Vini, Suiv Mwen 2024
Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz


“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv 2024 (2023)

“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024

Imaj
yon fanmi ki ap etidye ekriti

Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz

Pou Kimoun Resous Sa a Ye?

Resous sa a se pou nenpòt moun ki vle aprann nan Liv Mòmon an—endividyèlman, antanke fanmi, ak nan klas nan Legliz la. Si w pa t konn etidye levanjil la regilyèman otrefwa, resous sa a ka ede w kòmanse fè sa. Si w deja gen yon bon abitid etid ekriti, resous sa a ka ede w fè plis eksperyans siyifikatif.

Moun ak Fanmi nan Fwaye

Kote ideyal pou aprann levanjil la se fwaye a. Enstriktè w yo nan legliz la ka sipòte w, e ou ka jwenn ankourajman nan men lòt manm pawas yo. Men, pou siviv espirityèlman, oumenm ak fanmi w bezwen nouriti chak jou ki soti nan “bon pawòl Bondye a” (Mowoni 6:4; gade tou Russell M. Nelson, “Diskou Ouvèti,” Lyawona, Nov. 2018, 6–8).

Itilize resous sa a nenpòt jan ki itil pou ou. Deskripsyon yo mete aksan sou kèk verite etènèl nou jwenn nan Liv Mòmon an epi yo sigjere ide ak aktivite pou ede w etidye ekriti yo endividyèlman, avèk fanmi w, oswa avèk zanmi. Pandan w ap etidye, suiv direksyon Lespri a pou jwenn verite etènèl ki gen sans pou ou. Chèche mesaj Bondye voye pou ou,yo epi suiv enspirasyonn ou resevwa yo.

Enstriktè avèk moun ki ap Aprann nan Legliz la

Si w anseye yon klas Primè, yon klas jèn oubyen Lekòldidimanch adilt, yon kowòm Prètriz Aawon, oubyen yon klas Jènfi, nou ankouraje w pou w itilize plan leson yo ki nan resous sa a pandan w ap prepare w pou w anseye. Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz la se kourikoulòm pou klas Dimanch ou an. Ide pou aprantisaj yo nan resous sa a fèt pou moun aprann lakay yo ak nan legliz la. Lè w ap prepare w pou w anseye, kòmanse pa fè pwòp eksperyans pa w nan ekriti yo. Preparasyon ki pi enpòtan pou ou a ap rive lè w fouye ekriti yo ak lè w chèche enspirasyon Sentespri a. Chèche verite etènèl ki ede ou vin pi plis tankou Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Vini, Suiv Mwen an kapab ede w idantifye kèk nan verite sa yo epi konprann kontèks ekriti yo.

Kenbe nan tèt ou ke aprann levanjil la, pi byen posib, se yon bagay ki santre sou fwaye a epi ki resevwa sipò Legliz la. Nou ta kapab di responsablite prensipal ou se pou w sipòte moun w ap anseye yo nan efò yo pou yo aprann aki viv levanjil la nan fwaye yo. Ba yo opòtinite pou yo pataje eksperyans yo, panse yo ak kesyon yo sou pasaj ekriti yo. Envite yo pou yo pataje verite etènèl yo jwenn yo. Sa pi enpòtan pase kouvri yon sèten kantite materyèl.

Primè

Preparasyon w pou anseye Primè a kòmanse pandan w ap etidye Liv Mòmon an pèsonèlman ak lè w etidye l avèk fanmi w. Pandan w ap fè sa, rete ouvè a enpresyon ak ide espirityèl ki soti nan Sentespri a konsènan timoun yo nan klas Primè w la. Rete nan lapriyè, epi Lespri a kapab enspire w ide pou ede yo aprann levanjil Jezikri a.

Pandan w ap prepare w pou anseye a, ou ta kapab jwenn lòt enspirasyon nan eksplore ide pou ansèyman yo bay yo nan resous sa a. Chak plan leson ki nan Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz la gen yon seksyon ki rele “Ide pou Anseye Timoun yo.” Panse a ide sa yo kòm sijesyon ki kapab fasilite enspirasyon ou. Ou konnen timoun yo nan klas Primè w la—epi w ap vin aprann konnen yo pi byen toujou pandan w ap entèraji avèk yo nan klas la. Bondye konnen yo tou, epi Li ap enspire w pou w jwenn pi bon mwayen pou anseye yo ak beni yo.

