa, lapè, ak pwogresyon espirityèl amezi w ap entegre atribi L yo nan karaktè w. W ap etabli yon fondasyon pou kontinye suiv Li pandan tout lavi w tou.

Don Bondye

Atribi kretyen yo se don ki soti nan men Bondye. menm jan avèk tout bon bagay, don sa yo vini pa “lagras Papa Bondye, ak Senyè a Jezikri, ak Sentespri a” (Etè 12:41).

Konsantre sou Kris la pandan w ap chèche kiltive atribi sa yo (gade Doktrin ak Alyans 6:36). Atribi sa yo pa atik ki sou yon pou w tcheke. Se pa teknik ou devlope nan yon pwogram devlopman pèsonèl. Ou pa akeri yo sèlman gras a detèminasyon pèsonèl. Men pito, ou ka resevwa yo pandan w ap fè efò pou w vin yon disip Jezikri ki pi devwe.

Priye pou Bondye beni w avèk atribi sa yo. Rekonèt avèk imilite feblès ou yo ak nesesite w pou w gen pouvwa Li nan lavi w. Lè w fè sa, L ap “fè bagay ki fèb yo vin fò pou [ou].” (Etè 12:27).

Yon Pwosesis Gradyèl

Vin pi sanble avèk Sovè a se yon pwosesis gradyèl ki dire tout lavi. Avèk yon dezi pou fè Bondye plezi, amelyore yon desizyon alafwa.

Se pou w gen pasyans avèk tèt ou. Bondye konnen ke chanjman ak pwogresyon pran tan. Li kontan pou dezi sensè w yo epi L ap beni ou pou chak efò ou fè yo.

Lè w ap chèche vin pi sanble avèk Kris la, dezi w yo, panse w yo, ak aksyon w yo ap chanje. Gras a Ekspyasyon Jezikri a ak pouvwa Sentespri a, vrè nati w ap rafine (gade nan Mozya 3:19).

Imaj
Parley P. Pratt

Sentespri a elaji ak agrandi kapasite nou. Li “enspire vèti, jantiyès, bonte, tandrès, dousè, ak charite. … An rezime, li se, kòm si se te, mwèl pou zo nou, lajwa pou kè nou, limyè pou je nou, mizik pou zòrèy nou, ak lavi pou tout noumenm (Parley P. Pratt, Key to the Science of Theology (Kle Syans Teyoloji a) [1855], 98–99).

Etid Ekriti

Kisa ekriti sa yo anseye konsènan suiv egzanp Jezikri?

Kisa w ka aprann nan ekriti sa yo konsènan chèche atribi kretyen?

Imaj
Leve epi Mache, pa Simon Dewey

Lafwa nan Jezikri

Pou lafwa mennen nan sali, ou dwe santre l nan Jezikri (gade nan Travay 4:10–12; Mozya 3:17; Mowoni 7:24–26). Lè w gen lafwa nan Kris la, ou kwè nan Li kòm Sèl Pitit Literal Bondye. Ou gen konfyans ke si w repanti, w ap jwenn padon pou peche w yo gras a sakrifis ekspyatwa L la epi w ap sanktifye pa Sentespri a (gade nan 3 Nefi 27:16, 20).

Lafwa se pa genyen yon konesans pafè. Se yon asirans pito nan men Lespri a sou bagay ou pa wè men ki vrè. (Gade nan Alma 32:21.)

Ou eksprime lafwa w atravè aksyon. Aksyon sa yo enkli suiv ansèyman ak egzanp Sovè a. Yo enkli sèvi lòt moun epi ede yo chwazi pou yo suiv Kris la. Ou eksprime lafwa a tou atravè dilijans, repantans, ak lanmou.

Lafwa se yon prensip pouvwa. Lè w egzèse lafwa nan Jezikri, w ap beni avèk pouvwa Li ki ap adapte a sikonstans ou an. W ap kapab fè eksperyans mirak tou selon volonte Senyè a. (Gade nan Jakòb 4:4–7; Mowoni 7:33; 10:7.)

Lafwa w nan Jezikri ap grandi pandan w ap vin pi byen konnen Li ak ansèyman L yo. L ap ogmante lè w sonde ekriti yo, priye sensèman, ak obeyi kòmandman yo. Dout ak peche diminye lafwa.

Imaj
Èldè Neil L. Andersen

“Lafwa se pa sèlman yon santiman, se yon desizyon. Avèk priyè, etid, obeyisans, ak alyans, nou bati ak fòtifye lafwa nou. Konviksyon nou sou Sovè a ak sou travay dènye jou L la vin tounen lantiy puisan ki sèvi nou jije tout lòt bagay. Apre sa, lè nou twouve nou nan founo lavi a, … nou gen fòs pou nou suiv bon wout la” (Neil L. Andersen, “Il est vrai, n est-ce-pas? Alors, rien d autre ne compte?Liahona, Me 2007, 74).

