Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 6


Seksyon 6

Revelasyon Joseph Smith ak Oliver Cowdery te resevwa, nan Harmony, Pennsylvania, an Avril 1829. Oliver Cowdery te kòmanse travay li kòm grefye nan tradiksyon Liv Mòmon an, 7 Avril 1829. Li te deja resevwa yon manifestasyon diven konsènan verite temwayaj Pwofèt la sou zafè plak ki te gen rejis Liv Mòmon an ekri sou yo a. Pwofèt la te mande Senyè a pa mwayen Ourim ak Toumim nan epi li te resevwa repons sa a.

1–6, Travayè nan jaden Senyè a yo gen sali; 7–13, Pa gen pi gran don pase don sali a; 14–27, Temwayaj konsènan verite a vini pa mwayen pouvwa Lespri a; 28–37, Gade sou Kris la, epi fè byen tout tan.

1 Yon gwo travay mèveye pral fèt pou pitit lèzòm yo.

2 Gade, m se Bondye; koute pawòl mwen, ki rapid ki pisan, pi file pase yon epe de bò, ki kapab divize jwenti yo ak mwèl a an de; se poutèt sa, koute pawòl mwen yo.

3 Gade, jaden an deja mi pou rekòlte; se poutèt sa, nenpòt moun ki vle rekòlte, se pou l manche kouto digo l avèk fòs li, epi pou l rekòlte pandan l fè jou a, pou l kapab ranmase trezò sali etènèl pou nanm li nan wayòm Bondye a.

4 Wi, nenpòt moun ki manche kouto digo l epi ki rekòlte, moun sa a resevwa apèl nan men Bondye.

5 Se poutèt sa, si nou mande m n ap resevwa; si nou frape, y ap louvri pou nou.

6 Kounyeya, kòm nou te mande, gade, m di nou konsa, respekte kòmandman m yo, e chèche fè vanse epi tabli kòz Siyon an;

7 Pa chèche richès, men chèche lasajès, epi gade, mistè Bondye yo ap louvri devan nou, e apre sa nou pral vin rich. Gade, yon moun ki gen lavi etènèl se yon moun rich.

8 An verite, an verite, m di nou konsa, jan nou vle l nan men m nan se konsa nou jwenn li; epi si nou vle, nou sèvi kòm mwayen pou fè anpil byen nan jenerasyon sa a.

9 Pa di jenerasyon sa a anyen eksepte repantans; respekte kòmandman m yo, potekole pou fè travay mwen an avanse, daprè kòmandman m yo, epi n ap beni.

10 Gade, ou gen yon don, epi ou beni poutèt don w lan. Sonje, li sakre epi li soti nan syèl la—

11 Epi si ou mande, w ap konnen mistè ki gran epi ki mèveye; se poutèt sa, egzèse don w lan, pou ou kapab dekouvri mistè, pou ou kapab mennen anpil moun nan konesans verite a, wi, konvenk yo pou yo konnen erè ki nan chemen yo a.

12 Pa kite okenn moun konnen don w lan eksepte moun ki gen lafwa menm avèk ou. Pa betize avèk bagay sakre.

13 Si ou fè byen, wi, epi rete fidèl jiska lafen, w ap sove nan wayòm Bondye a, ki se pi gwo don pase tout lòt don Bondye yo; paske pa gen okenn don ki pi gwo pase don sali a.

14 An verite, an verite, m di w, ou beni poutèt sa w te fè a; paske w te mande m, epi, gade, toutotan ou te mande ou te resevwa enstriksyon nan men Lespri m. Si se pa t sa, ou pa t ap rive nan pozisyon ou ye kounyeya.

15 Gade, ou konnen ou te mande m e m te klere panse w; e kounyeya, m di ou bagay sa yo pou kapab konnen se Lespri verite a ki te klere ou;

16 Wi, m di ou, ou kapab konnen pa gen okenn lòt moun eksepte Bondye ki konnen panse ou ak entansyon ki nan ou.

17 M di ou bagay sa yo kòm yon temwanjaj pou fè konnen pawòl oubyen liv w ap ekri a se verite.

18 Se poutèt sa, fè dilijans; rete bò kote Joseph, sèvitè m nan fidèlman, nan nenpòt sikonstans difisil li kapab ye pou byen pawòl la.

