2018
Pran rezolisyon pou w repanti.
January 2018


Jèn yo

Pran rezolisyon pou w repanti

Prezidan Monson eksplike ke “responsablite nou se leve tèt nou soti anba medyokrite pou n rive nan konpetans, soti nan echèk pou n rive nan akonplisman.” Tach nou se vin pi bon nou kapab.” An Janvye, anpil moun pran desizyon pou yo fikse bi ak detèmine fason yo ka amelyore: souri pi plis, manje pi byen, oubyen aprann yon nouvo bagay. Pandan ke bi sa yo kapab ede nou chanje vin pi bon an, pi bon fason pou n chanje a se atravè repantans.

Menmsi repantans ka difisil, se yon kado li ye! Si nou apiye sou Jezikri pou nou repanti pou peche nou, n ap kapab pwogrese epi grandi. Prezidan Monson te di: “Sa k esansyèl nan plan [sali] a se Sovè nou an, Jezikri. San sakrifis ekspyatwa L la, tout moun t ap pèdi.” Atravè repantans, nou kapab pwòpte anba peche nou yo epi pwogrese pou nou vin menmjan avèk li.

Panse ak yon bagay ki ka anpeche w vin menmjan ak Sovè a. Èske se langaj ou? Èske se fason ou trete zanmi w oswa fanmi ou? Lè w fin panse sou sa w ka amelyore yo, priye Pè Selès la epi di l dezi ou pou chanje a. Sonje ke, atravè pouvwa Ekspyasyon l lan, Jezikri kapab ede nou simonte feblès nou. Jan Prezidan Monson anseye a: “Kado repantans la Sovè a banou an, pèmèt nou chanje kap sou wout nou pran an.”