2000–2009
O Sonje, Sonje
Oktòb 2007


O Sonje, Sonje

“O Sonje, Sonje,” Pwofèt Liv Mòmon yo souvan enplore.1 Objektif mwen se pou ankouraje nou jwenn fason pou nou rekonèt ak sonje bonte Bondye.

Mwen rekonesan anvè koral la pou pèfòmans yo maten an, ki sete konsènan Sovè a, epi m rekonesan pou m wè ke pawòl youn nan chan yo te chante yo, “Sa se Kris la,” te ekri pa Prezidan James E. Faust. Pandan m te chita bò kote Frè Newell, m te panche epi m te mande l: “Kijan pitit ou yo ye?” Li te di: “Lè Prezidan Faust te konn chita nan chèz sa a, se sa l te toujou konn mande m.” M pa t etone, paske Prezidan Faust sete toujou yon egzanp pafè sou disip yo te dekri nan Mizik ak Pawòl Pale a jodia. Mwen te toujou anvi pou lè m te gran, mwen te vin tankou Prezidan Faust. Li petèt ankò tan pou m ta fè sa.

Lè pitit mwen yo te tou piti, mwen te kòmanse ekri kèk bagay sou sa k te konn pase chak jou. Kite m di nou kijan sa te kòmanse. M te rantre lakay mwen byen ta apre yon tach nan legliz la. Li te gentan fènwa. Bopè m, ki te viv toupre nou, te fè m sipriz pandan m t ap mache rantre nan pòt devan lakay mwen. Li t ap pote yon pake tiyo sou zepòl li, li t ap mache byen vit epi abiye ak rad travay li. Mwen te konnen li t ap konstwi yon sistèm ponp dlo soti nan yon sous pi ba a pou monte l sou pwopriyete nou an.

Li te souri, li te pale jantiman, epi apresa li te kouri depase m pou l t al nan fènwa a pou l te kontinye travay li. M te fè kèk pa pou m t al antre nan kay la, pandan m t ap mande tèt mwen kisa l t ap fè pou nou an, epi apèn m te rive nan pòt la, m te tande nan lespri m--non pa nan pwòp vwa pa m--pawòl sa yo: “Mwen pa ba w eksperyans sa yo pou tèt pa w. Ekri yo.”

M te rantre. M pa t al nan kabann mwen. Malgre m te fatige, m te pran papye epi m te kòmanse ekri. Epi pandan m tap fè sa, m te konprann mesaj m te tande nan lespri m nan. Mwen te sipoze ekri pou pitit mwen yo te ka li, yon jou nan lefiti, kijan m te wè men Bondye beni fanmi nou. Granpapa pa t oblije fè sa l t ap fè pou nou an. Li te ka fè yon lòt moun fè l oswa pa fè l ditou. Men li t ap sèvi noumenm, fanmi li, nan fason disip alyans Jezikri yo toujou fè. Mwen te konnen sete verite. Epi mwen te ekri sa, pou pitit mwen yo ta jwenn souvni an yon jou lè yo ta bezwen li.

Mwen te ekri kèk pasaj chak jou pandan dèzane. Mwen pa t janm rate yon jou kèlkeswa jan m te fatige oswa kèlkeswa lè m te oblije leve nan demen maten. Anvan m te ekri, m te konn medite sou kesyon sa a: “Eske m te wè men Bondye lonje pou touche nou oubyen pitit nou yo oubyen fanmi nou jodia?” Lè m te kontinye fè sa, yon bagay te kòmanse rive. Pandan m t ap reflechi sou jounen an m te vin wè prèv sou sa Bondye te fè pou youn nan nou ke m pa t rekonèt nan moman m te okipe yo nan jounen an. Lè sa te konn rive, e sa te konn rive souvan, m te konn reyalize ke eseye sonje a te pèmèt Bondye montre m sa l te fè.

