2000–2009
Rasanbleman Izrayèl ki te Dispèse a
Oktòb 2006


Rasanbleman Izrayèl ki te Dispèse a

Nou ede rasanble eli Senyè a yo sou toulède bò vwal la.

Frè ak sè byenneme m yo, mèsi pou lafwa nou, devouman nou, ak lanmou nou. Nou pataje yon gwo responsablite pou nou vin moun Senyè a vle nou ye a epi pou nou fè sa Li vle nou fè. Nou fè pati yon gwo mouvman—Rasanbleman Izrayèl ki te dispèse a. M ap pale de doktrin sa a jodi a akozde enpòtans san parèy li a nan plan etènel Bondye a.

Alyans Abraramik

Nan tan lontan, Senyè a te beni Pè Abraham avèk yon pwomès pou L te fè posterite misye vin yon pèp chwazi.1 Gen referans a alyans sa a nan tout ekriti yo. Ladan yo te genyen pwomès ke Pitit Gason Bondye a t ap yon desandan Abraham, ke desandan l yo t ap eritye kèk peyi, e ke nasyon ak tribi sou tè a tap beni atravè posterite li, ak plis ankò.2 Alòske kèk aspè nan alyans sa a deja akonpli, Liv Mòmon an anseye ke alyans abraramic sa a ap akonpli sèlman nan dènye jou sa yo!3 Li souliye tou ke nou fè pati pèp alyans Senyè a.4 Nou gen privilèj pou nou patisipe pèsonèlman nan akonplisman pwomès sa yo. Ala yon bèl epòk n ap viv la!

Izrayèl Te Vin Dispèse

Antanke desandan Abraram, tribi Izrayèl tan lontan an te gen aksè a otorite pretriz ak benediksyon levanjil yo, men alafen pèp la te vin ap fè rebèl. Yo te tiye pwofèt yo epi Senyè a te pini yo. Yo te mennen dis tribi an kaptivite nan Asiri. Depi lè sa a yo te vin pèdi nan rejis limanite. (Evidamman, dis tribi yo pa pèdi pou Senyè a.) De tribi ki te rete yo te kontinye pandan yon ti tan epi apre sa, akozde rebelyon yo, yo te mennen yo an kaptivite nan Babilòn.5 Lè yo te retounen, Senyè a te favorize yo, men yon fwa ankò yo pa t onore L. Yo te rejte L epi yo te pale L mal. Yon Papa eman men ki te nan chagren te jire, “M ap dispèse nou pami tout nasyon,”6 E se sa L te fè—nan tout nasyon.

Izrayèl Gen pou l Rasanble

Pwomès Bondye pou rasanbleman Izrayèl ki te dispèse a te trè kategorik tou.7 Pa egzanp, Ezayi te prevwa ke nan dènye jou yo Senyè a t ap voye “mesaje rapid” kote moun sa yo ki te tèlman “dispèse ap epapiye” a.8

Pwomès rasanbleman sa a ki tise konplètman atravè tisi ekriti yo, ap akonpli tout bon vre menm jan ak pwofesi dispèsyon Izrayèl la.9

Legliz Jezikri a nan Midi Tan yo ak Apoztazi a.

Anvan Krisifiksyon L lan, Senyè Jezikri te etabli Legliz Li a. Li te genyen apot, pwofèt, swasanndis, enstriktè, elatriye.10 Epi Mèt la te voye disip Li yo nan mond lan pou preche levanjil Li a.11

Apre yon tan, Legliz Senyè a te etabli a te tonbe nan yon dekadans espirityèl. Yo te chanje ansèyman L yo; yo te chanje òdonans Li yo. Gran Apostazi a te vini, jan Pòl, ki te konnen ke Senyè a pa t ap vini ankò “amwenske yon dènye revòlt kont Bondye fèt anvan,” te predi l la.12

Gran Apostazi sa a te suiv menm modèl ki te detwi chak dispansasyon anvan yo. Premye a se te nan tan Adan an. Apre sa te vin gen dispansasyon Enòk, Noe, Abraram, Moyiz, ak lòt ankò. Chak pwofèt te gen yon responsablite diven pou l te anseye divinite a ak doktrin Senyè Jezikri a. Ansèyman sa yo te destine pou ede moun nan chak peryòd sa yo. Men dezobeyisans yo te debouche sou apostazi. Konsa, tout dispansasyon anvan yo te limite nan tan ak lokasyon. Tan yo te limite paske yo chak te fini nan apostazi. Lokalite yo te limite a yon ti pòsyon tou piti nan planèt tè a.

