Istwa Legliz la
Jwenn Pouvwa pou Andire


“Jwenn Pouvwa pou Andire,” Istwa Global: Ayiti (2019)

“Jwenn Pouvwa pou Andire,” Istwa Mond lan: Ayiti

Jwenn Pouvwa pou Andire

Rousseline Buissereth, ki gen disetan, te vle konnen laverite: èske jenn gason avèk vès yo ki t ap kontakte moun nan Delma yo te vrèman ap travay pou FBI oswa CIA? Yon jou nan fen ane 1990 yo, limenm ak sè l yo, Rousselène ak Rousselande, te rete yo epi yo te mande yo si rimè sa yo sete verite. Jenn gason yo, ki sete misyonè Sen Dènye Jou, te souri epi yo te envite sè yo legliz la, kote yo te di yo vin wè pou tèt pa yo.

Nan legliz la jou Dimanch sa a, Rousseline te entrige pa temwayaj li te tande yo epi li te kòmanse pran leson nan men misyonè yo ak li Liv Mòmon an. Sepandan, pandan limenm ak sè l yo te vin pi serye konsènan Legliz la, papa yo, Emanyèl, te fè objeksyon. Limenm ak madanm li, Lomaine, te fè gwo sakrifis pou yo te voye pitit yo nan lekòl Katolik, epi li pa t ka konprann poukisa yo t ap fè envestigasyon nan yon lòt relijyon. Li te di misyonè yo: “Timoun mwen yo gen yon Bib.” “Yo pa bezwen okenn lòt Bib.”

Rousseline te touche pa resanblans ki te genyen ant pawòl papa l yo ak yon pasaj li te fèk li nan Liv Mòmonn an (gade 2 Nefi 29:3). Li te di manman l, “Papa m t ap ede yon pwofesi akonpli.” Lè Emanyèl te entèdi misyonè yo retounen, sè yo te kontinye resevwa ansèyman nan chapèl lokal la. An 1999, avèk konsantman manman yo men san papa yo pa t konnen, yo te batize.

Lè Emanyèl te vin aprann desizyon yo a, li te entèdi yo ale legliz la epi l te redui sipò finansye l t ap ba yo a. Rousseline raple li: “Sa sete moman eprèv pa nou.” Li te apiye sou Liv Mòmon an pou l te ka jwenn rekonfò, pandan l t ap konpare eksperyans li yo avèk pa pèp Alma a lè yo te anba opresyon nan dezè a (gade Mozya 24). Rousseline te fè remak: “Nou te andire,” “gras ak pouvwa ekriti yo.” Apre yon sèten tan, papa yo te sede, epi yo te retounen legliz la.

Finalman, toulè twa sè yo te sèvi misyon yo. Pandan yo t ap viv selon lafwa yo, kè Emanyèl te vin adousi epi li te pèmèt pi jèn pitit li yo batize. An 2007, limenm ak Lomaine te batize tou. Apre misyon yo, Rousseline ak Rousselene te ale nan inivèsite nan Utah, nan Etazini, pandan Rousselande t ap etidye nan yon inivèsite tou pre lakay yo a an Ayiti.

An Janvye 2010, lè Rousselene t ap marye nan Tanp Salt Lake la, Emanyèl ak Lomaine te vwayaje ale Utah pou yo te asiste. Sèlman kèk èdtan apre Emanyèl te rive lakay li, yon tranblemandtè puisan te frape Ayiti, li te plati Delma epi li te detwi bilding kote Rousselande t ap etidye a. Pandan l te kwense anba debri yo, li te priye pou Bondye te ka pote l sekou. Finalman, apre 18 èdtan, de mesye ki t ap chèche jwenn sivivan nan zòn nan te santi yo pouse pou yo te chèche nan dekonb yo yon lòt fwa ankò epi yo te jwenn li.

Rousseline di “Sa [se te] yon mirak.” “M konnen ke Bondye t ap veye sou mwen.” Malgre Buissereth yo ak lòt Ayisyente kontinye ap travèse eprèv kòm konsekans tranblemandtè a, Rousselène te rekonèt men Bondye ki t ap pran swen sivivan yo e ki t ap rekonfòte moun ki te andèy yo. Atravè ane ki pase yo depi lè sa a, fanmi Buissereth kontinye andire eprèv lavi yo, enkli batay manman yo avèk kansè pandan anpil ane. Rousselène temwaye: “Andire eprèv yo posib sèlman si nou imilye tèt nou epi nou al jwenn Senyè a, Jezikri, pou nou ka jwenn rekonfò ak gidans.”