Etid Ekriti

Kisa Lafwa Ye?

Kijan w jwenn lafwa, e kisa ou ka fè atravè lafwa?

Ki benediksyon ki vini pa lafwa?

Imaj
Espwa Resisite, pa Joseph Brickey

Espwa/

Espwa se pa senpleman swè. Okontrè, se yon asirans konstan, ki ankre nan lafwa w nan Kris la, ke Bondye ap akonpli pwomès Li fè w yo (gade nan Mowoni 7:42). Se atann “bon bagay ki gen pou vini” yo atravè Kris la (Ebre 9:11).

Dènye sous espwa w la se Jezikri. Pwofèt Mòmon te mande, “Kisa nou dwe espere?” Apre sa li te reponn, “Gade, m di nou, nou dwe gen esperans nan ekspyasyon Kris la ak pouvwa rezirèksyon l lan, pou nou resisite nan lavi etènèl, e se poutèt lafwa nou nan li, daprè pwomès la.” (Mowoni 7:41; gade vèsè 40–43).

Lè w santre espwa w nan Kris la, ou gen asirans ke tout bagay apral mache pou byen w (gade Doktrin ak Alyans 90:24). Asirans sa a ede w pèsevere ak lafwa lè w ap travèse eprèv. Li ka ede w pwogrese gras ak eprèv yo tou e devlope rezilyans ak fòs espirityèl. Espwas nan Kris la pote yon ankraj pou nanm ou (gade nan Etè 12:4).

Espwa ba w konfyans ke Bondye apmayifye efò dilijan ak jis ou yo (gade nan Doktrin ak Alyans 123:17).

Yon fason pou ogmante espwa se atravè repantans. Vin pwòp ak padone gras ak sakrifis ekspyatwa Jezikri a pote esperans e fè esperans reviv (gade nan Alma 22:16).

Nefi te ba nou egzòtasyon sa a: “Nou dwe avanse avèk fèmte nan Kris la, avèk yon esperans pafètman klè, e avèk yon lanmou pou Bondye ak pou tout moun” (2 Nefi 31:20). Lè nou viv levanjil la, n ap ogmante kapasite nou pou “espwa nou va toujou ap grandi” (Women 15:13).

Imaj
Prezidan Dieter F. Uchtdorf

“Nan moman detrès, nou ka kenbe fèm nan esperans ke tout bagay ‘va mache ansanm pou byen [nou]’ si nou suiv konsèy pwofèt Bondye yo. Kalite esperans nan Bondye sa a, nan bonte Li, ak pouvwa Li, rafrechi nou avèk kouraj pandan difikilte yo epi pote fòs pou moun ki santi yo menase pa miray laperèz, dout, ak dezespwa ki antoure yo” (Dieter F. Uchtdorf, “Pouvwa Enfini Esperans,” Liahona, Nov. 2008, 23).

Etid Ekriti

Kisa esperans ye, e kisa nou espere?

Imaj
Kris la ak Timoun yo, pa Minerva Teichert

Charite ak Lanmou

Gen yon mesye ki te mande Jezi yon fwa, “Ki pi gwo kòmandman ki genyen nan lalwa a?” Jezi te reponn: “Se pou ou renmen Senyè a, Bondye w la, ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout lide w. Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan. “Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou” (Matye 22:36–39).

Charite se “lanmou pi Kris la” (Mowoni 7:47). Li enkli lanmou etènèl Bondye pou tout Pitit Li yo.

Pwofèt Mòmon te anseye, “Priye Papa a avèk tout enèji kè nou, pou nou kapab chaje avèk lanmou sa a” (Mowoni 7:48). Si w priye pou w gen charite ranpli kè w, w ap goute lanmou Bondye. Lanmou w pou moun ap ogmante, epi w ap vin santi yon sousi sensè pou bonè etènèl yo. W ap vin wè yo kòm pitit Bondye avèk potansyèl pou yo vin menm jan avèk Li, epi w ap travay pou yo.

Si w priye pou w gen don charite a, w ap vin gen mwens tandans pou w rete sou santiman negatif tankou kòlè oswa lanvi. W ap vin gen mwens tandans pou jije oswa kritike lòt moun. W ap vin gen plis dezi pou w eseye konprann yo ak pwendvi yo. W ap vin gen plis pasyans epi w ap eseye ede moun lè y ap lite oubyen yo dekouraje. Gade nan Mowoni 7:45.)

Menn jan avèk lafwa, charite mennen nan aksyon. Ou fòtifye l lè w sèvi lòt moun epi w bay tèt ou.

Charite transfòme nou. Pè Selès la devèse l “sou tout moun ki se vrè disip Pitit Gason l lan, Jezikri; … pou lè l parèt, pou nou kapab tankou l, … pou nou pirifye menm jan li pi a” (Mowoni 7:48).