Li posib ke timoun ki nan klas ou a deja fè kèk nan aktivite ki nan Vini, Suiv Mwen an avèk fanmi yo. Sa OK. Repetisyon se yon bon bagay. Anvizaje envite timoun yo pou youn pataje avèk lòt sa yo te aprann lakay yo—byenke ou ta dwe planifye fason pou timoun yo patisipe tou menm si yo p ap aprann lakay yo. Timoun aprann verite levanjil pi efikasman lè yo anseye yo verite sa yo atravè divès aktivite. Si w dekouvri ke yon aktivite aprantisaj efikas pou timoun yo, anvizaje repete l, sitou si w ap anseye timoun ki pi piti yo. Ou ta gen dwa revize yon aktivite ki soti nan yon leson ki te fèt deja.

Nan mwa ki gen senk Dimanch yo, enstriktè Primè yo gen opsyon pou yo ranplase plan leson Vini, Suiv Mwen ki prevwa pou senkyèm Dimanch lan avèk youn oswa plis aktivite aprantisaj yo ki nan “Apendis B: Pou Primè—Prepare Timoun yo pou Tout Yon Lavi sou Chemen Alyans Bondye a

Klas Lekòldidimanch Jèn ak Adilt

Youn nan rezon prensipal ki fè nou rasanble nan klas Lekòldidimanch se pou nou youn sipòte lòt pandan n ap fè efò pou nou suiv Jezikri. Youn nan fason senp pou fè sa se poze yon kesyon tankou “Kisa Sentespri a te anseye w semèn sa a pandan w t ap etidye Liv Mòmon an avèk Vini, Suiv Mwen an?” Reponn kesyon sa a ka mennen nan diskisyon siyifikatif ki bati lafwa nan Jezikri ak nan levanjil Li a.

Apre sa ou ka envite diskisyon ki baze sou sijesyon etid yo nan Vini, Suiv Mwen an. Pa egzanp, yon etid lide kapab sijere chèche Alma 36 epi fè yon lis mo ki anseye sou wòl Sovè a nan repantans. Ou ta kapab mande manm klas la pou yo pataje ak pale sou pawòl yo te jwenn yo. Oswa ou ta kapab pase kèk tan ap fè lis la ansanm kòm yon klas.

Kowòm Prètriz Aawon ak Klas Jènfi

Lè kowòm Prètriz Aawon ak klas Jènfi yo rankontre lè Dimanch, objektif yo yon ti jan diferan de yon klas Lekòldidimanch. Anplis pou youn ede lòt aprann levanjil Jezikri a, gwoup sa yo reyini tou pou yo pale ansanm sou akonplisman travay sali ak egzaltasyon an (gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 1.2). Yo fè sa sou direksyon prezidans klas ak kowòm yo.

Pou rezon sa a, chak reyinyon kowòm oswa klas ta dwe kòmanse avèk yon manm kowòm nan oswa prezidans klas ki ap dirije yon diskisyon sou efò pou, pa egzanp, viv levanjil la, sèvi moun ki nan bezwen, pataje levanjil la, oswa patisipe nan travay tanp ak istwa familyal.

Apre tan sa a pou fè konsèy ansanm nan, yon enstriktè dirije klas la oswa kowòm nan pandan y ap aprann levanjil la ansanm. Dirijan adilt oswa manm klas oswa kowòm adilt yo ka resevwa responsablite pou yo anseye. Prezidans klas la oswa kowòm nan bay responsablite sa yo an konsiltasyon avèk dirijan adilt yo.

Moun yo bay responsablite pou anseye yo dwe prepare yo nan itilize sigjesyon aprantisaj yo bay nan plan leson chak semèn nan, nan Vini, Suiv Mwen an. Nan chak plan leson, senbòl sa a endike yon aktivite ki enpòtan anpil pou jèn yo. Sepandan, nenpòt nan sijesyon yo nan deklarasyon an ta ka sèvi kòm yon aktivite aprantisaj pou jèn yo.

Pou yon modèl ajanda pou reyinyon kowòm ak reyinyon klas yo, gade nan apendis D.