Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 96


Seksyon 96

Revelasyon Joseph Smith Pwofèt la te resevwa, ki montre lòd vil oubyen pye Siyon an nan Kirtland, Ohio, 4 Jen 1833, kòm yon egzanp pou Sen ki nan Kirtland yo. Okazyon an sete nan yon konferans gran prèt, epi sijè santral yo t ap anvizaje a se itilizasyon sèten tè, ki te pote non fèm French lan, legliz la te posede pre Kirtland. Kòm konferans lan pa t kapab dakò avèk kiyes ki pou pran responsablite jaden yo, tout moun te dakò pou yo mande Senyè a konsènan sijè a.

1, Pye Siyon ki nan Kirtland nan dwe vin ranfòse; 2–5, Evèk la dwe divize eritaj yo pou Sen yo; 6–9, John Johnson dwe vin yon manm nan lòd ini an.

1 Gade, m di nou, men lasajès, pou nou kapab konnen kòman pou nou aji konsènan sijè sa a, paske se nesesè pou mwen pou apye sa m te tabli pou fòs Siyon an vin fòtifye.

2 Se poutèt sa, se pou sèvitè m nan Newel K. Whitney pran responsablite plas ki lonmen pami nou an, kote m te planifye pou m bati kay sen mwen an.

3 Epi ankò, se pou plas sa a divize fè anplasman, daprè lasajès, pou benefis moun k ap chèche eritaj, jan sa te tabli nan konsèy pami nou.

4 Se poutèt sa, pa sispann pran swen bagay sa a, ak pòsyon sa a ki nesesè pou benefis alòd mwen an, nan entansyon pou pote pawòl mwen bay pitit lèzòm yo.

5 Paske gade, an verite m di nou, se sa ki pi enpòtan pou mwen, pou pawòl mwen ale pami pitit lèzòm yo, nan objektif pou soumèt kè pitit lèzòm yo pou byen nou. Se konsa sa ye. Amèn.

6 Epi ankò, an verite m di nou, se lasajès epi sa nesesè pou mwen, pou sèvitè m nan John Johnson m te aksepte ofrann li a epi m te tande priyè li yo, epi m te fè pwomès lavi etènèl la toutotan li respekte kòmandman m yo depi kounyeya—

7 Paske li se yon desandan aJoseph epi li patisipe nan benediksyon pwomès ki te fèt pou zansèt li yo—

8 An verite m di nou, se nesesè pou mwen pou l vin tounen yon manm nan lòd la, pou l kapab ede nan pote pawòl mwen bay pitit lèzòm.

9 Se poutèt sa nou dwe òdone l nan ofis sa a, epi li pral chèche avèk dilijans pou l wete ipotèk ki sou kay ki chwazi pou nou an, pou l kapab rete ladan l. Se konsa sa ye. Amèn.