Etid Ekriti

Kisa charite ye?

Kijan Jezikri te demontre charite?

Kisa w ka aprann sou charite nan ekriti sa yo?

Imaj
Estè (Rèn Estè), pa Minerva Teichert

Vèti

Atik Lafwa yo deklare “Nou kwè nou dwe … gen vèti,” (1:13). Vèti se yon modèl panse ak konpòtman ki baze sou prensip moral elve. Se fidelite anvè Bondye ak lòt moun. Yon pati esansyèl nan vèti se fè fòse nou pou nou pwòp ak pi espirityèlman ak fizikman.

Vèti soti nan panse w yo ak dezi w yo. Senyè a di: “Se pou vèti gani panse w san rete,” (Doktrin ak Alyans 121:45). Konsantre sou panse ki jis ak edifyan. Chase panse ki pa diy yo soti nan lespri w olye ke w rete sou yo.

Lespri w se tankou yon estrad nan yon teyat. Si w kite panse ki pa diy yo rete sou sèn lespri ou, ou plis gen risk pou w peche. Si w ranpli lespri w aktivman avèk bagay ki pwòp, w ap plis kapab anbrase sa ki gen vèti e chase sa ki mal. Se pou w gen sajès nan sa w ap kite antre ak rete sou sèn lespri w.

Si w fè efò pou w viv yon lavi plen vèti, “konfyans ou ap grandi anpil nan prezans Bondye; epi …Sentespri a ap konpayon ou tout tan” (Doktrin ak Alyans 121:45–46).

Etid Ekriti

Kisa sa vle di pou moun vètye?

Entegrite

Entegrite soti nan premye gran kòmandman pou renmen Bondye a (gade Matye 22:37). Paske w renmen Bondye, ou fidèl anvè Li tout tan. menm jan ak pitit gason Elaman yo, ou “mache dwat devan li” (Alma 53:21).

Lè w gen entegrite, ou konprann ke gen byen ak mal epi gen yon verite absoli—verite Bondye a. Ou itilize libabit ou pou chwazi selon verite Bondye a, epi ou repanti rapidman lè w pa fè sa. Sa w chwazi panse—ak sa w fè lè w panse okenn moun p ap gade—se yon trè bon mezi pou entegrite ou.

Imaj
Danyèl nan Twou Lyon an, pa Clark Kelley Price

Entegrite vle di ke w p ap bese prensip oswa konpòtman w pou w ka enpresyon lòt moun oubyen pou yo aksepte ou. Ou fè sa ki dwat menm lè lòt moun ap moke dezi w pou rete fidè anvè Bondye a (gade nan 1 Nefi 8:24–28). Ou viv avèk onè nan tout sikonstans, enkli fason ou reprezante tèt ou anliy.

Lè w gen entegrite, ou respekte alyans ou fè avèk Bondye yo osibyen ke angajman jis ou yo anvè lòt moun.

Entegrite mande pou w onèt avèk Bondye, avèk tèt ou, ak dirijan ou, ak lòt moun. Yo pa bay manti, yo w pa vòlè, ni triche. Lè w fè yon bagay ki mal, ou aksepte responsablite a epi w repanti olye ke w eseye jistifye l oswa defann li.

Lè w viv avèk entegrite, w ap gen lapè enteryè ak respè pou tèt ou. Senyè a ak lòt moun ap gen konfyans nan ou.

Etid Ekriti

Kijan Jezi te montre entegrite menm nan moman ki te pi vilnerab Li yo?

Kijan jèn gèrye yo nan lame Elaman an te montre entegrite?

Kijan Danyèl te montre entegrite? Kijan Bondye te beni Danyèl pou entegrite li?

Poukisa Senyè a te renmen Hyrum Smith, frè Joseph Smith la?

Imaj
Ajoute Vèti sou Lafwa, Walter Rane

Konesans

Senyè a konseye, “Chèche konesans, menm pa etid epi pa lafwa” (Doktrin ak Alyans 88:118). Pandan misyon w lan ak pandan tout lavi w, chèche konesans, sitou konesans espirityèl.

Etidye ekriti yo chak jou, ansanm avèk pawòl pwofèt vivan yo. Chèche èd pou kesyon, pwoblèm, ak opòtinite espesifik nan etid ak lapriyè. Chèche pasaj ekriti ou ka itilize lè w ap anseye ak reponn kesyon sou levanjil la.

Lè w etidye avèk dilijans e nan yon espri lapriyè, Sentespri a ap eklere lespri w. L ap anseye w epi ba w konpreyansyon. L ap ede w aplike ansèyman ki nan ekriti yo an nan pawòl pwofèt vivan yo nan lavi ou. Menm jan avèk Nefi, ou kapab di:

“Nanm mwen pran plezi nan ekriti yo, e kè m medite sou yo. … Gade, nanm mwen pran plezi nan bagay Senyè a yo; e kè m medite tout tan sou bagay m te tande ak wè yo” (2 Nefi 4:15–16).

