Ekriti yo
2 Nefi 9


Chapit 9

Jakòb eksplike ke Juif yo pral rasanble nan tout tè pwomiz yo—Ekspyasyon an rachte lèzòm anba Chit Adan an—Kò mò yo pral sòti nan tonb yo epi lespri yo pral sòti nan lanfè ak paradi—Yo pral jije—Ekspyasyon an sove moun anba lanmò, lanfè, dyab la ak touman san fen an—Jis yo pral sove nan wayòm Bondye a—Chatiman pou peche tabli—Sen Izrayèl la se gadyen pòt la. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 E, frè byenneme m yo, m te li bagay sa yo pou Nou kapab konnen konsènan alyans Senyè a te fè avèk tout kay Izrayèl la—

2 Alyans li te pale Juif yo pa mwayen bouch pwofèt sen li yo, menm depi nan kòmansman, pran depi nan yon jenerasyon jis nan yon lòt jenerasyon, jistan lè a rive pou yo retabli vrè legliz la, ak twoupo Bondye a; lè yo rasanble lakay yo sou eritaj yo a, e lè yo etabli nan tout tè pwomiz yo a.

3 Gade, frè byenneme m yo, m pale nou pawòl sa yo pou nou kapab rejwi, e pou nou leve tèt nou pou tout tan, poutèt benediksyon Senyè Bondye a pral vide sou tèt pitit nou yo.

4 Paske m konnen anpil moun nan pami nou te chèche konnen bagay ki dwe rive yo; se poutèt sa m konnen nou konnen kò nou dwe vyeyi pou l mouri, men, malgre sa, n ap wè Bondye avèk fizik nou.

5 Wi, m konnen nou konnen, avèk kò fizik li a, li pral fè moun ki nan Jerizalèm yo, kote nou te sòti a wè l; paske li nesesè pou sa fèt nan pami yo; paske li te nesesè pou gran Kreyatè a kite kò fizik li soumèt devan lèzòm, pou l mouri pou tout moun, pou tout moun kapab vin soumèt yo devan l.

6 Paske, kòm lanmò te pase sou tout moun, pou akonpli plan mizèrikòd gran Kreyatè a, dwe gen yon pouvwa rezirèksyon, e rezirèksyon an dwe vini pou lèzòm, poutèt chit Adan an; e chit Adan an te fèt poutèt transgresyon; e poutèt lèzòm te vin tonbe, Senyè a te rejte yo nan prezans li.

7 Se poutèt sa, dwe gen yon ekspyasyon enfini—si pa t gen yon ekspyasyon enfini koripsyon sa a pa t ap kapab vin enkoriptib. Se poutèt sa, premye jijman ki te tonbe sou lèzòm nan t ap dire pou tout tan. Epi konsa, kò sa a t ap tonbe pou l pouri, pou l tounen pousyè tankou manman l, ki se tè a, pou l pa janm leve ankò.

8 O sajès Bondye, mizèrikòd li ak lagras li! Paske si a pa t ap janm leve, lespri nou t ap soumèt li anba zanj sa a ki te tonbe sòti nan prezans Bondye Etènèl la e ki te vin tounen dyab la, pou l pa janm leve ankò.

9 Epi lespri nou t ap vin tankou l, e nou t ap vin tounen dyab, zanj yon dyab, pou yo fèmen nou deyò nan prezans Bondye nou an, e pou nou rete avèk papa manti yo nan mizè tankou limenm; wi, anba èt sa ki te twonpe premye paran nou yo, ki te transfòme kò l prèske tankou yon zanj limyè, e k ap eksite pitit lèzòm nan konbinezon sekrè asasina ak tout kalite zèv sekrè fènwa.

10 O, bonte Bondye nou an gran anpil, li prepare yon fason pou nou chape anba priz mons terib sa a; wi, mons sa a, lanmò ak lanfè m rele lanmò kò a ak lanmò lespri a.

11 Epi poutèt chemen delivrans Bondye nou an, Sen Izrayèl la, lanmò m te pale a, ki se lanmò tanporèl la, pral delivre mò li yo; lanmò sa ki se tonb la.

12 Epi lanmò sa m te pale a, ki se lanmò espirityèl la pral delivre mò l yo; lanmò espirityèl sa a se lanfè; se poutèt sa, lanmò ak lanfè dwe delivre mò yo, e lanfè dwe delivre lespri prizonye li yo, e tonb la dwe delivre kò prizonye li yo, e kò lèzòm ak lespri yo pral vin restore youn nan lòt; e se avèk pouvwa rezirèksyon Sen Izrayèl la.

13 O, plan Bondye nou an gran anpil! Paske, nan yon lòt sans, paradi Bondye a dwe delivre lespri moun ki jis yo, epi tonb la dwe delivre kò moun ki jis yo; e lespri a ak kò a restore ansanm ankò, e tout moun pral vin enkoriptib, imòtèl, e yo se nanm vivan, yo gen yon konesans pafè tankou nou menm ki nan kò fizik la, eksepte, konesans nou pral vin pafè.

