Istwa Legliz la
Ayiti: Kwonoloji


“Ayiti: Kwonoloji,” Istwa Global :Ayiti (2019)

“Ayiti: Kwonoloji,” Istwa Global: Ayiti

Ayiti: Kwonoloji

30 Jen 1977 • Fort Lauderdale, FloridaAlexandre Mourra, moun Pòtoprens, te batize pandan l t ap vizite Etazini.

2 Jiyè 1978 • Hatte-Marré, AyitiVennde moun ke Alexandre Mourra te anseye te vin premye konvèti ki batize an Ayiti.

30 Mars 1980• Pòtoprens, AyitiPremye branch an Ayiti, Branch Petyonvil, te òganize toupre Pòtoprens, avèk Alexandre Mourra kòm prezidan.

23 Novanm 1980 • PòtoprensNan premye konferans Branch Pòtoprens Ayiti a, yo te soutni Rolande Sylvain kòm prezidant Sosyete Sekou.

Me–Jen 1980 • AyitiKat misyonè—Charles Wayne Bradshaw, Richard Dean Graham, Arthur Terrell, ak Von Hawks—te transfere soti nan Misyon Pari, Frans la pou ale an Ayiti.

Out 1980 • AyitiAvèk èd manm Legliz J. Frederick Templeman ak Alexandre Mourra, Legliz la te resevwa rekonesans ofisyèl nan men gouvènman Ayiti a.

30 Out 1981 • Provo, UtahFritzner Joseph te vin premye misyonè aplentan ki te aple soti Ayiti.

19 Desanm 1982 • PòtoprensDistri Ayiti a te òganize avèk Ludner E. Armand kòm prezidan.

Imaj
Konsekrasyon Ayiti

17 Avril • Pòtoprens

Èldè Thomas S.Monson nan Kolèj Douz Apot yo te konsakre Ayiti pou predikasyon levanjil la.

1983 • Kap-Ayisyen, Gonayiv ak Sen Mak, AyitiRive nan fen Septanm, twa premye branch andeyò zòn Pòtoprens lan te òganize.

Oktòb 1983 • PòtoprensGouvènman Ayiti a te mande èd prezidan misyon an pou yo te òganize rejis etasivil Ayiti yo. Misyonè granmoun te ede fòme etidyan nan jesyon rejis yo.

29 Novanm 1983 • Salt Lake City, UtahSeleksyon ki soti nan Liv Mòmon an te pibliye nan lang Kreyòl Ayisyen. Tradiksyon konplè a te pibliye an 1999.

4 Out 1984 • PòtoprensMisyon Pòtoprens Ayiti a te òganize.

1985 • AyitiKantite manm nan Legliz la te depase 1.000.

1988 • AyitiYo te entwodui pwogram seminè ak enstiti an Ayiti.

Oktòb 1991 • AyitiApre yon koudeta militè, legliz la te retire misyonè etranje yo an Ayiti. Fritzner ak Gina Joseph te prezide sou misyon an jiskaske misyonè etranje yo te retounen an Jiyè 1996.

Jiyè 1997 • PòtoprensPou yo te komemore 150 tyèm anivèsè antre pyonye yo nan Vale Salt Lake la, plis pase 300 manm Legliz te patisipe nan yon pwojè sèvis. Yo te koupe zèb, bale, netwaye, epi anbeli Chandmas, plas ki anfas Palè Nasyonal la.

21 Septanm, 1997• Port-au-PrincePieu Pòtoprens Ayiti a, premye pieu an Ayiti, te òganize avèk Reynolds Antoine Saint-Louis kòm prezidan.

4 Avril 1998 • AyitiSen Ayisyen yo te gen posiblite gade yon retransmisyon konferans jeneral andirèk pou lapremyè fwa.

17 Septanm, 2000 • Santo Domingo, Repiblik DominikènTanp Sen-Domeng nan Repiblik Dominikèn nan te konsakre, sa ki te rann òdonans tanp yo pi aksesib pou Sen Ayisyen yo. Paul Henry ak Wildermina Jean-Baptiste, moun Ayiti, sete premye koup Ayisyen ki te sele nan nouvo tanp lan.