Plis gratitid te vin kòmanse devlope nan kè mwen.. Temwayaj mwen te grandi. Mwen te vin pi sèten pase jamè ke Pè Selès nou an tande ak reponn priyè nou. M te santi plis rekonesans pou adousisman ak lapè ki te vini gras ak Ekspyasyon Sovè a, Jezikri. Epi m te vin gen plis konfyans ke Sentespri an ka pèmèt nou sonje tout bagay--menm bagay nou pa t remake ni fè atansyon avèk yo lè yo te rive.

Ane te pase. Tigason m yo se gwo gramoun kounyeya. Epi tanzantan youn nan yo siprann mwen lè l di: “Papa, mwen t ap li nan jounal mwen sou lè ...” epi apresa li rakonte m kijan lè l li sa k te pase depi lontan yo, sa ede l wè yon bagay Bondye te fè pou li nan epòk pa l la.

Objektif mwen se pou ankouraje nou pou n rekonèt ak sonje bonte Bondye. Sa ap bati temwayaj nou. Ou gen dwa pa gen yon jounal. Ou gen dwa pa pataje sa w ekri avèk moun ou renmen ak sèvi yo. Men oumenm avèk yo ap beni lè nou sonje sa Senyè a fè pou nou. Ou sonje chan sa a nou chante pafwa a: “Compte-les bien! Ils sont si nombreux, Compte chaque jour tous les bienfaits de Dieu.”2

Li pa p fasil pou nou sonje. Jan n ap viv la avèk yon vwal ki kouvri je nou an, nou pa kapab sonje kijan sa te ye lè nou t ap viv avèk Pè Selès nou an ak pitit Gason Byeneme l la, Jezikri, nan mond premòtèl la; ni nou pa kapab wè men Bondye nan lavi nou avèk je fizik nou ni avèk bonsans sèlman. Pou nou wè kalite bagay sa yo, sa mande Sentespri a. Epi li pa fasil pou nou rete diy pou konpayi Sentespri a nan yon mond mechan.

Se poutèt sa, bliye Bondye sete toujou yon pwoblèm pèsistan pami pitit li yo depi mond lan te kòmanse. Panse a epòk Moyiz la, kote Bondye te founi lamàn epi l te kondui ak pwoteje pitit li yo nan fason mirakile ak evidan. Malgre sa, pwofèt la te avèti pèp la ki te sitèlman beni an, menmjan pwofèt yo te toujou avèti epi y ap toujou avèti nou: “Fè atansyon ak tèt ou, epi pran swen namm ou ak dilijans, yon fason pou ou pa bliye bagay ke je ou te wè yo, epi pou janm kite yo efase nan kè ou pandan tout lavi ou.”3

Epi defi pou nou sonje a toujou pi difisil pou moun ki resevwa benediksyon an abondans yo. Moun ki fidèl anvè Bondye yo pwoteje epi yo pwospere. Sa vini kòm rezilta sèvi Bondyeak respekte kòmandman l yo. Men benediksyon sa yo vini avèk tantasyon pou nou bliye sous kote yo soti a. Li fasil pou nou kòmanse santi ke se pa yon Bondye eman ke nou depann de li ki te akòde nou benediksyon yo men se pa pwòp pouvwa pa nou nou genyen yo. Pwofèt yo toujou ap repete siplikasyon sa a san rete.

“Epi konsa, nou kapab reyalize kijan kè pitit lèzòm yo vid ak enstab; wi, nou kapab wè Senyè a nan gran bonte enfini li beni e pwospere moun ki mete konfyans yo nan li.

“Wi, e nou pa nan wè menm lè li fè pèp li a pwospere nan jaden yo, ak twoupo bèt yo, ak nan lò, nan lajan ak tout kalte bagay ki koute chè ak atizana yo, lè l pwoteje lavi yo ak delivre yo anba men ènmi yo; nan touche kè ènmi yo pou yo pa deklare yo lagè, wi, pou m fini, nan fè tout bagay pou byen ak bonè pèp li a, wi, lè sa a, yo fè kè di, yo bliye Senyè Bondye yo a, yo pilonnen moun ki Sen an anba pye—wi, e poutèt yo alèz nan anpil pwosperite yo.”