14 Se poutèt sa, nou pral gen yon konesans pafè konsènan tout fòt nou, ak salte nou ak toutouni nou; e moun ki jis yo pral gen yon konesans pafè konsènan bonè yo, e jistis yo, paske yo pral kouvri avèk sentete, wi, reyèlman avèk wòb lajistis la.

15 E, se pral konsa, lè tout moun fin sòti anba premye lanmò a pou yo gen lavi, jistan yo vin imòtèl, yo dwe prezante yo devan fotèy jijman Sen Izrayèl la; lè sa a, jijman an pral vini, lè sa a, yo dwe jije daprè jijman sen Bondye a.

16 Epi asireman, menm jan Senyè a vivan, paske Senyè Bondye a te pale sa, e se pawòl letènèl li, ki pa kapab fini, li te di, moun ki jis yo ap toujou rete jis, e moun ki sal yo ap toujou rete sal; konsa, moun ki sal yo se dyab la ak zanj li yo; e yo prale nan dife san fen an, ki te prepare pou yo; e touman yo tankou yon lak dife ak souf, flanm dife sa monte pou tout tan e li pa gen finisman.

17 O, grandè ak jistis Bondye nou an! Paske li egzekite tout pawòl li yo, yo te sòti nan bouch li e lalwa li dwe akonpli.

18 Men, gade, moun ki jis yo, sen yo ki pou Sen Izrayèl la, moun yo ki te kwè nan Sen Izrayèl la, moun yo ki te pote kwa mond lan, e ki te meprize wont mond lan, y ap eritye wayòm Bondye a, ki te prepare pou yo depi nan fondasyon mond la, e lajwa yo ap total pou tout tan.

19 O, grandè mizèrikòd Bondye nou an, Sen Izrayèl la! Paske li delivre sen li yo anba mons terib sa a, dyab la, ak lanmò, ak lanfè, ak lak dife ak souf sa a, ki se touman san fen an.

20 O, sentete Bondye nou an gran anpil! Paske li konnen tout bagay e pa gen anyen li pa konnen.

21 Epi li vini nan mond lan pou l kapab sove tout moun ki koute vwa l; paske gade, li soufri doulè tout moun, wi doulè tout kreyati vivan, ni gason, ni fi, ak timoun ki fè pati nan fanmi Adan an.

22 Epi li soufri sa a pou rezirèksyon an kapab vini pou tout moun, pou tout moun kapab kanpe devan l nan gran jou jijman an.

23 Epi li kòmande tout moun pou yo repanti, e pou yo batize nan non l, pou yo gen yon lafwa pafè nan Sen Izrayèl la, san sa yo pa kapab sove nan wayòm Bondye a.

24 Epi si yo pa repanti, kwè nan non l, batize nan non l, e pèsevere jiska lafen, yo dwe dane; paske Senyè Bondye a, Sen Izrayèl la te di sa.

25 Se poutèt sa, a li te bay lalwa a; e kote ki pa gen lalwa, pa gen chatiman; e kote ki pa gen chatiman, pa gen kondanasyon; e kote ki pa gen kondanasyon, mizèrikòd Sen Izrayèl la gen pouvwa sou yo, poutèt ekspyasyon an; paske pouvwa l delivre yo.

26 Paske ekspyasyon an satisfè egzijans lajistis li a sou tout moun ki pa t resevwa lalwa a, konsa yo delivre anba mons terib sa a, lanmò ak lanfè a, ak dyab la, lak dife ak souf la, ki se touman san fen an; e yo restore pou Bondye sa a ki te ba yo souf la, ki se Sen Izrayèl la.

27 Men, malè moun ki resevwa lalwa a, wi, ki resevwa tout kòmandman Bondye yo, tankou nou, e ki transgrese yo, e ki gaspiye jou eprèv li yo, paske ka l ap grav!

28 O, plan mètdam malen an! O, vanite ak frajilite, ak foli lèzòm! Lè yo save, yo panse yo gen lasajès e yo pa koute konsèy Bondye, yo voye l sou kote, paske yo panse yo konnen pou tèt pa yo, se poutèt sa, lasajès yo a se foli e li pa sèvi yo anyen. E y ap peri.

29 Men, li bon pou moun save, si yo koute konsèy Bondye.

30 Men malè moun ki rich, ki rich avèk bagay mond lan. Paske, poutèt yo rich, yo meprize pòv yo, yo pèsekite moun ki dou yo e yo mete lide yo sou trezò; se poutèt sa trezò yo se bondye yo. Epi gade, trezò yo pral peri avèk yo tou.

31 Epi, malè moun soud ki pa vle tande; paske y ap peri.

32 Malè avèg ki pa vle wè; paske y ap peri tou.

33 Malè moun ki pa sikonsi kè yo, paske konesans inikite yo pral frape yo nan dènye jou a.

34 Malè yon mantè, paske l ap desann nan lanfè.

35 Malè yon asasen ki touye moun ak premeditasyon, paske l ap mouri.

36 Malè moun ki fè abominasyon seksyèl, paske y ap voye yo desann nan lanfè.

37 Wi, malè moun k ap adore zidòl, paske tout dyab yo pran plèzi nan yo.

38 Epi, alafen, malè tout moun ki mouri nan peche yo; paske y ap retounen jwenn Bondye, e y ap wè figi l, e y ap rete nan peche yo.