19 Reprimande l nan erè li yo epi tou aksepte reprimand nan men l. Ou dwe pasyan; fè lespri ou klè; tanpere ou; gen pasyans, lafwa, esperans ak charite.

20 Gade, ou se Oliver, epi m pale avèk ou poutèt dezi w; se poutèt sa konsève pawòl sa a nan kè ou. Rete fidèl ak dilijan nan respekte kòmandman Bondye yo, epi m ap antoure ou avèk ponyèt lanmou mwen.

21 Gade, m se Jezikri, Pitit Gason Bondye a. Se mwen menm ki te vin jwenn moun pa m yo, epi moun pa m yo pa t resevwa m. M se limyè ki klere nan fènwa a, epi fènwa a pa rekonèt sa.

22 An verite, an verite, m di ou, si ou vle yon lòt temwayaj, raple ou nuit lè ou te kriye nan pye m nan kè ou la, pou ou te kapab konnen si bagay sa yo se verite.

23 Èske m pa t pote lapè nan panse ou konsènan bagay sa? Ki pi gwo temwayaj ou kapab resevwa nan men Bondye?

24 Epi kounyeya, ou te resevwa yon temwayaj; paske si m te di bagay okenn moun pa konnen, èske ou pa t resevwa yon temwayaj?

25 Epi gade, m ba ou yon don, si ou vle l nan men m, pou ou tradui menm jan avèk Joseph, sèvitè m nan.

26 An verite, an verite, m di ou, gen rejis ki gen anpil pati nan levanjil mwen an, ki te ret kache poutèt mechanste pèp la;

27 Epi kounyeya, m kòmande ou, pou si ou gen bon dezi—yon dezi pou ou ranmase trezò pou tèt pa ou nan syèl la—lè sa a ou pral bay asistans pou devwale, avèk don w, pati sa yo nan ekriti m yo ki te kache poutèt inikite a.

28 Epi kounyeya, gade, m ba ou, epi m bay Joseph, sèvitè m nan, kle don sa a, ki pral devwale ministè sa a; epi nan bouch de oubyen twa temwen chak pawòl pral tabli.

29 An verite, an verite, m di nou, si yo rejte pawòl mwen yo, ak pati sa a nan levanjil mwen an ak ministè m nan, n ap beni, paske yo pa kapab fè nou plis pase sa yo kapab fè m.

30 Epi menm si yo nou menm jan yo te fè m nan, n ap beni, paske nou pral rete avèk mwen nan laglwa.

31 Men, si yo pa rejte pawòl mwen yo, ki pral tabli ak temwayaj m pral bay la, y ap beni, epi apre sa nou pral gen lajwa nan fwi travay nou yo.

32 An verite, an verite, m di nou konsa, menm jan m te di disip mwen yo, kote de oubyen twa moun reyini nan non mwen, konsènan yon sèl objektif, gade, m ap nan mitan yo—menm jan m nan mitan nou la.

33 Pa fè byen, pitit gason m yo, paske nenpòt sa nou simen, se sa n ap rekòlte; se poutèt sa, si nou simen byen, n ap rekòlte byen tou kòm rekonpans.

34 Se poutèt sa, pa pè, ti twoupo; fè byen; kite tè ak lanfè mete ansanm kont nou, paske si nou bati sou wòch mwen an, yo pa kapab gen viktwa.

35 Gade, m pa kondane nou; ale fè wout nou epi pa fè peche ankò; akonpli travay m te kòmande nou an avèk lespri nou klè.

36 Gade sou mwen nan chak panse; pa doute, pa pè.

37 Gade blese ki te pèse bò kòt mwen yo, epi tou gade mak klou yo nan men m yo ak pye m yo; rete fidèl, respekte kòmandman m yo, epi n ap eritye wayòm syèl la. Amèn.