Vini, Suiv Mwen 2024
15–21 Avril: “Li Travay nan Mwen pou M Aji Selon Volonte L.” Enòs–Pawòl Mòmon


“15–21 Avril: ‘Li Travay nan Mwen pou M Aji Selon Volonte L.’ Enòs–Pawòl Mòmon yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2024)

“15–21 Avril. Enòs–Pawòl Mòmon yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2024)

Imaj
Enòs lè l te yon jèn tigason avèk papa l, Jakòb, ak manman l

Jakòb ak Enòs, tablo Scott Snow

15–21 Avril: “Li Travay nan Mwen pou M Aji Selon Volonte L.”

Enòs–Pawòl Mòmon yo

Malgre Enòs te ale nan forè a pou l chase bèt pou satisfè grangou fizik, li te fini pa rete la pandan tout jounen an rive jis lanuit paske “nanm li te grangou.” Grangou sa a te fè Enos an “leve vwa l [wo] jistan l te touche syèl la.” Li te dekri eksperyans sa a kòm yon “lit” devan Bondye (gade nan Enòs 1:2–4). Nou aprann apatide de Enos ke lapriyè se yon efò sensè pou moun vin pi pre Bondye epi fè volonte L. Lè w priye avèk entansyon sa a, ou gen plis chans pou w dekouvri, menm jan avèk Enos, ke Bondye tande w e li vrèman sousye pou ou, pou moun ki chè pou ou yo, e menm pou ènmi w yo (gade nan Enòs 1:4–17). Lè ou konnen volonte Li, ou pi byen kapab fè volonte Li. Tankou Mòmon, ou gen dwa “pa konnen tout bagay; men Senyè a konnen tout bagay … Se poutèt sa, li travay nan nan [ou] pou w ka aji selon volonte li” (Pawòl Mòmon 1:7).

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Enòs 1:1–17

L ap tande priyè ou epi l ap reponn yo.

Eksperyans pa w avèk lapriyè gen dwa mwens dramatik ke pa Enos yo, men yo pa oblije mwens enpòtan. Men kèk kesyon pou w reflechi sou yo pandan w ap etidye Enòs 1:1-17la:

  • Ki mo ki dekri efò Enòs pandan l t ap priye a?

  • Ki jan priyè Enòs yo te chanje ant vèsè 4 rive nan vèsè 11?

  • Kisa m aprann nan men Enòs ki ka ede m amelyore priyè m yo?

Gade tou “Enos Priye avèk Fèvè” (videyo), Bibliyotèk Levanjil; “Ah, douce est l heure de prier,” Cantiques, no. 142.

Pataje kesyon diskisyon yo. Si w ap anseye lòt moun, konsidere mete kesyon ou ta renmen diskite yo nan yon kote enpòtan pou tout moun ka wè yo. Sa ede moun medite sou kesyon yo e sa ede yo bay plis repons enspire.

Enòs 1:1–17

Imaj
senbòl seminè
Senyè a kapab ede m enfliyanse relasyon familyal mwen pou byen.

Petèt gen yon moun nan fanmi ou ki ta renmen ou ta ka ede vin jwenn Kris la, men ou mande si efò ou yo ap fè nenpòt diferans. Ki sa ou ka aprann nan Enòs 1:1–4 konsènan enfliyans Jakòb sou pitit gason l Enòs la? Pa egzanp, ki sa fraz “nan nouriti ak avètisman Senyè a” vle di pou ou? Kijan w ka envite enfliyans li nan fwaye ou?

Pandan w ap panse ak pwòp fanmi w, konsidere kesyon sa yo ak resous sa yo:

Èldè Dieter F. Uchtdorf pataje konsèy itil pou fanmi yo nan “Lwanj pou Moun ki Sove” (Ensign oswa Liahona, Me 2016, 77–80). Ki sa mesaj li a enspire w fè pou fòtifye fanmi w? (gade espesyalman seksyon an ki gen “Ekonomize Fanmi nou”).

Gade tou Sijè Levanjil yo, “Fanmi,” Bibliyotèk Levanjil; “Home and Family—Through Small Things” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

Enòs 1:1–18

Nou ka resevwa padon pou peche nou lè nou egzèse lafwa nan Jezikri.

Pafwa ou ka mande si peche ou yo te padonnen, menm apre ou fin repanti pou peche sa yo. Ki sa ki konprann ou jwenn nan eksperyans Enòs la nan Enòs 1:1-8? Ki jan Enòs te montre lafwa l nan Jezikri anvan e apre l te fin resevwa padon?

Jawòm–Omni

Lè m fè efò pou m respekte kòmandman yo, Bondye ap beni m.

Liv Jarom ak Omni yo dekri relasyon ki genyen ant jistis ak pwosperite. Kisa ou aprann nan Jak 1:7–12; Omni 1:5–7, 12–18? Ki jan definisyon pwofàn konsènan powsperite a diferan de definisyon Senyè a? Kijan Senyè a ede pèp li a pwospere? (gade Alma 37:13; 48:15–16).

Omni 1:25–26

“Vin jwenn Kris la, ki se Sen Izrayèl la.”