Etid Ekriti

Kijan konesans ou ka ede w fè travay Senyè a?

Kijan w ka jwenn konesans?

Imaj
silwèt yon moun solèy la antoure

Pasyans

Pasyans se kapasite pou w kwè nan Bondye lè w ap fè fas a reta, opozisyon, oswa soufrans. Atravè lafwa ou, ou kwè nan kalandriye Bondye nan sa ki konsène benediksyon Li pwomèt pou l ba ou yo.

Lè w gen pasyans, ou gade lavi a avèk yon pèspektiv etènèl. Ou pa atann benediksyon ni rezilta imedya. an jeneral, dezi jis ou yo ap reyalize “liy apre liy, … yon tikras isit yon ti kras lòtbò” (2 Nefi 28:30). Kèk nan dezi jis ou yo gen dwa pap reyalize avan fen lavi sa a.

Pasyans se pa inaktivite ni reziyasyon pasif. Se “[fè] tout sa ki nan pouvwa [w] avèk kè kontan” pandan w ap sèvi Bondye (Doktrin ak Alyans 123:17). Ou plante semans lan, ou wouze l, ou nouri l, epi Bondye fè l grandi, “tikal pa tikal” (Alma 32:42; gade tou nan 1 Korentyen 3:6–8). Ou travay an patenarya avèk Bondye, ak konfyans ke lè w fè pati pa w la, L ap akonpli travay Li a nan tan L prevwa a e selon libabit chak moun.vle di

Pasyans vle di tou ke lè yon bagay pa ka chanje, ou fini pa aksepte l avèk kouraj, lagras, ak lafwa.

Devlope pasyans avèk lòt moun, enkli konpayon w ak moun w ap sèvi yo. Gen pasyans avèk tèt ou. Fè efò w pou rete pi bon vèsyon de oumenm pandan w ap reyalize ke w ap pwogrese etap pa etap.

Menm jan avèk lòt atribi kretyen yo, pwogrese nan pasyans se yon pwosesis tout lavi. Egzèse pasyans kapab gen yon enfliyans gerisè sou nanm ou ak sou moun bò kote ou.

Imaj
Prezidan Dieter F. Uchtdorf

“Pasyans vle di tann epi pèsevere nan yon fason aktif. Li vle di kenbe yon bagay epi fè tout sa nou kapab—travay, espere, ak egzèse lafwa; pandan n ap sipòte pwoblèm yo avèk kouraj, menm lè dezi kè nou yo pa reyalize tousuit. Pasyans se pa senpleman pèsevere; men se byen pèsevere!” (Dieter F. Uchtdorf, “Kontinye avèk Pasyans,” Liahona, Me 2010, 57).

Etid Pèsonèl

Etidye Mozya 28:1–9.

  • Ki sa ki te dezi pitit gason Mozya yo?

  • Kisa Senyè a te konseye misyonè sa yo? (Gade nan Alma 17:10–11; 26:27.)

  • Ki rezilta pasyans yo ak dilijans yo te pote? (Gade nan Alma 26.)

Ekri repons yo nan jounal etid ou.

Etid ekriti

Poukisa pasyans enpòtan? Ki rapò ki genyen ant pasyans e lafwa?

Imaj
An bon tèm avèk Bondye (Jezi ap Priye avèk Manman L), pa SImon Devwey

Imilite

Imilite se dispozisyon pou soumèt anba volonte Senyè a. Se dispozisyon pou ba L onè pou sa w akonpli. Se dispoze pou w aprann (gade Doktrin ak Alyans 136:32). Imilite enkli gratitid pou benediksyon Bondye yo ak rekonèt ke w toujou bezwen èd Li. Li ede moun ki enb yo.

Imilite se yon siy fòs espirityèl, se pa siy feblès. Imilite se yon katalizè vital pou kwasans espirityèl (gade nan Etè 12:27).

Lè w mete konfyans nan Senyè a enbleman, ou ka gen asirans ke kòmandman L yo se pou byen w. Ou gen konfyans ke w ka fè kèlkeswa sa L mande w la si w apiye sou Li. Ou dispoze tou pou w kwè nan sèvitè L yo epi suiv konsèy yo. Imilite ap ede w pou w obeyisan, travay di, ak sèvi.

Kontrè imilite se lògèy. Yon moun ki ògeye mete pi gwo konfyans nan tèt li olye de nan Bondye. Epitou li mete bagay mond lan anlè bagay Bondye yo. Lògèy pouse moun fè konpetisyon; moun ki ògeye yo chèche pou yo gen plis pase lòt e yo panse ke yo pi bon pase lòt. Lògèy se yon gwo pyèdachopman.

