Èd pou Etid
TJS, 2 Tesalonisyen 2


TJS, 2 Tesalonisyen 2:2–3, 7–9. Konpare avèk 2 Tesalonisyen 2:2–9

Satan pral lakoz yon chit oswa apostazi anvan Senyè a retounen.

2 Pou nou pa kite panse nou souke, ni kite yon lèt twouble nou, eksepte si nou resevwa l nan men nou; ni nan lespri ni nan pawòl, pou fè konnen jou Kris la rive.

3 Pa kite okenn moun twonpe nou nan okenn fason; paske pral gen yon tonbe ki pral fèt anvan, epi nonm peche a pral revele, pitit gason pèdisyon an;

7 Paske, mistè inikite a deja ap travay, epi se limenm k ap travay kounyeya, epi Kris la kite l travay, jistan lè a akonpli pou yo mete l deyò.

8 Epi lè sa a, mechan an pral revele, mechan sa a Senyè a pral konsonmen avèk lespri bouch li, epi li pral detwi l avèk ekla lè l pral vini an.

9 Wi, Senyè a, Jezi menm ki p ap vini jistan gen yon tonbe ki fèt la, anba travay Satan avèk tout pouvwa a, avèk siy epi avèk mèvèy manti yo,