Epi pwofèt la te kontinye pou l di:, “Wi, ala prese yo prese, pou yo anfle ak lògèy; wi, yo prese pou bat lestomak,, epi fè tout kalte sa ki se inikite; epi ala yo lan pou yo sonje Senyè Bondye yo a, epi pou koute konsèy li, wi, gade ki jan yo lan pou yo mache nan chemen lasajès!”4

Malerezman, pwosperite se pa sèl rezon ki fè moun bliye Bondye. Sa ka difisil pou n sonje l tou, lè gen gwo difikilte nan lavi nou. Lè n ap soufri, tankou sa ye pou anpil moun, nan povrete anmè oswa lè lènmi nou yo monte sou nou oswa lè maladi pa geri, lènmi nanm nou an ka voye move mesaj li yo ki di pa gen Bondye oubyen si l egziste, li pa sousye de nou. Lèsa a, li ka difisil pou Sentespri a ede nou sonje tout yon lavi chaje benediksyon Senyè a te ba nou soti lè nou te timoun rive nan moman detrès nou an.

Gen yon tretman senp pou maladi terib sa a ki se bliye Bondye a, ak benediksyon l yo, ak mesaj li yo pou nou an. Jezikri te pwomèt disip li yo sa lè moman an te rive pou l te krisifye, resisite, epi apresa anlve kite yo pou monte nan laglwa al jwenn Papa l la. Yo te bezwen konn kijan yo ta pral kapab andire lè l pat ap ansanm avèk yo ankò.

Men pwomès la. Li te akonpli pou yo lèsa a. Li ka akonpli pou nou tout jodia:

“Bagay sa yo mwen di nou, pandan m la a avèk nou.

“Men, Konsolatè a, ki se Sentespri a, ke Papa a ap voye nan non m nan, li va anseye nou tout bagay, epi li va fè nou sonje tout bagay, tout sa m te di nou.”5

Kle pou nou sonje a ki pote ak konsève temwayaj la se resevwa Sentespri a kòm yon konpayon nou. Se Sentespri a ki ede nou wè sa Bondye fè pou nou. Se Sentespri a ki ka ede moun n ap sèvi yo wè sa Bondye fè pou yo.

Pè Selès la ba nou yon senp machasuiv pou nou resevwa Sentespri a, non pa yon sèl fwa men, kontinyèlman, nan mitan touman lavi chak jou nou yo. Machasuiv sa a repete nan priyè sentsèn nan: Nou pwomèt ke n ap toujou sonje Sovè a. Nou pwomèt pou nou pran non li sou tèt nou. Nou pwomèt pou n respekte kòmandman l yo. Epi nou jwenn pwomès ke si nou fè sa, n ap gen lespri l avèk nou.6 Pwomès sa yo travay ansanm nan yon fason mèvèye pou fòtifye temwayaj nou e lè moman an rive, atravè Ekspyasyon an, chanje nati nou pandan n ap respekte pati pa nou nan pwomès la.

Se Sentespri a ki temwaye ke Jezikri se Pitit Gason Byenneme yon Pè Selès ki renmen nou epi ki vle nou gen lavi etènèl avèk li an fanmi. Menm avèk kòmansman temwayaj sa a, nou santi yon dezi pou n sèvi li ak pou n espekte kòmandman l yo. Lè nou pèsiste nan fè sa, nou resevwa don Sentespri yo ki ba nou pouvwa nan sèvis nou. Nou vin wè men Bondye pi klèman, tèlman klè ke lè moman an rive nou non sèlman sonje li, men nou vin renmen li epi, atravè pouvwa ekspyasyon an, nou vin pi plis tankou li.

