Ekriti yo
Omni 1


Liv Omni an

Chapit 1

Omni, Amawon, Kemich, Abinadòm, ak Amaleki, yo chak, youn apre lòt respekte rejis yo—Mozya dekouvri pèp Zarayemla a, ki te sòti Jerizalèm nan epòk Sedesyas—Yo tabli Mozya wa nan pami yo—Desandan Melèk yo ki nan Zarayemla a te dekouvri Koryantoumr, ki se dènye Jaredit la—Wa Benjamen ranplase Mozya—Lèzòm ta dwe ofri nanm yo bay Kris la kòm yon sakrifis. Anviwon 323–130 anvan Jezikri.

1 Gade, se te konsa, mwen menm Omni, m te resevwa kòmandman nan men papa m, Jawòm, pou m ekri yon ti kras sou plak sa yo, pou m prezève jeneyaloji nou—

2 Se poutèt sa, nan jou pa m yo, m ta renmen nou konnen m te goumen anpil avèk epe, pou m pwoteje pèp mwen an, Nefit yo, pou yo pa tonbe nan men ènmi yo, Lamanit yo. Men, mwen menm poutèt pa m, m se yon nonm mechan, e m pa t respekte regleman ak kòmandman Senyè a yo jan m ta dwe fè.

3 Epi, se te konsa, desanswasannsèz ane te fin pase, nou te gen anpil sezon nan lapè; e nou te gen anpil sezon nan gwo lagè ak masak. Wi, alafen, desankatrevende ane te fin pase, e m te respekte plak sa yo daprè akòmandman zansèt mwen yo; m te pase yo bay pitit gason m nan, Amawon. Epi m fini.

4 Epi kounyeya, mwen menm Amawon, m ekri bagay m ekri yo, ki pa anpil, nan liv papa m nan.

5 Gade, se te konsa, twasanven ane te fin pase, epi pati ki te pi mechan nan pami Nefit yo te adetwi.

6 Paske Senyè a pa t ap kite pou, apre li te fin dirije yo sòti nan peyi Jerizalèm nan, e apre li te fin respekte e prezève yo, pou yo pa tonbe nan men ènmi yo, wi, li pa t ap kite pawòl li te di zansèt yo pa verifye, lè li te di: Toutotan nou pa respekte kòmandman m yo, nou p ap pwospere nan peyi a.

7 Se poutèt sa, Senyè a te vizite yo avèk gwo jijman; men, li te epaye moun ki jis yo pou yo pa peri, li te delivre yo soti anba men ènmi yo.

8 Epi, se te konsa, m te remèt plak yo nan men Kemich, frè m, nan.

9 Kounyeya, mwen menm Kemich, m ekri kèk bagay m ekri a, nan menm liv avèk frè m nan; paske, m te wè dènye bagay li te ekri a, li te ekri l avèk men pa l; e li te ekri l menm jou li te remèt mwen rejis yo. Se konsa nou respekte rejis yo, paske se daprè kòmandman zansèt nou yo. Epi m fini.

10 Gade mwen menm Abinadòm, m se pitit gason Kemich. M te wè anpil lagè ak chirepit nan pami pèp mwen an, Nefit yo, ak Lamanit yo; e mwen menm, avèk epe pa m, m te wete lavi anpil Lamanit pou m te defann frè m yo.

11 Epi gade, rejis pèp sa a ekri sou plak ki pase nan men wa yo, yon jenerasyon apre lòt; e m pa konnen okenn revelasyon eksepte sa ki te ekri yo, ni tou, m pa konnen pwofesi; se poutèt sa, bagay ki nesesè yo te deja ekri. Epi m fini.

12 Gade m se Amaleki, pitit gason Abinadòm nan. Gade m pral pale avèk nou yon jan konsènan Mozya, yo te lonmen wa nan peyi Zarayemla a; Senyè a te avèti l pou l sove kite peyi aNefi a, e tout moun ki ta vle koute vwa Senyè a dwe bpati kite peyi a avèk li, nan dezè a tou—

13 Epi, se te konsa, li te fè jan Senyè a te kòmande l la. Epi tout moun ki te vle koute vwa Senyè a, yo te pati sòti kite peyi a yo t ale nan dezè a; e yo te gen anpil predikasyon ak pwofesi pou dirije yo. Pawòl Bondye te avèti yo tout tan, e pouvwa ponyèt li te dirije yo nan dezè a jistan yo te desann nan peyi ki rele Zarayemla.

14 Epi, yo te dekouvri yon pèp, ki rele pèp aZarayemla. Kounyeya te gen anpil rejwisans nan pami pèp Zarayemla a; e Zarayemla te rejwi anpil tou, paske Senyè a te voye pèp Mozya a avèk bplakderen yo ki gen istwa Juif yo.

