2000–2009
Benediksyon pou Tout Moun ki Gen Kè Pi
Oktòb 2007


Benediksyon pou Tout Moun ki Gen Kè Pi

Ke Bondye beni efò sensè nou yo pou nou gen kè ak panse ki pi, pou “vèti gani panse [nou] yo san rete.”

Pandan nou t ap mache sou yon plaj nan Karayib la, yon maten plen solèy, sa gen kèk ane, mwenmenm ak madanm mwen te wè plizyè ti bato lapèch ki te sou sab la. Lè nou te kanpe pou nou te gade bato yo, mwen te aprann yon bagay sou peche pwason ke m pa janm bliye. Olye pou yo te sèvi avèk filè, liy, oswa zen, pechè pwason nan lokalite sa yo te sèvi avèk pyèj senp ki te fèt avèk yon may an fè. Chak pyèj yo te gen fòm yon bwat. Pechè pwason yo te koupe yon seri fant vètikal 20 santimèt nan chak bò pyèj la epi yo te pliye fant yo sou andedan, sa ki te kreye anpil ti fant pou pwason yo te ka rantre.

Petèt ou ka devine kijan yon pyèj mache. Pechè yo lage yon pyèj ki gen yon bagay ki atiran ladan nan lanmè a epi yo epi yo desann ni jis nan fon. Lè yon gwo tonton pwason pase bò kote pyèj la epi li apèsi bagay ki atiran an, l ap chèche yon ouvèti arebò pyèj la pou l ka naje antre ladan l, li ap annik fofile kò l ant ti fil fè yo. Epi, lè yon pwason ki te pran nan pyèj la t ap eseye naje pou l soti, li te dekouvri ke l te fasil pou l te antre nan pyèj la nan ti fant yo, men se yon lòt bagay nèt pou l te naje soti nan ti fant file sa yo —li te pran nan pyèj. Lè pechè yo te tounen, yo te rale kaj la soti nan dlo a, epi pwason ki te pran nan pyèj la te vin tounen byen vit yon repa fwidemè byen fre.

Gen yon istwa nan Ansyen Testaman an konsènan yon moun ki te viktim nan yon pyèj konsa. Moun sa a sete gran Wa David, epi sa ki te pase a se youn nan istwa ki pi tris nan ekriti yo.

“Epi sete konsa … nan epòk wa yo te konn pati pou y al fè lagè, David te voye Joab ansanm ak tout lòt ofisye yo alatèt lame pèp Izrayèl la al goumen kont moun Amon yo. David menm te rete lavil Jerizalèm.

“Epi se te konsa, yon jou, bò aswè, David te fin fè yon ti poze, li leve, li te soti al sou teras ki te anwo palè a. Antan li te la, li te wè yon fi ki t ap benyen. Fi a te bèl anpil” (2 Samyèl 11: 1– 2).

David te aprann ke fi a te rele Batcheba. Mari l, Ouri, ki te yon solda, te byen lwen nan lagè avèk rès lame a, kote David, wa yo a, te sipoze ye a. David te voye al chèche Batcheba pou yo te mennen l nan palè a. Yo te komèt adiltè, fi a te vin ansent, epi David te kòmanse pè pou moun pa t dekouvri adiltè l la. Pou l te chèche kache peche a, David te voye chèche Ouri retounen Jerizalèm. Ouri te tounen, men, selon prensip la, li te refize rantre lakay li pou l t al vizite Batcheba. David te deside pou l te ranje tout bagay pou te fè Ouri mouri nan batay (gade 2 Samyèl 11:3-17). Tout seri move desizyon sa yo te pote lanmò pou Ouri ak mizè pou David, Batcheba, epi finalman pou tout wayom nan. Avèk mo ki pa ase pou dekri sitiyasyon an byen, Bib la di, “Sa David te fè a pa t fè Senyè a plezi menm” (2 Samyèl 11:27).

Eske w wè kijan Davib te tonbe nan pyèj sa a? Li te sou tèt kay palè l la, ep li t ap gade anba nan vwazinaj bò kote lakou l la, li te wè yon bagay li pa t janm te sipoze wè. Sa sete pyèj advèsè a. Modesti, chastete, ak bon jijman te mande pou David te vire je l menm moman an pou l pa t gade, men li pa t fè ni youn ni lòt. Olyesa, li te kite panse l tonbe sou fantezi entèdi, panse sa yo te kontwole aksyon li, epi bagay yo te vin byen vit tonbe nan yon katastwòf de pi mal an mal. David te pran nan yon pyèj, epi pou li, konsekans yo te etènèl.

Nan epòk pa nou an gen pyèj espirityèl ki rele pònògrafi, epi gen anpil moun ki, atire pa mesaj pwovokan l yo, rantre nan pyèj mòtèl sa a. Tankou tout pyèj, li byen fasil pou nou rantre ladan men li difisil pou nou sòti. Gen moun ki rasyonalize nan panse yo ke yo ka gade pònògrafi sèlman dè fwa san yo pa sibi efè negatif li yo. Nan kòmansman yo menm di, “Sa pa tèlman mal,” oubyen, “Ah, sa pa anyen!” Sa p ap fè okenn diferans,” oubyen, “Mwen sèlman gen kiryozite.” Men yo nan erè. Senyè a te avèti, “Epi yon moun ki gade yon fi avèk anvi, li nye lafwa a, epi li p ap gen Lespri a; epi si l pa repanti y ap chase l.” (D&A 42:23). Se egzakteman sa k te rive David: li te gade Batcheba, li te gade l avèk anvi, epi li te pèdi Lespri a. Gade kijan lavi David te kapab fdiferan si l te annik gade lòtbò.