Envitasyon “Vin jwenn Kris la” parèt souvan nan Liv Mòmon an. Anfèt, youn nan objektif prensipal liv la se pou yon ekstansyon pou envitasyon sa a pou tout moun. Pandan w ap li Omni 1:25–26, ki pawòl oubyen fraz nou jwenn ki dekri kijan pou vin jwenn Kris la? Kisa w ap fè pou vin jwenn li pi konplètman?

Imaj
Mòmon k ap konpile plak lò yo

Mòmon k ap konpile plak yo, tablo Jorge Cocco

Pawòl Mòmon yo 1:1–8

Bondye ap travay atravè nou si nou suiv gidans Li.

Youn nan rezon ki fè Senyè a te enspire Mòmon pou l enkli ti plak Nefi yo nan Liv Mòmon an se paske Bondye te konnen ke premye 116 paj ki te tradui yo t ap pèdi (gade Doktrin ak Alyans 10; Les Saints, volim 1, chapit 5). Poukisa w rekonesan dèske Mòmon te suiv enstriksyon Senyè a pou l enkli ekriti sa yo (ki gen ladan 1 Nefi rive nan Omni)? Ki rezon Mòmon te ba pou l te enkli yo? (gade Pawòl Mòmon 1:3–7). Kilè w konn wè Bondye ap fè travay Li atravè ou menm oubyen lòt moun?

Pou plis ide, gade piblikasyon revi Liahona mwa sa a ak Pou fòs Jèn yo .

Ide pou Anseye Timoun yo

Enòs 1:1–5

M ka pale avèk Pè Selès la atravè lapriyè.

  • Ki jan w ka ede pitit ou fè priyè yo vin gen plis sans? Konsidere pou w montre yo yon foto Enòs k ap priye; Kite yo dekri sa yo wè. Envite timoun yo pou yo fèmen je yo epi imajine ke y ap pale avèk Pè Selès la fasafas. Kisa yo ta renmen pale avèk li? Ki sa li ta ka vle di yo?

  • Pandan w ap li Enòs 1:1–4pou timoun yo, envite yo pou yo pretann ke yo se Enòs ki ap fè lachas, ki ajenou pou l priye, eksetera. Timoun ki pi gran yo te ka koute yon mo oswa yon fraz ki dekri priyè Enòs yo. Kisa vèsè sa yo anseye nou konsènan priye Enòs yo? Pataje yon eksperyans kote nanm nou te “grangou” epi w te “kriye nan pye” Senyè a (Enòs 1:4).

Imaj
yon fanmi k ap priye

Antanke pitit Bondye, nou ka priye Papa nou ki nan Syèl la.

Enòs 1:2–16

Pè Selès la tande e Li reponn priyè m yo.

  • Kijan w ka ede pitit ou yo konprann Papa nou ki nan Syèl la ap tande epi reponn priyè yo? Panse pou w envite yo pou yo lis kèk bagay yo tipikman priye pou yo. Apresa, ou ta ka ede yo jwenn pou ki bagay Enòs te priye nan Enòs 1:2, 9, 13–14, ak 16 (gade tou “Chapit 11: Enòs,” Istwa Liv Mòmon, 30–31).

    Ki rezilta priyè Enòs yo te bay? (gade vèsè 6, 9, 11).

    Ki sa nou aprann nan eksperyans Enòs te fè a sou fason pou nou amelyore priyè nou yo?

  • Chante ansanm yon chan sou lapriyè, tankou “La prière d un Enfant” (Chants pour les enfants, 6–7). Envite timoun yo pou yo leve men yo chak fwa yo tande mo “priye” oubyen “lapriyè” a oubyen yon lòt mo ki repete. Pale ak pitit nou yo sou kèk fason Papa nou ki nan Syèl la reponn priyè nou yo.

Pawòl Mòmon yo 1:3–8

M ka beni lòt moun lè m koute Sentespri a.

  • Mòmon te suiv gidans Sentespri a pou l te enkli ti plak Nefi yo nan Liv Mòmon an. Tout sa nou te etidye nan Liv Mòmon an jiskaprezan ane sa a vin jwenn nou paske Mòmon te fè chwa pou l te koute Lespri a. Kijan w ka ede pitit ou yo aprann koute Lespri a? Envite yo pou yo pran vire vèsè ki nan Pawòl Mòmon 1:3–8. Ou ta ka pale sou sa yo aprann nan chak vèsè. Apresa, pitit ou yo te kapab :

    • Pataje sa yo te aprann nan istwa ki nan Liv Mòmon yo ane sa a (foto nan Vini, Suiv Mwen yo ka ede yo sonje).

    • Chante yon kantik sou Sentespri a ansanm, tankou “Petite voix douce” (Chants pour les enfants,106–7).

    • Pale sou eksperyans kote Lespri a te gide w pou w te fè yon bagay ki te beni yon lòt moun.

Pou plis ide, gade piblikasyon revi Zanmi mwa sa a.

Imaj
Enòs k ap priye

Enòs y ap priye, tablo Robert T. Barrett