Èd pou Etid
Jewova


Jewova

Non alyans oubyen non pwòp Bondye Izrayèl la. Li demontre “Mwenmenm etènèl la” (Egz. 3:14; Jan 8:58). Jewova se Jezikri premòtèl la e li te vin sou tè a kòm yon pitit gason Mari (Mozya 3:8; 15:1; 3 Ne. 15:1–5). Òdinèman lè mo Senyè a parèt nan Ansyen Testaman an, li siyifi “Jewova.”

Jewova se Kris

Ansyen pwofèt yo te konnen Jewova (Egz. 6:3; Abr. 1:16). Apot Pòl te anseye Kris se te Jewova Ansyen Testaman an (Egz. 17:6; 1 Kor. 10:1–4). Frè Jarèd la nan Liv Mòmon an te wè Kris premòtèl la e li te adore L (Etè 3:13–15). Mowoni tou te rele Kris la “Jewova” (Mowo. 10:34). Nan Tanp Kirtland nan, Joseph Smith ak Oliver Cowdery te wè rezireksyon Jewova a (D&A 110:3–4).