Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 126


Seksyon 126

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa lakay Brigham Young, nan Nauvoo, Illinois, 9 Jiyè 1841. Nan epòk sa a Brigham Young te Prezidan Kolèj Douz Apot yo.

1–3, Brigham Young jwenn konpliman pou travay li epi yo wete l anba obligasyon pou l vwayaje nan peyi etranje a lavni.

1 Chè frè byenneme m nan, aBrigham Young, an verite Senyè a di ou: Sèvitè m nan, Brigham, ou pa oblije kite fanmi ou yo ankò jan ou te konn fè a, paske ofrann ou an akseptab devan mwen.

2 M wè atravay ou ak sakrifis ou nan vwayaj pou non mwen.

3 Se poutèt sa m kòmande ou pou ou voye pawòl mwen ale tout kote, epi pou ou bay afanmi ou swen espesyal depi kounyeya epi pou tout tan. Amèn.