Ekriti yo
Alma 61


Chapit 61

Paoran pale Mowoni sou revòl ak rebelyon ki genyen kont gouvènman an—Moun wa yo pran Zarayemla e yo fè yon sèl ak Lamanit yo—Paoran mande sekou militè pou l goumen avèk rebèl yo. Anviwon 62 anvan Jezikri.

1 Reyèlman, se te konsa, yon ti kras tan apre Mowoni te fin voye lèt li a bay gouvènè anchèf la, li te resevwa yon lèt nan men aPaoran, gouvènè an chèf. Epi men pawòl li te resevwa:

2 Mwenmenm Paoran, ki se gouvènè an chèf nan peyi sa a, m voye pawòl sa yo bay Mowoni, kaptèn anchèf alatèt lame yo. M di w, Mowoni, m pa pran plèzi nan gwo aafliksyon w yo, wi, sa blese nanm mwen.

3 Men gade, gen moun ki pran plèzi nan afliksyon ou yo, wi, konsa, yo te leve nan rebelyon kont mwen ak moun nan pèp mwen yo ki amoun ki pou libète yo, wi, e moun ki te revòlte anpil yo.

4 Epi, se moun ki te chèche pran fotèy jijman an nan men m yo ki te lakòz gwo inikite sa a; paske, yo te itilize anpil pawòl flatri, e yo te detounen kè anpil moun ki pral lakòz gwo afliksyon nan pami nou; yo te wete pwovizyon nou yo nan men nou, yo te entimide moun ki pou libète yo, e yo te anpeche yo vin jwenn ou.

5 Epi gade, yo te chase m e m te sove al nan peyi Jedeon, avèk kantite moun li te posib pou m te jwenn.

6 Epi gade, m te voye yon pwoklamasyon nan zòn sa a; yo vide sou nou chak jou avèk zam, pou yo defann peyi yo a ak alibète yo a, e pou yo vanje bagay ki rive nou yo.

7 Epi, yo te tèlman vin jwenn nou, moun ki te leve nan rebelyon kont nou yo te tonbe an defayans, wi, konsa, yo te pè nou, epi yo pa t pran chans mache kont nou pou batay la.

8 Yo te pran posesyon peyi a, oubyen vil Zarayemla a; yo te lonmen yon wa alatèt yo, e li te ekri wa Lamanit yo pou l te kapab siyen trete avèk li; nan trete sa a, li te fè kondisyon pou l kenbe vil Zarayemla a, paske li sipoze sa ta kapab pèmèt Lamanit yo konkeri rès peyi a, epi li pral tabli tèt li wa alatèt pèp sa a, lè Lamanit yo pran yo.

9 Epi kounyeya, nan lèt ou a, ou te kondane m, men, sa pa fè anyen; m pa fache, men m rejwi poutèt grandè kè w. Mwen menm Paoran, m p ap chèche pouvwa, sèlman m vle kenbe fotèy-jijman mwen an, pou m kapab prezève dwa ak libète pèp mwen an. Nanm mwen rete fèm nan libète Bondye te alibere nou an.

10 Epi kounyeya, gade, n ap reziste kont mechanste menm jistan san koule. Nou pa t ap fè san Lamanit yo koule si yo ta vle rete nan peyi pa yo.

11 Nou pa t ap fè san frè nou yo koule, si yo pa t leve nan rebelyon e pran epe kont nou.

12 Nou t ap soumèt tèt nou anba chay esklavaj, si se te egzijans lajistis Bondye, oubyen si li ta kòmande nou pou nou fè sa.

13 Men gade, li pa kòmande nou pou nou soumèt tèt nou anba ènmi nou yo, okontrè, nou dwe mete akonfyans nou nan li, e l ap delivre nou.

14 Se poutèt sa, frè byenneme m nan, Mowoni, annou reziste kont mal, e nenpòt mal nou pa kapab reziste avèk pawòl nou yo, wi, tèlke rebelyon ak divizyon, annou areziste kont yo avèk epe nou yo, pou nou kapab kenbe libète nou, pou nou kapab rejwi nan gran privilèj legliz nou an, e nan kòz Redanmtè nou an ak Bondye nou an.

15 Se poutèt sa, vin jwenn mwen rapidman avèk kèk nan sòlda ou yo, epi kite rès yo sou kont Leyi ak Teyankòm; ba yo pouvwa pou yo dirije lagè a nan pati sa a ki nan peyi a, daprè aLespri Bondye, ki se lespri libète a ki nan yo tou.

16 Gade, m te voye kèk pwovizyon ba yo, pou yo kapab pa peri jistan ou vin jwenn mwen.

17 Rasanble ansanm tout fòs ou kapab, pandan w ap mache vin isit la e nou prale rapidman kont rebèl yo, ak fòs Bondye nou an, daprè lafwa ki nan nou an.

18 Epi nou pral pran posesyon vil Zarayemla a, pou nou kapab jwenn plis manje pou nou voye bay Leyi ak Teyankòm; wi nou prale kont yo akfòs Senyè a, epi nou pral mete fen nan gwo inikite sa a.

19 Epi kounyeya, Mowoni, m rejwi poutèt m te resevwa lèt w a, paske m te yon jan enkyete konsènan sa nou ta dwe fè; m pa t konnen si sa ta jis pou nou t ale kont frè nou yo.

20 Men w te di, si yo pa repanti Senyè a te kòmande w pou w ale kont yo.

21 Asire w ou aranfòse Leyi ak Teyankòm nan Senyè a; di yo pou yo pa pè, paske Bondye pral delivre yo ak tout moun ki kenbe fèm nan libète Bondye te ba yo a. Epi kounyeya m fini lèt mwen an pou frè byenneme m nan, Mowoni.