Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 6


Seksyon 6

Revelasyon Joseph Smith ak Oliver Cowdery te resevwa, nan Harmony, Pennsylvania, an Avril 1829. Oliver Cowdery te kòmanse travay li kòm grefye nan tradiksyon Liv Mòmon an, 7 Avril 1829. Li te deja resevwa yon manifestasyon diven konsènan verite temwayaj Pwofèt la sou zafè plak ki te gen rejis Liv Mòmon an ekri sou yo a. Pwofèt la te mande Senyè a pa mwayen Ourim ak Toumim nan epi li te resevwa repons sa a.

1–6, Travayè nan jaden Senyè a yo gen sali; 7–13, Pa gen pi gran don pase don sali a; 14–27, Temwayaj konsènan verite a vini pa mwayen pouvwa Lespri a; 28–37, Gade sou Kris la, epi fè byen tout tan.

1 Yon gwo atravay mèveye pral fèt pou pitit lèzòm yo.

2 Gade, m se Bondye; koute apawòl mwen, ki rapid ki pisan, pi bfile pase yon epe de bò, ki kapab divize jwenti yo ak mwèl a an de; se poutèt sa, koute pawòl mwen yo.

3 Gade, ajaden an deja mi pou rekòlte; se poutèt sa, nenpòt moun ki vle rekòlte, se pou l manche kouto digo l avèk fòs li, epi pou l rekòlte pandan l fè jou a, pou l kapab ranmase trezò sali etènèl pou nanm li nan wayòm Bondye a.

4 Wi, nenpòt moun ki amanche kouto digo l epi ki rekòlte, moun sa a resevwa apèl nan men Bondye.

5 Se poutèt sa, si nou amande m n ap resevwa; si nou frape, y ap louvri pou nou.

6 Kounyeya, kòm nou te mande, gade, m di nou konsa, respekte kòmandman m yo, e achèche fè vanse epi tabli kòz bSiyon an;

7 Pa achèche brichès, men chèche clasajès, epi gade, dmistè Bondye yo ap louvri devan nou, e apre sa nou pral vin rich. Gade, yon moun ki gen elavi etènèl se yon moun rich.

8 An verite, an verite, m di nou konsa, jan nou vle l nan men m nan se konsa nou jwenn li; epi si nou vle, nou sèvi kòm mwayen pou fè anpil byen nan jenerasyon sa a.

9 Pa di jenerasyon sa a anyen eksepte arepantans; respekte kòmandman m yo, potekole pou fè travay mwen an avanse, daprè kòmandman m yo, epi n ap beni.

10 Gade, ou gen yon don, epi ou beni poutèt don w lan. Sonje, li asakre epi li soti nan syèl la—

11 Epi si ou amande, w ap konnen bmistè ki gran epi ki mèveye; se poutèt sa, egzèse cdon w lan, pou ou kapab dekouvri mistè, pou ou kapab mennen anpil moun nan konesans verite a, wi, dkonvenk yo pou yo konnen erè ki nan chemen yo a.

12 Pa kite okenn moun konnen don w lan eksepte moun ki gen lafwa menm avèk ou. Pa betize avèk bagay asakre.

13 Si ou fè byen, wi, epi arete bfidèl jiska clafen, w ap sove nan wayòm Bondye a, ki se pi gwo don pase tout lòt don Bondye yo; paske pa gen okenn don ki pi gwo pase don dsali a.

14 An verite, an verite, m di w, ou beni poutèt sa w te fè a; paske w te amande m, epi, gade, toutotan ou te mande ou te resevwa enstriksyon nan men Lespri m. Si se pa t sa, ou pa t ap rive nan pozisyon ou ye kounyeya.

15 Gade, ou konnen ou te mande m e m te klere apanse w; e kounyeya, m di ou bagay sa yo pou kapab konnen se Lespri verite a ki te klere ou;

16 Wi, m di ou, ou kapab konnen pa gen okenn lòt moun eksepte Bondye ki akonnen panse ou ak entansyon ki nan b ou.

17 M di ou bagay sa yo kòm yon temwanjaj pou fè konnen pawòl oubyen liv w ap ekri a se averite.

18 Se poutèt sa, fè adilijans; brete bò kote Joseph, sèvitè m nan fidèlman, nan nenpòt sikonstans difisil li kapab ye pou byen pawòl la.

