Ekriti yo
1 Nefi 10


Chapit 10

Leyi predi Babilonyen yo pral fè Juif yo prizonye—Li pale konsènan aparisyon yon Mesi, yon Sovè, yon Redanmtè nan pami Juif yo—Leyi pale tou, konsènan aparisyon moun ki gen pou batize Ti mouton Bondye a—Leyi pale konsènan lanmò ak rezirèksyon Mesi a—Li konpare dispèsyon ak rasanbleman Izrayèl la avèk yon pye oliv—Nefi pale konsènan Pitit Gason Bondye a, don Sentespri a ak nesesite pou lajistis. Anviwon 600–592 anvan Jezikri.

1 E, mwen menm Nefi, m pral rakonte sou plak sa yo, zafè pa m, epi gouvènman m ak ministè m; men, pou m kòmanse avèk istwa m nan, m dwe yon jan pale, konsènan bagay papa m yo ak frè m yo tou.

2 Paske reyèlman, se te konsa, lè papa m te fin rakonte pawòl rèv li a, epi lè l te fin egzòte frè m yo pou yo gen dilijans, li te pale yo konsènan Juif yo—

3 Lè yo fin detwi, gwo vil Jerizalèm nan, menm lè yo fin mennen anpil moun prizonye nan Babilòn daprè kalandrye Senyè a te prevwa Juif yo pral retounen ankò, wi, yo pral mennen yo sòti nan prizon; e lè yo fin mennen yo sòti nan prizon, yo pral genyen tè eritaj yo a ankò.

4 Wi, menm sissanzan apre papa m te fin kite Jerizalèm, yon pwofèt Senyè Bondye a t ap leve nan pami Juif yo—sa vle di yon Mesi oubyen m ta di, yon Sovè pou mond lan.

5 Epi tou li te pale konsènan pwofèt yo; kòman yon pakèt ladan yo te temwaye konsènan bagay sa yo, konsènan Mesi sa a li te pale a, oubyen Redanmtè sa a ki pou mond lan.

6 Se poutèt sa, tout limanite te nan yon eta pèdi ak dekadans, e yo t ap toujou rete nan eta sa a si yo pa depann sou Redanmtè sa a.

7 Epi tou, li te pale konsènan yon pwofèt k ap vini anvan Mesi a pou prepare chemen Senyè a—

8 Wi, li t apral menm rele nan dezè a: Prepare chemen Senyè a, fè wout li plat a; paske gen yon moun nan pami nou, ke nou pa konnen; e li pi puisan pase m, m pa diy pou m demare lasèt soulye l. Epi, papa m pale anpil konsènan bagay sa a.

9 Epi, papa m te di pwofèt sa a gen pou l batize moun nan Betabara, lòtbò Jouden an; e li di konsa li pral batize moun nan dlo; e li menm gen pou l batize Mesi a nan dlo.

10 Epi, lè l fin batize Mesi a nan dlo, l ap konnen e l ap rann temwayaj li te batize Ti Mouton Bondye a ki gen pou l retire peche mond lan.

11 Epi, se te konsa, lè papa m te fin pale pawòl sa yo, li te pale avèk frè m yo konsènan levanjil la ki te gen pou preche nan pami Juif yo, epi konsènan dejeneresans Juif yo nan enkwayans. Epi lè yo te fin touye Mesi ki gen pou l vini an, lè yo fin touye l, l ap resisite nan mitan mò yo pou l fè Janti yo konnen l atravè Sentespri a.

12 Wi, papa m menm te pale anpil konsènan Janti yo, e konsènan kay Izrayèl la. Yo te gen pou yo konsidere tankou yon pye oliv ki gen tout branch li kase, dispèse sou tout sifas tè a.

13 Se poutèt sa li te di, se nesesè pou nou mache ansanm ale nan tè pwomiz la pou pawòl Senyè a kapab akonpli, pou nou kapab dispèse sou tout sifas tè a.

14 Epi, lè kay Izrayèl la fin dispèse yo pral rasanble ansanm ankò, oubyen, nan dènye moman, lè Janti yo fin resevwa plenitid levanjil la, branch natirèl yo ki nan pye oliv la, oubyen rès kay Izrayèl la pral grefe ladan l, oubyen li pral vin konnen vrè Mesi a, Senyè li a, ak Redanmtè li a.

15 Epi, se avèk kalite langaj sa a papa m te pwofetize, li te pale avèk frè m yo, e li te di yo anpil lòt bagay m pa ekri nan liv sa a. Paske m te ekri tout sa ki te nesesè pou mwen nan lòt liv mwen an.

16 Tout bagay sa yo m fèk pale a te pase lè papa m te rete anba yon tant, nan vale ki rele Lemyèl la.

17 Epi, se te konsa, mwen menm Nefi, lè m te fin tande tout pawòl papa m yo konsènan bagay yo li te wè nan vizyon an, ak tout pawòl li te pale avèk pouvwa Sentespri a, pouvwa li te resevwa akoz lafwa li te genyen nan Pitit Gason Bondye a—epi Pitit Gason Bondye a se te Mesi ki te gen pou L vini an—mwen menm Nefi, m te vle wè, tande, epi konnen bagay sa yo avèk pouvwa Sentespri a, ki se kado Bondye bay tout moun ki chèche l avèk dilijans kit nan tan pase ak lè l ap manifeste tèt li devan pitit lèzòm.

18 Paske li se menm ayè, jodi a, pou tout tan; e chemen an prepare pou tout moun depi nan fondasyon mond lan, si yo repanti e si yo vin jwenn li.

19 Paske, yon moun ki chèche avèk dilijans ap jwenn; mistè Bondye yo ap louvri devan l avèk pouvwa Sentespri a kit kounyeya ak nan tan lontan, kit nan tan lontan ak tan k ap vini; paske chemen Senyè a se yon wonn etènèl.

20 Se poutèt sa, sonje, O mesye pou tout sa ou fè ou dwe prezante pou jijman.

21 Se poutèt sa si ou te chèche fè mechanste nan jou eprèv ou yo, lè sa a ou pap pwòp devan fotèy jijman Bondye a; e anyen sal pa kapab rete avèk Bondye; se poutèt sa y ap chase ou pou tout tan.

22 Epi Sentespri a bay otorite pou m pale bagay sa yo, e ni pou m pa nye yo.