Ekriti yo
Abraram 1


Liv Abraram Nan

Tradiksyon ki soti nan papiris Joseph Smith te fè yo

Tradiksyon ansyen Rejis ki soti nan katakonb an Ejip ki te tonbe nan men nou. Ekriti Abraram pandan l te an Ejip, ki rele Liv Abraram nan, ki te ekri avèk pwòp men pa l sou papiris.

Chapit 1

Abraram chèche benediksyon lòd patriyakal la—Fo prèt pèsekite l nan Kalde—Jewova sove l—Revizyon sou orijin ak gouvènman Ejip.

1 Nan peyi aKaldeyen yo, nan rezidans papa zansèt mwen yo, mwen menm, bAbraram, kote m te wè se te nesesè pou m jwenn yon lòt plas pou crezidans;

2 Epi, lè m te vin konnen te gen pi gwo abonè ak lapè ak brepo pou mwen, m te chèche benediksyon zansèt yo, ak dwa kote m ta dwe resevwa òdinasyon pou administre menm benediksyon sa yo; kòm m te yon disip clajistis, m te vle vin tounen yon moun ki posede gwo dkonesans, epi pou m vin tounen yon pi gwo disip lajistis, epi pou m vin gen pi gwo konesans, epi pou m vin tounen yon pi gran disip jistis, epi pou m vin gen yon pi gran konesans, epi pou m vin tounen papa anpil nasyon yo, yon prens lapè, epi paske m te vle resevwa enstriksyon, epi pou m respekte kòmandman Bondye yo, m te vin tounen yon eritye legal, yon eGran Prèt, ki te gen fdwa zansèt yo te posede yo.

3 Zansèt yo te akonfere l sou mwen; li te soti nan men zansèt yo, depi nan kòmansman tan an, wi, nan kòmansman an menm, oubyen anvan fondasyon mond lan, jouk nan tan prezan an, dwa bpremyene a menm, oubyen premye moun nan, ki se cAdan, oubyen premye papa a, pa mwayen zansèt yo vin jwenn mwen.

4 M te chèche aapèl pa m nan prètriz la, daprè apèl Bondye te bay zansèt yo konsènan desandan yo.

5 Paske azansèt mwen yo te ekate lwen lajistis, ak kòmandman sen Senyè Bondye yo te ba yo, epi yo te badore bondye moun payen yo, yo te refize koute vwa m totalman;

6 Paske kè yo te tabli pou yo fè mal, epi yo te detounen totalman ale jwenn abondye Èlkena, ak bondye Libna, ak bondye Mamakra, ak bondye Korach, ak Bondye Farawon, ki te wa Ejip la;

7 Se poutèt sa, yo te detounen kè yo nan sakrifis moun payen yo nan ofri pitit yo bay zidòl bèbè sa yo, epi yo pa t koute vwa m, men, yo te chèche pran lavi m pa mwayen prèt Èlkena a. Prèt Èlkena a te prèt Farawon an tou.

8 Kounyeya, nan epòk sa a, se te koutim prèt Farawon an, wa Ejip la, pou l ofri sou lotèl ki te bati nan peyi Kalde a, kòm ofrann bay bondye etranje sa yo, gason, fi, ak timoun.

9 Epi se te konsa, prèt la te bay bondye Farawon an yon ofrann, ak bondye Shagreel la, menm jan Ejipsyen yo te konn fè a. Kounyeya, bondye Shagreel la te solèy la.

10 Prèt Farawon an te menm ofri yon timoun kòm ofrann pou remèsiman bay prèt Farawon an, sou lotèl ki te kanpe pre kolin ki te rele Kolin Potifa a, sou tèt laplèn Olichèm nan.

11 Kounyeya, yon lè, prèt sa a te ofri twa vyèj ki te pitit fi Onita, youn nan desandan wayal yo, ki te sòti dirèkteman nan ren aKam. Yo te ofri vyèj sa yo poutèt vèti yo; yo pa t vle bbese pou yo adore bondye ki fèt avèk bwa oubyen avèk wòch, se poutèt sa yo te touye yo sou lotèl sa a, epi sa te fèt nan fason Ejipsyen yo.

12 Epi se te konsa, prèt yo te fè vyolans sou mwen pou yo te kapab touye m tou, menm jan yo te fè vyèj sa yo sou lotèl sa a; epi pou nou kapab gen konesans konsènan lotèl sa a, m ap refere nou nan reprezantasyon ki nan kòmansman rejis sa a.

13 Epi l te gen menm fòm avèk yon tèt kabann, tankou sa ki te pami Kaldeyen yo, epi l te kanpe pami bondye Èlkena yo, Libna, Mamakra, Korach, ak yon bondye tankou bondye Farawon an, wa Ejip la.

14 Pou nou kapab gen yon lide sou bondye sa yo, m ba nou yon modèl sou tablo ki nan kòmansman an, tablo sa a Kaldeyen yo rele l Ralinòs, ki siyifi yewoglif.