Etid ekriti

Kisa enb vle di?

Ki benediksyon ou resevwa lè w gen imilite?

Kijan w ka rekonèt ògèy nan oumenm?

Imaj
Pòl, apot la, ki ap anseye yon foul moun

Dilijans

Dilijans se efò konsistan, sensè. Nan travay misyonè, dilijans se yon ekspresyon ki montre lanmou w pou Senyè a. Lè w dilijan, ou jwenn jwa ak satisfaksyon nan travay Senyè a (gade nan Alma 26:16).

Dilijans enplike fè anpil bon bagay pa pwòp volonte w olye ke w ap tann pou dirijan di w kisa pou w fè (gade Doktrin ak Alyans 58:27–29).

Kontinye fè byen menm lè sa difisil oubyen w fatige. Sepandan, ou dwe rekonèt lè nesesite balans ak repo pou w pa “kouri pi vit pase [ou gen] fòs” (Mozya 4:27).

Santre kè w ak enterè w sou Senyè a ak travay Li a. Evite bagay ki ap detounen w de priyorite w yo. Konsantre tan w ak efò w sou aktivite ki ap pi efikas nan zòn ou an ak pi itil pou moun w ap anseye yo.

Imaj
Prezidan Henry B. Eyring

“Sa a se Legliz Senyè a. Li te rele nou epi Li te fè nou konfyans menm nan feblès Li te konnen nou genyen yo. Li te konnen eprèv nou t ap travèse yo. Nou ka vin vle sa L vle epi vin sa nou dwe ye pa sèvis fidèl e gras a Ekspyasyon L lan, pou nou ka beni moun n ap sèvi pou Li yo. Lè n ap sèvi li sifizaman lontan epi avèk dilijans, n ap vin chanje. Nou ka vin menm plis sanble avèk Li” (Henry B. Eyring, “Aji an Tout Dilijans,” Liahona, Me 2010, 62–63).

Etid ekriti

Kisa sa vle di pou nou dilijan?

Poukisa Senyè a atann pou nou dilijan?

Ki rapò ki genyen ant dilijans ak libabit?

Imaj
De Mil Jèn Gèrye yo (De Mil Jèn Gèrye), pa Arnold Friberg

Obeyisans

Sèvis misyonè w la se yon pwolonjman alyans ou te fè avèk Bondye nan batèm ak nan tanp lan. Lè w te resevwa òdonans batèm ak dotasyon yo, ou te fè alyans pou w te respekte kòmandman L yo.

Wa Benjamen te anseye: “M ta vle nou konsidere benediksyon ak bonè moun sa yo ki respekte kòmandman Bondye yo. Gade, yo beni nan tout bagay, ni tanporèl ni espirityèl; e si yo rete fidèl jiskalafen, y ap jwenn akèy nan syèl la, pou yo kapab rete avèk Bondye nan yon kalite bonè ki p ap janm fini.” (Mozya 2:41).

Obeyi kòmandman yo se yon ekspresyon lanmou nou pou Pè Selès la ak Jezikri (gade nan Jan 14:15). Jezi di: “Si w obeyi kòmandman m yo, w ap demere nan lanmou mwen; menm jan m te obeyi kòmandman Papa m yo, epi m abite nan amou li” (Jan 15:10).

Suiv direksyon ki nan Règ Misyonè pou Disip Jezikri yo. Epitou suiv konsèy prezidan misyon w lan ak madanm li pandan y ap konseye w an tout jistis.

Imaj
Èldè Dale G. Renlund

“Obeyisans se yon chwa. Sovè a te rann sa klè. Jan yo deklare nan Tradiksyon Joseph Smith pou Lik 14:28, ‘Se poutèt sa, mete sa nan kè w, ke w ap fè sa m pral anseye w yo, ak sa m pral kòmande w yo.’ Sa senp. … Lè nou fè sa, estabilite espirityèl nou ap ranfòse anpil. N ap evite gaspiye resous Bondye ba nou yo ak fè detou ki pa pwodiktif e ki destriktè nan lavi nou” (Dale G. Renlund, “Konstwi Estabilite Espirityèl” [reyinyon espirityèl Inivèsite Brigham Young, Sept. 16, 2014], 2, speeches.byu.edu).

Etid ekriti

Kisa w ka aprann konsènan obeyisans nan ekriti sa yo?

Imaj
Kris la ak Pechè Pwason yo (Èske W Renmen Moun Sa yo), J. Kirk Richards

Yon Modèl Pou nou Vin Pi Sanble avèk Kris la

Modèl sa a ka ede w devlope ak resevwa atribi yo dekri yo nan chapit sa a ak lòt atribi yo dekri nan ekriti yo:

  • Idantifye ki atribi w ta renmen akeri.