39 O, frè byenneme m yo, sonje kòman li terib pou moun ki transgrese kont Bondye Sen sa a, e tou kòman li terib pou moun koute tantasyon nonm mètdam sa a. Sonje, lè moun gen panse chanèl, se lanmò, e lè moun gen panse espirityèl, se lavi etènèl.

40 O, frè byenneme m yo, koute pawòl mwen yo. Sonje grandè Sen Izrayèl la. Pa di m pale pawòl ki di kont nou; paske si nou di sa a, n ap revòlte kont verite a; paske m te pale pawòl Kreyatè nou an. M konnen pawòl verite yo di kont tout salte; men jis yo pa pè pawòl sa yo, paske yo renmen verite a e yo pa tranble.

41 Kounyeya, frè byenneme m yo, vin jwenn Senyè a, Nonm Sen an. Sonje, wout li yo jis. Gade, chemen an etwat pou lèzòm, men li dwat devan yo e gadyen pòt la se Sen Izrayèl la; li pa anplwaye okenn sèvitè nan pòt la; e pa gen okenn lòt chemen eksepte pòt la; paske moun pa kapab twonpe l, paske non li se Senyè Bondye a.

42 Epi nenpòt moun ki frape, l ap louvri pou li; e moun ki saj yo, ak moun ki save yo, ak rich yo ki gonfle kò yo poutèt konesans yo ak lasajès yo, ak richès yo—wi, se moun sa yo li meprize; e si yo pa voye bagay sa sou kote, e si yo pa konsidere tèt yo tankou moun sòt devan Bondye, epi desann nan pwofondè imilite, li p ap louvri pou yo.

43 Men, zafè moun ki saj yo ak moun ki pridan yo pral kache devan yo pou tout tan—wi, bonè sa a ki te prepare pou sen yo.

44 O, frè byenneme m yo, sonje pawòl mwen yo. Gade, m retire wòb mwen e m souke l devan nou; m priye Bondye sali m nan pou l kapab gade m avèk je l yo ki wè toupatou a; Se poutèt sa, n ap konnen nan dènye jou yo, lè tout moun ap pase anba jijman pou zèv yo, Bondye Izrayèl la te temwen lè m retire inikite nou yo nan nanm mwen, e m kanpe avèk klète devan l, e m debarase m avèk san nou.

45 O, frè byenneme m yo, vire do bay peche nou yo; souke chenn moun sa a ki ta vle mare nou di a; vin jwenn Bondye sa a ki se wòch sali nou an.

46 Prepare nanm nou pou jou laglwa sa a, lè lajistis pral administre pou jis yo, jou jijman sa a menm, pou nou kapab pa fè bak avèk krent terib; pou nou kapab pa sonje aklè tout nou yo, epi pou nou pa oblije di byen fò: Jijman ou yo sen, yo sen, O, Senyè Bondye Toupuisan an—men m konnen tò mwen; m te transgrese lalwa ou, e transgresyon m yo se pa m, e dyab la te pran m, m anba grif mizè l yo.

47 Men, gade, frè m yo, èske li nesesè pou m fè nou pran konsyans reyalite terib bagay sa yo? Èske m t ap toumante nanm nou si lespri nou te pi? Èske m t ap pale klè devan nou daprè klète verite a si nou te libere anba peche?

48 Gade, si ou te sen, m t ap pale ou konsènan sentete; men kòm ou pa sen e ou konsidere m kòm yon enstriktè, li nesesè pou m ansenye nou konsekans peche.

49 Gade nanm mwen degoute peche, e kè m pran plèzi nan lajistis; e m pral louwe non sen Bondye m nan.

50 Vini, frè m yo, chak moun ki swaf, vini nan dlo a; e moun ki pa gen lajan, vin achte, e manje; wi, vin achte diven ak lèt san lajan e san pri.

51 Se poutèt sa a, pa depanse lajan nou pou bagay ki san valè, ni travay nou pou sa ki pa kapab satisfè nou. Koute m avèk dilijans, e sonje pawòl m te pale yo; e vin jwenn Sen Izrayèl la e fèt pou sa ki p ap peri, ni tou ki pa t kapab kowonpi e kite nanm ou pran plèzi nan lagras.

52 Gade, frè byenneme m yo, sonje pawòl Bondye nou an; priye l kontinyèlman lajounen, e bay non sen li a remèsiman lan nuit. Kite kè nou rejwi.

53 E gade, alyans Senyè a yo gran anpil, e kondesandans li gran anpil pou pitit lèzòm; e poutèt grandè l, ak lagras li ak mizèrikòd li, li te pwomèt nou pou desandan nou yo pa detwi nèt, nan kò fizik la, okontrè l ap prezève yo; e jenerasyon k ap vini yo pral yon branch jis pou kay Izrayèl la.

54 Kounyeya, frè m yo, m ta pale plis avèk nou; men demen m ap pale nou rès pawòl mwen yo. Amèn.