Retablisman Tout Bagay la

Konsa, yon retablisman total te nesesè. Bondye Papa a ak Jezikri te aple Pwofèt Joseph Smith pou l te vin pwofèt dispansasyon sa a. Tout pouvwa diven dispansasyon anvan yo te dwe retabli atravè limenm.13 Dispansasyon plenitid tan yo pa t ap limite nan tan ni nan lokasyon. Li pa t ap fini nan apostazi, e li t ap ranpli mond lan.14

Rasanbleman Izrayèl la—yon pati Entegral nan Retablisman Tout Bagay la.

Jan Pyè ak Pòl te pwofetize a, Tout bagay te dwe retabli nan dispansasyon sa a. Se poutèt sa, rasanbleman Izrayèl ki te dispèse n ap tann depi lontan an dwe vini, kòm yon pati nan retablisman sa a15 Se yon prelid nesesè pou Dezyèm Vini Senyè a.16

Doktrin rasanbleman an sa a se youn nan ansènyman enpòtan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Senyè a te deklare: “M ap ba nou yon siy … M ap rasanble Izrayèl Pèp mwen an, soti nan gwo dispèsyon yo a, e M pral tabli Siyon m nan nan pami yo ankò.”17 Vini Liv Mòmon an se yon siy pou tout mond lan ke Senyè a kòmanse rasanble Izrayèl api akonpli pwomès Li te fè avèk Abraram, Izaac, ak Jakòb yo.18 Nou pa sèlman ansenye doktrin sa a, men nou patisipe ladan l tou. Nou fè sa pandan n ap ede rasanble eli Senyè a yo sou toulède bò vwal la.

Liv Mòmon an se poto mitan travay sa a. Li deklare doktrin rasanbleman an.19 Li pèmèt moun jwenn enfòmasyon sou Jezikri, kwè nan levanjil Li a, epi antre nan Legliz Li a. Anfèt, si pa t gen Liv Mòmon an, pwomès konsènan rasanbleman Izrayèl la pa t ap reyalize .20

Pou noumenm, non onore Abraram nan enpòtan. Li mansyone nan plis vèsè nan ekriti Retablisman yo ke nan tout vèsè Bib la.21 Genyen yon lyen ant Abraram e tout manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.22 Senyè a reyafime alyans Abraramik la nan epòk pa nou an atravè Pwofèt Joseph Smit.23 Nan tanp lan nou resevwa benediksyon final nou yo, antanke desandan Abraram, Izaak, ak Jakòb.24

Dispansasyon Plenitid Tan yo.

Bondye te prevwa dispansasyon plenitid tan sa a kòm tan pou rasanble, nan syèl la ak sou latè. Pyè te konnen ke apre yon peryòd apostazi, t ap gen yon retablisman. Limenm, ki te avèk Senyè a sou Mòn transfigirasyon an, te deklare:

“Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l ka efase peche nou yo, lè sa a Bondye va fè nou jwenn yon rafrechi pou nanm nou devan li; …

“Pou koulye a Jezi gen pou l rete nan syèl la jouk lè Bondye va vini pou mete tout bagay nan plas yo ankò, jan l te fè nou konnen l lan nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan.”25

Nan tan modèn yo, Senyè a te voye Apot Pyè, Jak ak Jan avèk “kle wayom [Li} an ak yon dispansasyon levanjil pou dènye tan yo; ak pou plenitid tan yo,” kote Li t ap “rasanble tout bagay ansanm fè yon sèl, ni sa ki nan syèl la, ak sa ki sou tè a.”26

Nan ane 1830 la, Pwofèt Joseph Smith te te aprann ke yon mesaje selès ki rele Elyas, te posede kle pou reyalize “retablisman tout bagay yo.”27

Sizan apre Tanp Kirtland lan te konsakre. Apre Senyè a te fin aksepte kay sakre sa a, mesaje selès te vini avèk kle prètriz yo. Moyiz te parèt,28 “epi l te remèt nou kle rasanbleman Izrayèl la soti nan kat pati tè a, ak direksyon dis tribi yo soti nan peyi Nò yo.