  • Ekri deskripsyon atribi a.

  • Fè lis epi etidye kèk pasaj ekriti ki montre egzanp atribi a oubyen ki anseye osijè li.

  • Ekri santiman w ak enpresyon w.

  • Fikse bi epi fè plan pou w pwogrese nan atribi sa a.

  • Priye pou Bondye ede w devlope ak resevwa atribi a.

  • Evalye pwogrè w regilyèman.

Imaj
Èldè Jeffrey R. Holland

“Senyè a beni moun ki vle amelyore, ki aksepte ke yo bezwen kòmandman yo epi k ap eseye respekte yo, ki apresye vèti kretyen yo epi ki ap fè tout efòs yo kapap pou yo akeri vèti sa yo. Si w trebiche pafwa nan tantativ sa a, sa rive tout moun; Sovè a la pou L ede w kontinye avanse. … Byen vit w ap gen siksè w ap chèche a” (Jeffrey R. Holland, “Demen Senyè a Ap Fè Mèvèy nan Mitan Nou,” Lyawona, Me 2016, 126).

Etid pèsonèl

Idantifye yon kalite nan chapit sa a oubyen nan ekriti yo. Suiv modèl yo fèk dekri a pou w konprann ak chèche gen atribi a.

Gade badj misyonè w la. Ki diferans ki genyen ant badj ou mete a e badj anplwaye yon konpayi mete? Note ke de pati prensipal yo se non w ak non Sovè a.

  • Kijan w ka reprezante Sovè a pi byen kòm youn nan disip Li yo?

  • Poukisa li enpòtan pou moun asosye non w avèk non Sovè a nan yon fason pozitif?

Ekri panse w yo nan jounal etid ou a.

Etid ekriti

Revize atribi ki nan lis ki nan ekriti sa yo. Ekri nenpòt enpresyon ou genyen nan jounal etid ou a.


Ide pou Etid ak Aplikasyon

Etid pèsonèl

  • Peryodikman, konplete “Aktivite sou Atribi” ki nan fen chapit sa a.

  • Idantifye yon atribi nan chapit sa a. Mande tèt ou:

    • Kijan m ka aprann plis sou atribi sa a?

    • Kijan chèche akeri atribi sa a ap ede m vin yon pi bon reprezantan levanjil Jezikri a?

  • Jwenn egzanp atribi kretyen nan lavi gason ak fi yo nan ekriti yo. Ekri enpresyon w nan jounal etid ou a.

  • Jwenn egzanp atribi Kretyen nan mizik sakre Legliz la. Pandan w ap chèche yon atribi, memorize pawòl kantik yo oubyen chan yo pou w ka jwenn fòs ak pouvwa. Repete oubyen chante pawòl yo pou tèt ou pou enspirasyon ak pou envite enfliyans Lespri a.

Etid avèk Konpayon ak Echanj Konpayon

  • Etidye referans a atribi Kretyen yo nan Medyatèk Levanjil la oswa nan lòt resous ki apwouve. Diskite sou fason pou w aplike sa ou aprann yo. Ou gen dwa diskite sou sa w aprann nan efò pèsonèl ou pou w vin tankou Kris la.

Konsèy Distri, Konferans Zòn, ak Konsèy pou Dirijan Misyon

  • Plizyè jou anvan konsèy oswa konferans lan, mande chak misyonè pou yo prepare yon diskou senk-minit sou yon atribi kretyen. Bay tan nan reyinyon an pou kèk misyonè pataje diskou yo.

  • Divize misyonè yo an kat gwoup epi ba yo tach sa a:

    Gwoup 1: Li 1 Nefi 17:7–16 epi reponn kesyon sa yo:

    • Kijan Nefi te egzèse lafwa li?

    • Kisa Nefi te fè ki te te yon bagay kretyen?

    • Ki pwomès Senyè a te fè Nefi?

    • Kijan istwa sa a aplike a travay misyonè?

    Gwoup 2: Li Mak 5:24–34 epi reponn kesyon sa yo:

    • Kijan fi sa a te egzèse lafwa nan Jezikri?

    • Poukisa li te geri?

    • Kijan nou ka suiv egzanp li nan efò misyonè nou yo?

    Gwoup 3: Li Jakòb 7:1–15 epi reponn kesyon sa yo:

    • Poukisa lafwa Jakòb te solid ase pou l te reziste anba atak Cherèm nan?

    • Kijan Jakòb te egzèse lafwa lè l te pale avèk Cherèm?

    • Nan kisa aksyon Jakòb yo te Kretyen?

    Gwoup 4: Li Istwa—Joseph Smith 1:8–18 epi reponn kesyon sa yo:

    • Kijan Joseph Smith te egzèse lafwa nan Jezikri?