15 Epi lè yo te leve men yo sou mwen, pou yo te kapab ofri m epi pou yo detwi lavi m, gade, m te leve vwa m bay Senyè Bondye m nan, epi Senyè a te akoute epi l te tande, epi l te ranpli m avèk vizyon Toupisan an, epi zanj ki nan prezans li a te kanpe bò kote m, epi imedyatman li te bdemare kòd mwen yo;

16 Epi vwa l te vin jwenn mwen: Abraram, Abraram, gade, non mwen se aJewova, epi m te tande w, epi m te desann pou m delivre w, epi pou m wete ou lakay papa ou, ak pami tout fanmi w yo, al nan yon bpeyi etranje w pa konnen;

17 Epi se poutèt yo te vire kè yo lwen mwen, pou yo adore bondye Èlkena, ak bondye Libna, ak bondye Mamakra, ak bondye Korach, ak bondye Farawon an, ki se wa Ejip la; se poutèt sa, m desann pou vizite yo, epi pou m detwi moun ki te leve men l kont ou yo, Abraram, pitit gason m nan, pou detwi lavi w la.

18 Gade, m pral dirije w avèk men mwen, epi m ap pran ou, pou m mete non mwen sou ou, aPrètriz papa w la menm, pouvwa m pral sou ou.

19 Menm jan sa te ye pou Noye a se konsa l pral pou w tou; men pa mwayen ministè w la moun pral konnen anon mwen sou tè a pou tout tan, paske m se Bondye.

20 Gade, kolin Potifa a te nan peyi aOur la, ki nan Kalde. Epi Senyè a te kraze lotèl Èlkena a, ak bondye yo ki te nan peyi a, epi li te detwi yo totalman, epi l te frape prèt la epi prèt la te mouri; epi te gen anpil lamantasyon nan kalde, ak nan lakou Farawon an; Farawon sa a ki vle di wa nan san wayal la.

21 Kounyeya, wa Ejip sa a te yon desandan ki soti nan ren aKam, epi l te fè pati nan san bKananeyit yo depi nan nesans li.

22 Se nan desandans sa a tout Ejipsyen yo te soti, epi se konsa san Kananeyit yo te prezève nan peyi a.

23 Se yon fi ki te dekouvri peyi aEjip la an premye, ki te pitit fi Kam ak pitit fi Ejiptis, ki siyifi an Kaldeyen, Ejip, ki siyifi yon bagay ki entèdi:

24 Lè fi sa a te dekouvri peyi sa a, li te anba dlo, epi pita li te tabli pitit gason l yo sou li; epi se konsa, depi nan Kam, ras ki te prezève malediksyon an te jayi.

25 Se Farawon ki te tabli premye gouvènman Ejip la, premye pitit gason Ejiptis la, pitit fi Kam nan, epi se te daprè fòm gouvènman Kam, ki te patriyakal.

26 Farawon ki te yon nonm ki jis, li te tabli wayòm li a epi l te jije pèp li a avèk lasajès epi avèk lajistis pandan tout lavi l, li te chèche avèk senserite pou l imite lòd sa a zansèt li yo te tabli nan premye jenerasyon yo, nan epòk premye rèy patriyakal la, menm nan rèy Adan an, epi tou ak Noye, papa l, ki te beni l avèk abenediksyon lasajès la, men, ki te modi l konsènan la Prètriz la.

27 Kounyeya, Farawon te nan liyaj sa a ki fè l pa t gen dwa nan aPrètriz la, malgre Farawon yo te deklare yo te genyen l akoz Noye, pa mwayen Kam, se poutèt sa, yo te egare papa m nan idolatri;

28 Men, m pral fè efò apre sa, pou m trase kwonoloji ki sòti depi nan mwen menm ale jouk nan kòmansman kreyasyon an, paske arejis yo vin tonbe nan men mwen, epi m genyen yo jouk kounyeya.

29 Kounyeya, apre Bondye te fin frape prèt Èlkena a epi l te mouri, bagay yo te di m konsènan peyi Kalde a, ki te fè konnen ta pral genyen yon famin nan peyi a, te akonpli.

30 Konsa menm, yon famin te pran pye nan tout peyi Kalde a, epi papa m te toumante anpil poutèt famin nan, epi l te repanti nan mal li te detèmine kont mwen pou l te detwi alavi m nan.

31 Men, rejis zansèt mwen yo, sa vle di rejis patriyach yo, konsènan dwa la Prètriz la, Senyè Bondye m nan te prezève l nan pwòp men pa m; se poutèt sa, jouk jodi a, m kenbe yon konesans konsènan kòmansman kreyasyon an, ak kreyasyon aplanèt yo, ak kreyasyon zetwal yo, jan Bondye te fè zansèt yo konnen yo, epi m ap degaje m pou m ekri kèk nan bagay sa yo sou rejis sa a, pou benefis pitit pitit mwen ki pral vini apre m.