Vini, Suiv Mwen 2024
Konvèsyon Se Objektif Nou


“Konvèsyon Se Objektif Nou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2023)

“Konvèsyon Se Objektif Nou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024

Imaj
papa ak pitit k ap nouri yon mouton

Konvèsyon Se Objektif Nou

Bi tout aprantisaj ak ansèyman nan levanjil la se pou apwofondi konvèsyon nou ak ede nou vin pi plis menm jan avèk Jezikri. Pou rezon sa a, lè n ap etidye levanjil la, nou pa sèlman ap chèche nouvo enfòmasyon; nou vle vin yon “nouvo kreyati” tou (2 Korentyen 5:17). Sa vledi konte sou Pè Selès la ak Jezikri pou ede nou chanje kè nou, pèsepsyon nou yo, aksyon nou yo, ak menm nati entrensèk nou.

Men, kalite aprantisaj levanjil ki fòtifye lafwa nou e ki mennen nan mirak konvèsyon sa a pa rive toudenkou. Li ale odela yon saldeklas pou antre nan kè ak fwaye yon moun. Li mande efò konsistan, chak jou pou nou konprann ak viv levanjil la. Vrè konvèsyon mande enfliyans Sentespri a.

Sentespri a gide nou nan laverite epi li rann temwayaj konsènan verite sa a (gade Jan 16:13). Li eklere lespri nou, li akselere konpreyansyon nou, epi li touche kè nou avèk revelasyon nou resevwa nan men Bondye, sous tout verite a. Sentespri a pirifye kè nou. Li enspire nan nou yon dezi pou nou viv selon verite a, epi Li chichote pou nou ki fason pou nou fè sa. Reyèlman, “Sentespri a … ap anseye [nou] tout bagay” (Jan 14:26).

Pou rezon sa yo, nan efò nou pou nou viv, aprann ak anseye levanjil la, nou dwe dabò e sitou chèche konpayi Sentespri a. Objektif sa a ta dwe gouvène chwa nou e gide panse ak aksyon nou. Nou ta dwe chèche tout sa ki envite enfliyans Lespri a epi rejte tout sa ki chase enfliyans sa a—paske nou konnen si nou ka diy pou prezans Sentespri a, nou ka diy tou pou nou viv nan prezans Pè Selès la ak Pitit Gason L lan, Jezikri tou.