    • Ki eprèv lafwa l te pase?

    • Kisa l te fè ki te yon bagay kretyen?

    • Kijan nou ka suiv egzanp Joseph Smith lan?

    Apre gwoup yo fini, reyini misyonè yo ansanm epi mande yo pou yo pataje sa yo te diskite yo.

Dirijan Misyon ak Konseye Misyon yo

  • Mande misyonè yo pou yo li youn nan kat Levanjil yo nan Nouvo Testaman an oubyen 3 Nefi 11–28. Fè yo souliyen sa Sovè a te fè ke yo kapab fè tou.

  • Itilize fikse bi ak planifikasyon pou anseye misyonè yo sou dilijans. Montre kijan dilijans nan konsantre sou moun se yon ekspresyon lanmou.

  • Pandan entèvyou oubyen nan konvèsasyon, mande misyonè yo pou yo pale de yon atribi Kretyen y ap chèche akeri.

Aktivite sou atribi

Objektif aktivite sa a se pou ede w idantifye opòtinite pou kwasans espirityèl. Li chak pwen ki anba la a. Deside nan ki pwem deklarasyon sa a vrè pou ou, epi chwazi repons apwopriye a. Ekri repons ou yo nan jounal etid ou a.

Okenn moun pa ka reponn “toujou” pou chak deklarasyon. Chanjman espirityèl se yon pwosesis ki dire pandan tout lavi. Se youn nan rezon ki fè li pasyonan ak rekonpansan—paske gen anpil opòtinite pou moun pwogrese ak fè eksperyans benediksyon kwasans.

Se pou w santii w alèz pou w kòmanse kote w ye a. Pran angajman pou w fè travay espirityèl ki nesesè pou w pwogrese a. Chèche èd Bondye. Lè w difikilte, se pou gen konfyans ke L ap ede w. Lè w ap priye, chèche èd pou w ka konnwn sou ki atribi pou w konsantre w nan moman diferan pandan misyon w lan.

Repons Kle

  • 1= jamè

  • 2= pafwa

  • 3= souvan

  • 4= prèske toujou

  • 5= toujou

Lafwa

  1. Men kwè nan Kris epi mwen aksepte L kòm Sovè m. (2 Nefi 25:29)

  2. Mwen santi m gen konfyans ke Bondye renmen m. (1 Nephi 11:17)

  3. Mwen gen ase konfyans nan Sovè a pou m aksepte volonte L ak fè sa L mande. (1 Nephi 3:7)

  4. Mwen kwè ke gras a Ekspyasyon Jezikri a ak pouvwa Sentespri a, mwen kapab jwenn padon pou peche m yo epi jwenn sanktifikasyon lè m repanti. (Enòs 1:2–8)

  5. Mwen gen lafwa ke Bondye tande ak reponn priyè m yo? (Mozya 27:14)

  6. Mwen panse a Sovè a pandan jounen an epi m sonje sa L fè pou mwen. (Doktrin ak Alyans 20:77, 79)

  7. Mwen gen lafwa ke Bondye ap reyalize bon bagay nan lavi m ak nan lavi lòt moun lè nou konsakre nou a Limenm ak Pitit Gason L lan. (Etè 12:12)

