Èd pou Etid
Sentespri


Sentespri

Twazyèm manm nan Divinite a (1 Jn. 5:7; D&A 20:28). Li se yon pèsonaj Lespri, paske li pa genyen yon kò fizik avèk san (D&A 130:22). Souvan moun fè referans a Sentespri a kòm Lespri a, oubyen Lespri Bondye.

Sentespri a ranpli anpil wòl vital nan plan sali a. (1) Li rann temwayaj konsènan Papa a ak Pitit Gason an (1 Kor. 12:3; 3 Ne. 28:11; Etè 12:41). (2) Li revele verite tout bagay (Jan 14:26; 16:13; Mowo. 10:5; D&A 39:6). (3) Li sanntifye moun ki repanti epi ki vin batize (Jan 3:5; 3 Ne. 27:20; Moyiz 6:64–68). (4) Li se Lespri Sen Pwomès la (D&A 76:50–53; 132:7, 18–19, 26).

Pouvwa Sentespri a kapab vin sou yon moun anvan batèm, pou temwaye l levanjil la se verite. Men, dwa pou yon moun gen konpayi Sentespri a tout tan, se yon don moun nan kapab resevwa sèlman anba enpozisyon men yon lòt moun ki gen Prètriz Mèlkisedèk, lè l fin resevwa batèm otorize nan vrè Legliz Jezikri a.

Jezi te anseye nou tout peche kapab padone eksepte blasfèm kont Sentespri a (Mat. 12:31–32; Mak 3:28–29; Lik 12:10; Ebre 6:4–8; D&A 76:34–35).