Èd pou Etid
TJS, Matye 6


TJS, Matye 6:14. Konpare avèk Matye 6:13; kèk chanjman sanblab te fèt nan Lik 11:4

Senyè a pa mennen nou nan tantasyon.

14 Epi pa kite dyab la mennen nou nan tantasyon, men delivre tèt nou anba mal.

TJS, Matye 6:22. Konpare avèk Matye 6:22

Si je nou fikse sou laglwa Bondye, tout kò nou va ranpli avèk limyè.

22 Limyè kò a se je yo; se poutèt sa, si je nou fikse sou laglwa Bondye, tout kò nou va ranpli avèk limyè.

TJS, Matye 6:25–27. Konpare avèk Matye 6:25; 10:10

Jezi avèti disip li yo sou difikilte y ap jwenn nan travay yo a men li pwomèt l ap prepare chemen an epi Pè Selès la ap pran swen yo.

25 Epi, ankò, m ap di nou, Ale nan mond lan, men pa sousye nou de mond lan; paske mond lan ap rayi nou, epi y ap pèsekite nou, epi y ap mete nou deyò nan sinagòg yo.

26 Sepandan, nou dwe ale sòti nan yon kay al nan yon lòt, pou anseye pèp la; epi m prale devan nou.

27 Epi Pè Selès la ap pran swen nou, nan tout sa nou bezwen pou manje, ak sa nou pral manje; ak pou rad, sa n ap mete sou nou.

TJS, Matye 6:38. Konpare avèk Matye 6:33

Nou ta dwe chèche bati wayòm Bondye a premyèman.

38 Se sa ki fè, pa chèche bagay ki nan mond sa a, men, chèche bati wayòm Bondye a premyèman, epi pou tabli lajistis li, epi tout bagay sa yo ap vin yon diplis ajoute pou ou.