  8. Mwen konnen pa pouvwa Sentespri a ke Liv Mòmon an se verite. (Mowoni 10:3–5)

  9. Mwen gen lafwa pou m akonpli sa Kris vle m fè. (Mowoni 7:33)

Esperans

  1. Youn nan pi gwo dezi m se eritye lavi etènèl nan wayòm selès la. (Moroni 7:33)

  2. Mwen gen konfyans ke m ap fè yon misyon ki plen lajwa ak siksè. (Doktrin ak Alyans 31:3–5)

  3. Mwen santi m pezib ak optimis konsènan lavni. (Doktrin ak Alyans 59:23)

  4. Mwen kwè ke yon jou m ap abite avèk Bondye e m ap vin menm jan avèk Li. (Etè 12:4)

Charite ak Lanmou

  1. Mwen santi yon dezi sensè pou byennèt etènèl ak bonè lòt moun. (Mozya 28:3)

  2. Lè m priye, mwen mande charite—lanmou pi Kris la. (Mowoni 7:47–48)

  3. Mwen eseye konprann santiman lòt moun epi wè pwendvi yo. (Jid 1:22)

  4. Mwen padone lòt moun ki ofanse m oubyen ki fè m ditò. (Efezyen 4:32)

  5. Mwen lonje lamen ak lanmou pou ede moun ki solitè, ki ap lite, oubyen ki dekouraje. (Mozya 18:9)

  6. Lè sa apwopriye, mwen eksprime lanmou m ak sousi m pou lòt moun nan sèvi yo atravè pawòl ak aksyon. (Lik 7:12–15)

  7. Mwen chèche opòtinite pou sèvi lòt moun. (Mozya 2:17)

  8. Mwen di bagay pozitif sou lòt moun. (Doktrin ak Alyans 42:27)

  9. Mwen janti e pasyan avèk lòt moun, menm lè yo difisil pou w viv avèk yo. (Mowoni 7:45)

  10. Mwen jwenn jwa nan akonplisman lòt moun. (Alma 17:2–4)

Vèti

  1. Mwen pwòp ak pi nan kè. (Sòm 24:3–4)

  2. Mwen gen dezi pou m fè byen. (Mozya 5:2)

  3. Mwen konsantre sou panse pozitif ak edifyan epi m chase panse malsen yo nan lespri m. (Doktrin ak Alyans 121:45)

  4. Mwen repanti pou peche m yo epi m eseye simonte feblès mwen yo. (Doktrin ak Alyans 49:26–28; Etè 12:27)

  5. Mwen santi enfliyans Sentespri a nan lavi m. (Doktrin ak Alyans 11:12–13)

Entegrite

  1. Mwen fidèl anvè Bondye tout tan. (Mozya 18:9)

  2. Mwen pa janm bese prensip oubyen konpòtman m pou m ka enpresyone lòt moun oubyen pou yo ka aksepte m. (1 Nefi 8:24–28)

  3. Mwen onèt avèk Bondye, avèk tèt mwen, avèk dirijan m yo, ak lòt moun. (Doktrin ak Alyans 51:9)

  4. Moun ka konte sou mwen. (Alma 53:20)

Konesans

  1. Mwen gen konfyans nan konpreyansyon m sou doktrin ak prensip levanjil yo. (Alma 17:2–3)

  2. Mwen etidye ekriti yo chak jou. (2 Timote 3:16–17)

  3. Mwen chèche konprann verite a ak jwenn repons pou kesyon m yo. (Doktrin ak Alyans 6:7)

  4. Mwen chèche konesans ak èd atravè Lespri a. (1 Nefi 4:6)

  5. Mwen cheri doktrin ak prensip levanjil la. (2 Nefi 4:15)

Pasyans

  1. M ap tann ak pasyans pou benediksyon ak pwomès Senyè a fè m yo akonpli. (2 Nefi 10:17)

  2. Mwen kapab tann pou bagay yo fèt san m pa enève ni santi m kontrarye. (Women 8:25)

  3. Mwen gen pasyans avèk pwoblèm m ap konfwonte kòm misyonè yo. (Alma 17:11)

  4. Mwen gen pasyans ak lòt moun. (Women 15:1)

  5. Mwen gen pasyans avèk tèt mwen epi m konte sou Senyè a pandan m ap travay pou simonte feblès mwen yo. (Etè 12:27)

  6. M ap fè fas ak advèsite avèk pasyans ak lafwa. (Alma 34:40–41)

Imilite

  1. Mwen dou ak enb nan kè m. (Matye 11:29)

  2. Mwen konte sou Bondye pou ede m. (Alma 26:12)

  3. Mwen rekonesan pou benediksyon m resevwa nan men Bondye yo. (Alma 7:23)

  4. Priyè m yo fèvan ak sensè. (Enòs 1:4)

  5. Mwen apresye direksyon m resevwa nan men dirijan m yo ak enstriktè m yo. (2 Nefi 9:28–29)

  6. Mwen efòse pou m soumèt anba volonte Bondye. (Mozya 24:15)

Dilijans

  1. Mwen travay efikasman, menm pa gen moun k ap siveye mwen. (Doktrin ak Alyans 58:26–28)

  2. Mwen konsantre efò m sou bagay ki pi enpòtan yo. (Matye 23:23)

  3. Mwen fè yon priyè pèsonèl omwen defwa pa jou. (Alma 34:17–27)

  4. Mwen konsantre panse m sou apèl mwen kòm misyonè a. (Doktrin ak Alyans 4:2, 5)

  5. Mwen fikse bi epi m planifye regilyèman. (Doktrin ak Alyans 88:119)

  6. Mwen travay di jiskaske travay la konplete. (Doktrin ak Alyans 10:4)

  7. Mwen jwenn lajwa ak satisfaksyon nan travay mwen. (Alma 36:24–25)

Obeyisans

  1. Lè m priye, mwen mande fòs pou m reziste anba tantasyon ak pou m fè sa ki dwat. (3 Nefi 18:15)

  2. Mwen diy pou m gen yon rekòmandasyon tanp. (Doktrin ak Alyans 97:8)

  3. Mwen obeyi règ misyon yo ak tout kè m epi m suiv konsèy dirijan m yo. (Ebre 13:17).

  4. Mwen efòse m pou m viv an akò avèk lwa ak prensip levanjil yo. (Doktrin ak Alyans 41:5)