Èd pou Etid
Vwayan


Vwayan

Yon moun Bondye otorize pou wè avèk je espirityèl bagay Bondye kache devan mond lan (Moyiz 6:35–38). Li se yon revelatè epi yon pwofèt (Mozya 8:13–16). Nan Liv Mòmon an, Amon fè konnen se sèlman vwayan ki kapab itilize entèprèt espesyal yo, oubyen yon Ourim ak Toumim (Mozya 8:13; 28:16). Yon vwayan konnen pase, prezan, lavni. Nan ansyen tan, souvan, yon pwofèt te pote non vwayan (1 Sam. 9:9; 2 Sam. 24:11).

Joseph Smith se gran vwayan dènye jou yo (D&A 21:1; 135:3). An plis, Legliz la soutni Premye Prezidans lan ak Konsèy Douz yo kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè.