Èd pou Etid
Sakrifis


Sakrifis

Nan ansyen jou yo, sakrifis te siyifi fè yon moun oubyen yon bagay sen. Kounyeya li vin siyifi yon moun abandone oubyen aksepte pou l pèdi byen materyèl pou Senyè a ak wayòm Li an. Manm Legliz Senyè a yo ta dwe aksepte pou yo sakrifye tout bagay pou Senyè a. Joseph Smith te fè konnen, “yon relijyon ki pa egzije sakrifis nan tout bagay pa janm gen ase pouvwa pou pwodwi lafwa ki nesesè pou lavi ak sali.” Nan pèspektiv etènèl la, benediksyon sakrifis pwodwi pi gwo lafwa pase nenpòt bagay yon moun sakrifye.

Lè yo te fin chase Adan ak Èv soti nan Jaden Edenn nan, Senyè a te ba yo lwa sakrifis la. Lwa sa a egzije tou pou yo ofri premye ne twoupo yo kòm sakrifis. Sakrifis sa a senbolize sakrifis Sèl Pitit Gason Literal Bondye a ta pral fè a (Moyiz 5:4–8). Pratik sa a te kontinye jistan Jezikri te mouri, epi li sispann sakrifis animal kòm yon òdonans levanjil la (Alma 34:13–14). Nan Legliz la jodi a, manm yo manje sentsèn pen an ak dlo a nan memwa sakrifis Jezikri. Jodi a, manm Legliz Kris yo resevwa kòmandman pou yo ofri yon kè dou ak yon lespri kontri (3 Ne. 9:19–22). Sa vle di yo enb, repantan epi yo vle obeyi kòmandman Bondye yo.