19 Reprimande l nan erè li yo epi tou aksepte reprimand nan men l. Ou dwe pasyan; fè lespri ou klè; tanpere ou; gen pasyans, lafwa, esperans ak charite.

20 Gade, ou se Oliver, epi m pale avèk ou poutèt dezi w; se poutèt sa akonsève pawòl sa a nan kè ou. Rete fidèl ak dilijan nan respekte kòmandman Bondye yo, epi m ap antoure ou avèk ponyèt lanmou mwen.

21 Gade, m se Jezikri, aPitit Gason Bondye a. Se mwen menm ki te vin jwenn moun bpa m yo, epi moun pa m yo pa t resevwa m. M se climyè ki klere nan dfènwa a, epi fènwa a pa rekonèt sa.

22 An verite, an verite, m di ou, si ou vle yon lòt temwayaj, raple ou nuit lè ou te kriye nan pye m nan kè ou la, pou ou te kapab akonnen si bagay sa yo se verite.

23 Èske m pa t pote alapè nan panse ou konsènan bagay sa? Ki pi gwo btemwayaj ou kapab resevwa nan men Bondye?

24 Epi kounyeya, ou te resevwa yon temwayaj; paske si m te di bagay okenn moun pa konnen, èske ou pa t resevwa yon temwayaj?

25 Epi gade, m ba ou yon don, si ou vle l nan men m, pou ou atradui menm jan avèk Joseph, sèvitè m nan.

26 An verite, an verite, m di ou, gen arejis ki gen anpil pati nan levanjil mwen an, ki te ret kache poutèt bmechanste pèp la;

27 Epi kounyeya, m kòmande ou, pou si ou gen bon dezi—yon dezi pou ou ranmase trezò pou tèt pa ou nan syèl la—lè sa a ou pral bay asistans pou devwale, avèk don w, pati sa yo nan aekriti m yo ki te kache poutèt inikite a.

28 Epi kounyeya, gade, m ba ou, epi m bay Joseph, sèvitè m nan, kle don sa a, ki pral devwale ministè sa a; epi nan bouch de oubyen twa atemwen chak pawòl pral tabli.

29 An verite, an verite, m di nou, si yo rejte pawòl mwen yo, ak pati sa a nan levanjil mwen an ak ministè m nan, n ap beni, paske yo pa kapab fè nou plis pase sa yo kapab fè m.

30 Epi menm si yo a nou menm jan yo te fè m nan, n ap beni, paske nou pral brete avèk mwen nan claglwa.

31 Men, si yo pa arejte pawòl mwen yo, ki pral tabli ak btemwayaj m pral bay la, y ap beni, epi apre sa nou pral gen lajwa nan fwi travay nou yo.

32 An verite, an verite, m di nou konsa, menm jan m te di disip mwen yo, kote de oubyen twa moun areyini nan non mwen, konsènan yon sèl objektif, gade, m ap nan bmitan yo—menm jan m nan mitan nou la.

33 Pa a fè byen, pitit gason m yo, paske nenpòt sa nou bsimen, se sa n ap rekòlte; se poutèt sa, si nou simen byen, n ap rekòlte byen tou kòm rekonpans.

34 Se poutèt sa, pa pè, ti twoupo; fè byen; kite tè ak lanfè mete ansanm kont nou, paske si nou bati sou awòch mwen an, yo pa kapab gen viktwa.

35 Gade, m pa kondane nou; ale fè wout nou epi pa fè apeche ankò; akonpli travay m te kòmande nou an avèk lespri nou klè.

36 aGade sou mwen nan chak panse; pa doute, pa pè.

37 aGade blese ki te pèse bò kòt mwen yo, epi tou gade mak bklou yo nan men m yo ak pye m yo; rete fidèl, respekte kòmandman m yo, epi n ap ceritye dwayòm syèl la. Amèn.