Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 74


Seksyon 74

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Konte Wayne, nan New York, an 1830. Menm anvan òganizasyon Legliz la, te gen kesyon ki te poze sou pi bon fason pou fè batèm, sa ki te fè Pwofèt la t al chèche repons sou sijè a. Istwa Joseph Smith la rapòte ke revelasyon sa a se yon eksplikasyon sou 1 Korentyen 7:14, yon ekriti yo te souvan itilize pou jistifye batèm timoun piti.

1–5, Pòl konseye Legliz nan epòk li a pou yo pa kenbe lalwa Moyiz la; 6–7, Timoun piti yo sen epi yo sanktifye pa mwayen Ekspyasyon an.

1 Yon madanm sanktifye yon mari aenkwayan, epi yon mari sanktifye yon madanm enkwayan; san sa pitit yo pa t ap sen, men kounyeya, yo sen.

2 Kounyeya, nan epòk apot yo lalwa sikonsizyon an te egziste pami tout Juif ki pa t kwè nan levanjil Jezikri a.

3 Epi se te konsa yon gwo achirepit te leve pami pèp la konsènan lalwa bsikonsizyon an, paske, mari ki enkredil yo te vle pou pitit li yo ta sikonsi epi pou yo vin soumèt anba clalwa Moyiz la ki te deja akonpli.

4 Epi se te konsa pitit yo ki te vin soumèt anba lalwa Moyiz la te aksepte atradisyon zansèt yo, epi yo pa t kwè nan levanjil Kris la, konsa yo te vin pa sen.

5 Se poutèt sa, pou rezon sa a, apot la te ekri legliz la, li te ba yo yon kòmandman, ki pa soti nan men Senyè a, men, nan men pa li, pou kwayan yo pa a tèt ansanm avèk enkwayan yo, eksepte si blalwa Moyiz la fini pami yo,

6 Pou pitit yo kapab rete san sikonsizyon; pou tradisyon ki te di timoun piti yo pa sen an kapab fini; paske li te pami Juif yo;

7 Men, atimoun piti yo bsen, paske yo csanktifye pa mwayen dekspyasyon Jezikri a; epi se sa ekriti yo vle di.