2018
Don repantans la
January 2018


Mesaj Premye Prezidans lan, Janvye 2017

Don repantans lan

Prezidan Thomas S. Monson te anseye: “Responsablite nou se leve tèt nou soti anba medyokrite pou n rive nan konpetans, soti nan echèk pou n rive nan akonplisman.” “Tach nou se vin pi bon nou kapab. Yonn nan pi gwo kado Bondye ba nou se lajwa pou nou eseye ankò a, paske okenn echèk pa janm definitif.”1

Souvan, nou asosye rive yon nouvo ane avèk rezolisyon ak bi. Nou pran rezolisyon pou nou amelyore nou, pou n chanje, pou n eseye ankò. Petèt pi bon fason nou ka eseye ankò se lè nou anbrase sa Prezidan Monson rele “don repantans la.”2

Nan ekstrè nou pral wè yo, ki soti nan ansèyman li te bay depi l te vin Prezidan Legliz la, Prezidan Monson konseye nou pou n “aplike san ekspyatwa Kris la pou nou ka resevwa padon pou peche nou, ak pou kè nou kapab pirifye.”3

Mirak padon an

“Nou tout konn fè chwa ki pa kòrèk. Si nou pa deja korije chwa sa yo, m asire nou ke gen yon mwayen pou nou fè sa. Pwosesis la rele repantans. M priye nou pou nou korije erè nou yo. Sovè nou an te mouri pou l te bay ou menm avèk mwen kado beni sa a. Menmsi chemen an pa fasil, pwomès la reyèl: ‘Menmsi peche nou yo ta tache wouj tankou san, yo ka vin blan tankou lanèj’[Ezayi 1:18]. ‘Epi mwen menm. Senyè a, m pa sonje yo ankò’[D&A 58:42]. Pa mete lavi etènèl nou andanje. Si nou peche, pi vit nou kòmanse retounen sou chemen dwat la, se pi vit n ap jwenn bèl lapè ak lajwa ki soti nan mirak padon an.”4

Retounen sou chemen an

“Malgre li enperatif pou nou chwazi avèk sajès, gen moman kote nou pral fè chwa ki ensanse. Kado repantans la Sovè a banou an, pèmèt nou chanje kap sou wout nou pran an, pou nou ka retounen sou chemen k ap mennen nou nan lagwla selès n ap chèche a.”5

Chemen pou retounen an

“Si nenpòt nan nou tonbe nan vwayaj la, m asire nou ke gen yon mwayen pou n retounen. Pwosesis la rele repantans. Menmsi chemen an difisil, sali etènèl nou depann de li. Kisa k ka pi merite efò nou? M priye nou pou n deside kounyeya menm pou n pran etap nesesè pou n repanti totalman yo. Pi vit nou fè sa, se pi vit n ap ka jwenn lapè ak trankilite ak asirans Ezayi pale a [gade Ezayi 1:18].”6

Moun kapab chanje

Nou bezwen sonje ke moun ka chanje. Yo ka kite move abitid yo genyen. Yo ka repanti pou transgresyon yo. Yo ka detni prètriz la diyman. Epi yo ka sèvi Senyè a ak dilijans”7

Vin pwòp ankò

“Si ta gen nenpòt bagay ki pa bon nan lavi ou, gen yon mwayen pou w ka korije sa. Sispann tout move bagay w ap fè. Pale avèk evèk ou. Kèlkeswa sa pwoblèm nan ye, ou ka simonte l atravè bon jan repantans. Ou ka vin pwòp ankò.”8

Wòl esansyèl Sovè a

“Sa k esansyèl nan plan [sali] a se Sovè nou an, Jezikri. San sakrifis ekspyatwa L la, tout moun t ap pèdi. Men, sa pa ase pou nou senpleman kwè nan Li ak nan misyon L lan. Nou bezwen travay epi aprann, chèche epi priye, repanti epi amelyore nou. Nou bezwen konnen lwa Bondye yo epi aplike yo. Nou bezwen resevwa òdonans sali L yo. Se sèlman lè nou fè sa n ap jwenn vrè bonè a.”9

Nòt

  1. “The Will Within,” Ensign, Me 1987, 68.

  2. “Choices,” Liahona, Me 2016, 86.

  3. Mozya 4:2.

  4. “The Three Rs of Choice,” Liahona, Nov. 2010, 69.

  5. “Choices,” 86.

  6. “Keep the Commandments,” Liahona, Nov. 2015, 85.

  7. “See Others as They May Become,” Liahona, Nov. 2012, 68.

  8. “Priesthood Power,” Liahona, Me 2011, 67.

  9. “The Perfect Path to Happiness,” Liahona, Nov. 2016, 80–81.