Èd pou Etid
TJS, Matye 16


TJS, Matye 16:25–29. Konpare avèk Matye 16:24–26

Jezi eksplike kisa sa vle di pou yon moun “pran kwa li”: nye tout bagay ki pa sen ak tout konvwatiz mond lan epi respekte kòmandman L yo.

25 Apre sa Jezi te di disip li yo konsa, si nenpòt moun vle suiv mwen, li dwe nye tèt li, pou l pran kwa l epi pou l suiv mwen.

26 Epi kounyeya, pou yon moun pran kwa li, sa vle di pou l debarase tèt li anba tout sa ki pa sen, ak tout anvi monden, epi pou l kenbe kòmandman mwen yo.

27 Pa kraze kòmandman m yo pou nou ka sove lavi nou; paske moun k ap sove lavi l nan mond sa a, li va pèdi l nan mond k ap vini an.

28 Epi moun ki pèdi lavi li nan mond sa a, pou mwen, li va jwenn li nan mond k ap vini an.

29 Se poutèt sa, bliye mond lan, epi sove nanm nou; paske kisa sa ap sèvi yon moun pou l ta genyen tout mond lan annantye si l ta pèdi nanm li? Oubyen kisa yon moun ta dakò bay pou nanm li?