2001 • AyitiPou lapremyè fwa, tout inite yo nan Legliz la te dirije pa manm lokal olyede misyonè.

7 Septanm, 2003 • PòtoprensPieu Nò Pòtoprens Ayiti a te òganize avèk Gheuthewannha Ghammald Francillon kòm prezidan.

Jiyè 2007 • Salt Lake CityDoktrin ak Alyans ak Pèl Gran Pri a te pibliye an Kreyòl Ayisyen.

Septanm–Oktòb 2008 • GonayivApre tanpèt twopikal te devaste Gonayiv, manm Legliz yo ak misyonè yo te ofri asistans imanitè atravè gwo pwojè travay. Biwo Repons Ijans Imanitè Legliz la te voye kit ijyenik, plastik pou repare twati kay, zouti, dèlko, tant, ak manje.

12 Janvye 2010 • AyitiManm Legliz yo te travay pou youn sipòte lòt apre gwo tranblemandtè terib ak chòk apre yo ki te devaste Ayiti. Chapèl Legliz yo te sèvi kòm abri, manm Legliz yo te ede distribye materyèl sekou Legliz la te ofri, epi yon ekip doktè, enfimyè, ak konseye Legliz la te ede pran swen viktim yo.

3 Avril 3 2010 • Salt Lake CityFouchard Pierre-Nau, moun Pòtoprens, te aple kòm yon Swasanndiz Entèrejyon.

Desanm 2010 • AyitiAn repons a yon epidemi kolera, Legliz la te voye kagezon tant, gwo inite filtrasyon dlo, sèl pou reyidratasyon, ak materyèl ijyèn.

Janvye 2011 • AyitiYon ane apre tranblemandtè destriktè a, Legliz la te kontinye efò èd pou rekiperasyon l yo, ki te enkli fòmasyon pwofesyonèl ak èd danplwa pou te ede moun ke tranblemadtè a te afekte ekonomikman yo jwenn travay.

9 Septanm 2012 • Kafou, AyitiPieu Kafou Ayiti a te òganize avèk Gerzino Milord kòm prezidan.

16 Septanm, 2012 • PòtoprensPieu KwadèMisyon, Ayiti a te òganize, avèk Harold Jules kòm prezidan.

Oktòb 2012 • Jakmèl, AyitiVolontè ki te soti nan branch Jakmèl te mobilize pou patisipe nan efò rekiperasyon apre siklòn Sandy a.

2012 • PòtoprensLegliz la te konstwi yon magazen evèk, ki te ranpli avèk materyèl alimantè debaz ak atik pou kay, pou founi èd tanporè pou manm ki nan bezwen yo.

12 Fevriye 2013 • AyitiSen an Ayiti yo te selebre 30èm anivèsè konsekrasyon peyi yo a pou predikasyon levanjil la. Èldè Neil L. Andersen nan Kolèj Douz Apòt yo te asiste selebrasyon yo, epi li teadrese manm yo an Fransè pandan vizit li a.

Me 2013 • AyitiManm Legliz yo te òganize yon pwojè ki kouvri tout peyi a pou plante pyebwa, yo te plante apeprè 400.000 pyebwa.

2014 • AyitiKantite manm nan Legliz la te depase 20.000.

Imaj
Tanp Pòtoprens,

5 April 2015 • Salt Lake City

Prezidan Legliz la, Thomas S. Monson, te anonse konstriksyon yon tanp nan Pòtoprens.

28 Oktòb 2017 • PòtoprensYo te òganize yon seremoni pou ouvè chantye pou Tanp Pòtoprens, Ayiti a.

27 Out 2018 • Salt Lake CityFritzner Andre Joseph ak Marie-Gina Michel Joseph te aple pou sèvi kòm prezidan ak matwòn tanp Pòtoprens, Ayiti a.

Septanm • PòtoprensYo te konsakre Tanp Pòtoprens Ayiti a.