Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 99


Seksyon 99

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou John Murdock, 29 Out 1832, nan Hiram, Ohio. Pandan plis pase ennan, John Murdock t ap preche levanjil la pandan pitit li yo—ki te san manman apre lanmò madanm ni, Julia Clapp, an Avril 1831—te abite avèk kèk lòt fanmi nan Ohio.

1–8, John Murdock resevwa apèl pou l pwoklame levanjil la, epi moun ki resevwa l yo resevwa Senyè a epi y ap jwenn mizèrikòd.

1 Gade, mwen Senyè a di sèvitè m nan, John Murdock—ou resevwa apèl pou ale nan peyi lès yo soti nan yon kay ale nan yon lòt, soti nan yon vilaj ale nan yon lòt, epi soti nan yon vil ale nan yon lòt, pou pwoklame levanjil etènèl mwen an bay abitan kote sa yo, nan mitan apèsekisyon ak mechanste.

2 Epi nenpòt moun ki aresevwa ou, li resevwa m; epi w ap gen pouvwa pou ou deklare pawòl mwen nan bdemonstrasyon Sentespri a.

3 Epi moun ki resevwa ou atankou yon timoun piti, li resevwa bwayòm mwen an; epi li beni, paske y ap jwenn cmizèrikòd.

4 Epi nenpòt moun ki arejte ou, Papa m ak lakay li ap rejte l tou; epi ou dwe netwaye bpye ou nan plas sekrè yo sou wout la kòm temwayaj kont yo.

5 Epi gade, m ap avini rapid rapid pou bjijman, pou m konvenk tout move zèv yo te komèt kont mwen, jan sa ekri konsènan mwen nan volim liv la.

6 Epi kounyeya, an verite m di ou, se pa nesesè pou w ale jistan bezwen pitit ou yo satisfè, epi ou voye yo kote evèk Siyon an avèk jantiyès.

7 Epi apre kèk lane, si ou vle m voye ou, ou kapab ale nan bon peyi a tou, pou ou posede eritaj pa ou;

8 San sa, ou dwe kontinye pwoklame levanjil mwen an ajistan m pran ou. Amèn.