“Apre sa, Elyas te parèt epi l te remèt dispansasyon levanjil Abraram nan, li te di, nan nou ak nan desandan nou yo, tout jenerasyon apre nou t ap beni.”29

Apre sa Pwofèt Eli te vini epi l te pwoklame, “Gade, lè a totalman rive, lè pawòl Malachi a te rive a—ki te temwaye Bondye t ap voye Eli anvan gran jou terib Senyè a—pou retounen kè zansèt yo sou pitit yo, epi kè pitit yo sou zansèt yo, pou tout tè apa frape avèk yon malediksyon.”30

Evenman sa yo te rive 3 Avril 1836,31 epi konsa yo te akonpli pwofesi Malachi a.32 Kle sakre yo pou dispansasyon sa a te retabli.33

Rasanbleman nanm sou Lòt Bò Vwal la.

Erezman, envitasyon pou nou “vini jwenn Kris la”34 kapab prezante bay moun ki te mouri san yo pa t konnen levanjil la tou.35 Yon pati nan preparasyon yo a mande efò moun ki ap viv sou tè a. Nou rasanble fèy asandans familyal, nou kreye fèy regwoupman familyal, epi nou fè travay tanp pa pwokirasyon pou rasanble moun pou Senyè a ak fanmi yo.36

Pou Patisipe nan Rasanbleman an: Yon Angajman pa Alyans

Isit sou latè, travay misyonè enpòtan pou rasanbleman Izrayèl la. Levanjil la te dwe ale jwenn “brebi pèdi Izrayèl yo” an premye.37 Pa konsekan, anpil sèvitè Senyè a te ale mache pwoklame Retablisman an. Misyonè nou yo chèche moun Izrayèl ki dispèse yo nan anpil nasyon; yo al fè lachas dèyè yo “nan tout twou wòch”; epi yo peche yo menm jan sa te konn fèt nan tan lontan.38

Chwa pou vin jwenn Kris la se pa yon zafè lokasyon fizik; se yon zafè angajman endividyèl. Moun yo kapab “vin konnen Senyè a”39 san yo pa kite peyi yo. Se vre ke nan kòmansman Legliz la, souvan konvèsyon te vle di emigrasyon tou. Men kounyeya rasanbleman an fèt nan chak nasyon. Senyè a prevwa etablisman Siyon40 nan chak rejyon kote Li bay Sen L yo nesans yo ak nasyonalite yo. Ekriti yo predi ke moun yo “pral rasanble lakay yo sou tè eritaj yo, epi y ap etabli nan tout tè pwomiz yo.”41 “Chak nasyon se lye rasanbleman pou pwòp pèp li.”42 Lye rasanbleman pou Sen Brezilyen yo se Brezil; lye rasanbleman pou Sen Nijeryen yo se Nijerya; lye rasanbleman pou Sen Koreyen yo se Kore; etsetera. Siyon se “moun ki gen kè pi.”43 Siyon se kote Sen ki jis yo ye. Kounyeya, nou tèlman gen piblikasyon, kominikasyon, ak kongregasyon ke prèske tout manm yo gen aksè a doktrin, kle, òdonans, ak benediksyon levanjil la kèlkeswa kote y ap viv.

Sekirite espirityèl ap toujou depann de jan yon moun ap viv, non pa de kote yon moun ap viv. Sen nan chak peyi yo gen yon dwa egal ego nan benediksyon Senyè a.

Travay Bondye Toupuisan sa a vrè. Li vivan. Jezi se Kris la. Sa a se Legliz Li ki te retabli pou akonpli destine divin ni, ansanm avèk pwomès rasanbleman Izrayèl la. Prezidan Gordon B. Hinckley se pwofèt Bondye jodi a. Mwen temwanye konsa nan non Jezikri, amèn.