Ou ta ka mande, “Men kijan pwosesis sa a demare nan yon moun ki pa konn anyen sou Bondye epi ki pretann ke l pa gen okenn souvni sou okenn eksperyans espirityèl ditou?” Chak moun fè eksperyans espirityèl ke yo gen dwa pa rekonèt. Chak moun, pandan l ap antre nan mond lan, resevwa lespri Kris la. Fason lespri a travay byen dekri nan liv Mowoni an:

“Paske gade tout moun gen Lespri Kris la pou yo kapab konnen sa ki byen ak sa ki mal; se poutèt sa, m montre nou kouman pou nou jije; paske tout bagay ki envite lèzòm pou yo fè byen, e ki pèsyade yo pou yo kwè nan Kris la, se pouvwa ak don Kris la ki voye l; se poutèt sa w kapab konnen avèk yon konesans pafè, se nan Bondye li soti.

“Men, nenpòt bagay ki pèsyade lèzòm pou yo fè mal, e pou yo pa kwè nan Kris la, epi pou yo nye l, e pou yo pa sèvi Bondye, nou kapab konnen avèk yon konesans pafè se nan men dyab la li soti; paske se konsa dyab la travay, paske li pa pèsyade pèsonn fè byen, non, pa menm yon sèl moun; ni zanj li yo tou; ni moun ki soumèt tèt yo anba l.

“Se poutèt sa, m priye nou, frè m yo, pou nou kapab chèche avèk dilijans nan limyè Kris la pou nou kapab konnen byen ak mal; e si nou aksepte tout bagay ki bon, san nou pa kondane l, sètènman, n ap vin tounen pitit Kris la.”7

Konsa, menm anvan moun yo resevwa don Sentespri a, lè yo konfime kòm manm Legliz la, epi anvan menm Sentespri a konfime verite pou yo anvan batèm, yo fè eksperyans espirityèl. Lespri Kris la te deja, depi nan anfans yo, envite yo pou fè byen epi avèti yo kont sa ki mal. Yo gen souvni eksperyans sa yo menm si yo pa rekonèt orijin yo. Souvni sa a ap retounen vin jwenn yo lè misyonè yo oswa noumenm anseye yo pawòl Bondye a epi yo tande li. Y ap sonje sansasyon lajwa oswa tristès yo lè yo anseye yo verite levanjil yo. Epi souvni sa a de lespri Kris la ap adousi kè yo pou pèmèt Sentespri a rann yo temwayaj. Sa ap mennen yo nan respekte kòmandman yo epi gen dezi pou yo pran non Sovè a sou tèt yo. Epi lè yo fè sa, nan dlo batèm, epi lè yo tande pawòl “Resevwa Sentespri a” nan konfimasyon yo ke yon sèvitè otorize Bondye pwononse, pouvwa pou toujou sonje Bondye a ap ogmante.

Mwen temwaye nou ke sansasyon chalè nou te santi lè nou te tande verite yo te pwononse yo nan konferans sa a soti nan Sentespri a. Sovè a, ki te pwomèt ke Sentespri a t ap vini an, se Pitit Gason Byenneme, glorifye Pè Selès nou an.

Aswè a ak demen swa, ou ka priye epi medite, pandan w ap poze tèt ou kesyon sa yo: “Èske Bondye te voye yon mesaj ki te spesyalman pou mwen? Èske m te wè men li nan nan lavi m oswa nan lavi pitit mwen yo? Mwen pral fè sa. Epi apresa mwen pral chèche jwenn yon fason pou m prezève souvni sa a pou jou kote, mwen menm, ak moun m renmen yo, pral bezwen sonje konbyen Bondye renmen nou ak kijan nou bezwen l anpil. Mwen temwaye ke li renmen nou epi l beni nou, plis pase nou janm rekonèt. Mwen konnen sa se verite, epi sa fè m gen lajwa pou m sonje li. Nan non Jezikri, amèn.