Èd pou Etid
TJS, Matye 7


TJS, Matye 7:1–2. Konpare avèk Matye 7:1–2

Pa jije enjisteman.

1 Kounyeya, sa yo se pawòl Jezi te anseye disip li yo pou yo di pèp la.

2 Pa jije enjisteman pou yo pa jije w tou; men, fè jijman ki jis.

TJS, Matye 7:4–8. Konpare avèk Matye 7:3–5

Jezi anseye disip li yo pou yo konfwonte eskrib yo, Farizyen yo, ak prèt yo, ak Levit yo poutèt ipokrizi yo.

4 Epi ankò, nou va di yo, poukisa nou gade ti pay ki nan je frè nou an, men nou pa wè gwo bout bwa ki nan je pa nou an?

5 Oubyen kòman nou fè ap di frè nou: ban m wete pay ki nan je w la; epi nou pa ka wè yon bout bwa nan je nou?

6 Epi Jezi di disip li yo, èske nou wè eskrib yo, ak Farizyen yo, ak prèt yo, ak Levit yo? Yo anseye nan sinagòg yo, men yo pa obsève lalwa a, ni kòmandman yo; epi yo tout kite chemen an, epi yo anba peche.

7 Ale epi di yo, Poukisa n ap anseye moun yo lwa a ak kòmandman yo, pandan nou menm se pitit koripsyon nou ye?

8 Di yo, Ipokrit, wete bout bwa nan je w la anvan; epi apre sa w ap wè klè pou w wete pay la nan je frè w la.

TJS, Matye 7:9–11. Konpare avèk Matye 7:6

Jezi anseye disip Li yo pou yo preche repantans epi pou yo pa pataje mistè yo ki nan wayòm nan avèk mond lan.

9 Ale nan mond lan, di tout moun, Repanti, paske wayòm syèl la ap vini jwenn nou.

10 Epi nou dwe kenbe mistè yo ki nan wayòm nan nan pami nou; paske se pa nesesè pou nou bay chyen yo bagay ki sen; ni tou pou nou jete pèl nou yo devan kochon, pou yo pa pilonnen yo anba pye yo.

11 Paske mond lan pa kapab resevwa bagay ke noumenm menm, pa kapab aksepte; se sa ki fè, nou pa dwe ba yo pèl nou yo, pou yo pa retounen vin mòde nou.

TJS, Matye 7:12–17. Konpare avèk Matye 7:7–8

Jezi anseye disip li yo ke, tout moun ki mande revelasyon, Papa a ba yo li.

12 Di yo, Mande Bondye; mande, epi n ap resevwa; chèche, epi n ap jwenn; frape, epi y ap louvri pou nou.

13 Paske chak moun ki mande, resevwa; epi moun ki chèche a ap jwenn; epi moun ki frape y ap louvri pou li.

14 Epi, disip li yo di li, Yo pral di nou: Noumenm, nou jis, epi nou pa bezwen okenn moun anseye nou. Nou konnen Bondye te tande Moyiz ak kèk lòt pwofèt; men noumenm, li p ap tande nou.

15 Epi yo pral di, Nou gen lwa a pou sali nou, epi sa sifi pou nou.

16 Lè sa a Jezi te reponn, epi li di disip li yo, Men sa pou nou di yo,

17 Kiyès nan pami nou, si l gen yon pitit, ki kanpe deyò, epi ki di l: Papa, ouvri kay ou a pou mwen pou m ka antre vin manje avèk ou, ki p ap di li, antre, pitit mwen, paske sa k pou mwen se pou ou, epi sa k pou ou se pou mwen?