15 Gade, se te konsa, Mozya te dekouvri apèp Zarayemla a te soti nan Jerizalèm, nan epòk Babilonyen yo te transpòte bSedesyas, wa Jida a, nan kaptivite nan Babilòn.

16 Epi yo te vwayaje nan dezè a, e men Senyè a te travèse yo nan lanmè a, sou tè kote Mozya te dekouvri yo a; e yo te rete la, depi lè sa a.

17 Epi, lè Mozya te dekouvri yo a, kantite yo te vin ogmante anpil. Men, yo te fè anpil lagè ak anpil gwo kontansyon, e yo te tonbe anba epe tanzantan; e langaj yo te vin kowonpi; e yo pa t pote okenn arejis avèk yo; yo te nye egzistans Kreyatè yo a, e ni Mozya, ak pèp Mozya a pa t kapab konprann yo.

18 Men, se te konsa, Mozya te fè yo aprann langaj pa li a. Epi, se te konsa, lè yo te fin aprann langaj pa Mozya a, Zarayemla te rakonte jeneyaloji zansèt li yo, daprè memwa li; e yo te ekri l, men pa sou plak sa yo.

19 Epi, se te konsa, pèp Zarayemla a, ak pèp Mozya a, te areyini ansanm; yo te nonmen bMozya wa yo.

20 Epi, se te konsa, nan epòk Mozya a, yo te pote yon gwo wòch bay Mozya ki te gen ekriti sou li; e li te aentèprete ekriti yo avèk don e avèk pouvwa Bondye.

21 Epi, yo te rakonte istwa yon nonm ki te rele aKoryantoumr, ak pèp li ki te masakre. Pèp Zarayemla te dekouvri Koryantoumr; e li te rete avèk yo pandan nèf lalin.

22 Wòch la te gen kèk pawòl konsènan zansèt li yo tou. Epi premye paran li yo te soti nan atoudebabèl la, nan epòk Senyè a te bkonfonn lang pèp la; e severite Senyè a te tonbe sou yo daprè jijman li yo, ki jis; e czo yo dispèse nan tè peyi ki nan nò a.

23 Gade mwen Amaleki, m te fèt nan epòk Mozya a; e m te wè lè li te mouri; e aBenjamen, pitit gason li a, gouvène nan plas li.

24 Epi gade nan epòk wa Benjamen an, m te wè yon gwo lagè ak anpil masak pami Nefit yo ak Lamanit yo. Men gade, Nefit yo te gen anpil avantaj sou yo; wi, tèlman sa, wa Benjamen te pouse yo deyò nan peyi Zarayemla a.

25 Epi, se te konsa, m te kòmanse vin vyeyi; m pa t gen desandan, e m konnen wa aBenjamen se yon nonm ki jis devan Senyè a, se poutèt sa, m pral bremèt plak sa yo nan men l, m egzòte tout moun pou yo vin jwenn Bondye, Sen Izrayèl la, pou yo kwè nan pwofesi, ak revelasyon, ak manifestasyon zanj, ak don pou pale lang, ak don pou entèprete langaj, ak tout bagay ki cbon; paske pa gen anyen ki bon si li pa soti nan Senyè a: epi sa ki pa bon soti nan dyab la.

26 Kounyeya, frè byenneme m yo, m vle pou nou ta avin jwenn Kris la, ki se Sen Izrayèl la, pou nou pa tisipe nan sali l ap bay la, ak pouvwa redanmsyon li a. Wi, vin jwenn li, e bofri tout nanm nou kòm yon cofrann ba li, e kontinye avèk djèn, avèk lapriyè, e pèsevere jiska lafen; e menm jan Senyè a vivan, l ap sove nou.

27 Epi kounyeya, m vle pale konsènan yon kantite moun ki te monte nan dezè a pou yo retounen nan peyi Nefi a; paske te gen anpil anpil moun ki te vle posede peyi eritaj yo a.

28 Se poutèt sa, yo te monte nan dezè a. Epi, dirijan yo a sete yon nonm ki gwo ak puisan, sete yon nonm ki te gen kou rèd, se poutèt sa, li te lakòz chirepit nan pami yo; yo tout te amouri nan dezè a, eksepte senkant, e yo te retounen nan peyi Zarayemla a.

29 Epi, se te konsa, yo te pran anpil anpil lòt moun avèk yo, e yo te pati nan dezè a ankò.

30 Epi, mwen menm Amaleki, m te gen yon frè pa m ki te ale avèk yo tou; depi lè sa a, m pa t konn anyen konsènan yo. Epi, m prèske desann kouche nan tonm mwen; e aplak sa yo ranpli. Epi, m fin pale.