Ansanm avèk Lespri ke yo pèdi a, moun ki itilize pònografi yo ka pèdi pèspektiv yo ak pwopòsyon tou. Tankou Wa David, yo eseye kache peche yo, yo bliye ke anyen pa kache nan zye Bondye (gade nan 2 Nefi 27:27). Vrè konsekans yo kòmanse akimile lè yo pèdi respè tèt yo, bon relasyon yo kòmanse pèdi gou, maryaj fennen, epi viktim inosan kòmanse fè pil. Lè yo wè sa yo t ap gade a pa ka satisfè yo ankò, yo kòmanse eksperimante imaj ki pi ekstrèm. Epi tou dousman yo vin devlope yon adiksyon menmsi yo pa konn sa oubyen yo nye sa, epi, menmjan ak konpòtman David la, konpòtman yo kòmanse deteryore, epi prensip moral yo vin dezentegre.

Pandan ke kilti popilè nan tout mond lan ap dejenere, debòch plis anplis ap anvayi medya yo, amizman yo, piblisite yo, ak entènèt. Men daprè nòm ki ap domine nan mond lan, popilarite se yon balans ki trè danjere pou yon moun itilize pou mezire kisa ki bon oubyen menm kisa ki pa danjere. Yon fim oubyen yon pwogram televizyon gen dwa byen popilè oubyen dè milyon moun gen dwa renmen l, men, li gen dwa prezante imaj ak konduit ki pònografik. Si yon bagay nan yon fim “pa tèlman mal,” sa otomatikman vle di li pa tèlman bon nonplis. Konsa, menm si lòt moun gade fim oubyen ouvri sit entènèt ki pa apwopriye, sa pa yon eskiz pou nou. Lavi detantè prètriz yo dwe imite prensip Sovè a ak Legliz Li a etabli, e non pa prensip mond lan.

Sovè a te anseye, “Epi moun ki gen kè pi, yo beni, paske y ap wè Bondye.” (3 Nefi 12:8). Pwomès levanjil yo edifyan epi yo elve moun, yo menm egzaltan. Nou resevwa pwomès sa yo pa alyans a kondisyon pou nou viv yon lavi pwòpte ak moralite. Lè nou viv byen epi nou chèche pou nou pirifye kè nou, nou rapwoche nou de Bondye ak Lespri a. Kondisyon kè nou ap detèmine ki kantite prèv sou divinite a nou wè nan mond lan kounyea epi l ap kalifye nou pou reyalizasyon final pwomès ki di ke moun ki pwòp yo “ap wè Bondye” a. Se responsablite pa nou pou nou chèche gen pite. Se poutèt sa, Apot Jan te ekri:

“Byeneme m yo, kounyea nou se pitit Bondye, epi nou poko konnen egzakteman sa nou pral tounen: Men, nou konnen lè Kris la va parèt nou pral tounen tankou l, paske nou pral wè l jan l ye a.

“Tout moun ki gen espwa sa a nan kè yo ap kenbe kò yo pou yo pa fè sa ki mal, tankou Jezikri te kenbe kò l pou l pa t fè sa ki mal” (1 Jan 3:2–3).

Si w deja pran nan pyèj pònografi, se kounyea pou w chèche libere w avèk èd Sovè a. Gen yon fason pou w soti, men w ap bezwen èd Li pou w chape. Gerizon konplè ou ap depann de repantans konplè ou. Ale kote evèk ou imedyatman. Chèche gidans enspire li. L ap ede w mete an plas yon plan repantans ki ap retabli konfyans ou nan tèt ou epi pote Lespri a nan lavi w ankò. Pouvwa gerizon ekspyasyon Senyè Jezikri a ka atenn tout afliksyon, menm sa a tou. Si w vire al jwenn Sovè a ak tout kè w epi ou suiv konsèy evèk ou, w ap jwenn gerizon w bezwen an. Sovè a ap ede w jwenn fòs pou w reziste anba tantasyon ak pouvwa pou w simonte adiksyon. Mowoni te anseye:

“Vin jwenn Kris la, epi kenbe tout bon don, epi pa touche move don an, ni bagay ki pa pwòp la. …

“Wi, vin jwenn Kris la, e pèfeksyone nou nan li, e debarase kò nou ak tout endiyite; e si nou debarase kò nou ak tout endiyite, e si nou renmen Bondye avèk tout pouvwa nou, panse nou, ak fòs nou, lè sa a gras li ap ase pou nou, pou nou kapab vin pafè nan Kris la atravè gras li” (Mowoni 10:30, 32).

Ke Bondye beni efò sensè nou yo pou nou gen yon kè ak panse ki pwòp, pou “vèti [ka] gani panse [nou] san rete” (D&A 121:45). Mwen temwaye de amou redanmtè Sovè a ak pouvwa pirifikasyon Sakrifis Ekspyatwa l la, nan non Jezikri, amèn.