Vini, Suiv Mwen 2024
8–14 Avril: “Senyè a Travay Avèk Nou” Jakòb 5–7


8–14 Avril: “Senyè a Travay Avèk Nou” Jakòb 5–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2024)

“8–14 Avril: Jakòb 5–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2024)

Imaj
gason ki ap travay nan yon jaden olivye

Alegori Pye Olivye a, pa Brad Teare

8–14 Avril: “Senyè a Travay Avèk Nou”

Jakòb 5–7

Gen anpil, anpil moun ki po ko tande levanjil Jezikri a. Si w konn santi w depase pa gwosè tach pou rasanble yo nan Legliz Senyè a, sa Jakòb te di de pye Olivye yo nan Jakòb 5 gen yon rapèl rasiran: jaden rezen an se pou Senyè a. Li ba nou chak yon ti pati pou n pote èd nou nan travay Li a—fanmi nou, sèk zanmi nou, domèn enfliyans nou. Epi pafwa premye moun nou ede rasanble se tèt pa nou. Men nou pa janm poukont nou nan travay sa a, paske Senyè jaden an travay ansanm avèk sèvitè L yo (gade nan Jakòb 5:72). Bondye konnen pitit li yo, Li renmen yo, epi L ap prepare yon fason pou yo chak tande levanjil Li a, menm moun ki te rejte l nan lepase yo (gade nan Jakòb 4:15–18). Epi, apre sa, lè travay la fèt, tout moun ki te “travay avèk dilijans avèk [li] … pral gen lajwa avèk [Li] akòz fwi jaden [L] yo” (Jakòb 5:75).

Gade tou “Jakòb anseye sou rasanbleman Izrayèl la” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

Ide pou Aprantisaj lakay ak nan Legliz la

Jakòb 5

Jezikri se Mèt jaden rezen an.

Jakòb 5 se yon istwa ki gen yon siyifikasyon senbolik. Li dekri pye bwa ak fwi ak travayè, men an reyalite li konsène entèraksyon Bondye a avèk pèp Li a nan tout listwa. Konsa, pandan w ap li baz istwa a, reflechi sou sa kèk nan bagay sa yo nan istwa a ta ka senbolize.

Pa egzanp, si jaden rezen an reprezante mond lan, epi pye oliv taye a reprezante pèp Izrayèl la (oswa moun ki te fè alyans avèk Bondye; gade Jakòb 5:3), ki sa pyebwa oliv sovaj yo reprezante? Kisa bon ak move fwi a reprezante? Ki lòt senbòl nou wè?

Menm si Jakòb 5 anseye sou nasyon yo ak syèk nan istwa mond lan, li konsène oumenm ak lavi w tou. Ki mesaj ou jwenn pou tèt pa w nan Jakòb 5?

Petèt sa ki pi enpòtan, Jakòb 5 se konsènan Jezikri. Chèche L pandan w ap li a. Kisa ou aprann konsènan Li, pa egzanp, nan vèsè 40–41, 46–47?

Pou plis ide sou Jakòb 5, gade dyagram lan nan fen ekspoze sa a.

Jakòb 5:61–75

Imaj
senbòl seminè
Senyè a envite sèvitè L yo pou yo travay avèk Li nan jaden rezen L lan.

“Lòt sèvitè yo” (Jakòb 5:70) ke yo te rele pou yo te vin nan jaden rezen Senyè a enkli moun tankou oumenm. Ki prensip ou jwenn nan Jakòb 5, espesyalman vèsè 61–62 ak 70–75, konsènan travay nan jaden rezen Senyè a? Kisa ou te aprann konsènan Li lè ou ede nan travay Li a?

Pandan w ap li konsènan “dènye fwa” Senyè a travay nan jaden L lan, kisa ki enspire w pou sèvi Senyè a “ak tout fòs ou”? (Jakòb 5:71) Petèt ou ka panse a yon eksperyans pèsonèl kote ou te santi lajwa pandan w t ap sèvi Mèt jaden an, pa egzanp nan pataje levanjil la, sèvi nan tanp, oubyen fòtifye lòt yo. Ou ta kapab eksplore tou egzanp Èldè Gary E. Steven te pataje li a “Senpleman Mayifik—Mayifikman SenpLyawona, Nov. 2021, 47–50).

Prezidan Nelson te anseye: “Chak fwa ou fè nenpòt bagay ki ede nenpòt moun—sou nenpòt bò vwal la — fè,yon pa nan direksyon fè alyans avèk Bondye epi resevwa òdonans batèm ak tanp esansyèl yo, w ap ede rasanble Izrayèl. Se konsa li senp” (“Ô vaillants guerriers d’Israëlveye espirityèl mondyal pou jèn yo, 3 Jen 2018], ChurchofJesusChrist.org Anvizaje kòmanse yon lis ide sou sa w ka fè pou w ede rasanble pèp Izrayèl la. Nan lis ou a, ki sa w santi Senyè a ta fè w fè jodi a nan jaden rezen l lan? Dapre vèsè 75, kijan Senyè a rekonpanse nou pou sèvis nan jaden rezen L lan?

Gade tou “Israel, Israel, Ton Dieu T Appelle,” Kantik, nimewo 6; “Ansyen Testaman Olive Vineyard” (videyo), Bibliyotèk Levanjil; Sijè Levanjil, “Rasanble Izrayèl,” “Envite Tout Moun pou yo Resevwa Levanjil Jezikri a,” “Patisipe nan Travay Tanp ak Istwa Familyal,” Bibliyotèk Levanjil la.

Anseye doktrin. Asire w ke diskisyon w yo konsantre sou doktrin fondamantal ki nan ekriti yo. Nou ka fè sa lè nou li ekriti yo ansanm epi youn pataje avèk lòt verite nou jwenn yo youn ak lòt, ansanm avèk eksperyans viv verite sa yo.

Jakòb 6:4–5

Senyè a sonje pèp Li a nan lanmou ak mizèrikòd.

Youn nan siyifikasyon mo atache ase kole oswa tache sou yon bagay yon fason fèm, entim, e inebranlab. Ki jan definisyon sa a afekte fason ou konprann Jakòb 6:4–5? Nan istwa pye oliv la, kijan Senyè jaden rezen an te lonje “bra mizèrikòd” li a? (gade, pa egzanp, nan Jakòb 5:47, 51, 60–61, 71–72 Kijan L te fè sa pou ou?

Jakòb 7:1–23

M ka kanpe djanm lè lòt moun ap kesyone lafwa m nan Jezikri.

Eksperyans Nefit yo avèk Cherèm repete souvan jodi a: gen moun ki ap eseye detwi lafwa nan Kris. Kijan Jakòb te reponn lè yo te atake lafwa l? Kisa w aprann nan repons li yo? Kisa w ka fè kounyeya pou prepare w pou moman kote moun pral kesyone lafwa w nan Sovè a?

Gade tou Jeffrey R. Holland, “Pri—ak Bendiksyon—Disip,” Ensign oswa Liahona, Me 2014, 6–9; “Sherem Denies Christ” (video), Medyatèk Levanjil la.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan Liahona a ak magazin Pou fòs Jèn yo .

Ide pou Ansèyman Timoun

Jakòb 5

Senyè a pran swen pèp Li a.

  • Kijan w ka pataje istwa pye oliv yo nan yon fason timoun ou yo ka konprann. Youn nan fason yo se fè yon ti mache deyò a pou gade yon pye bwa epi revize rapidman pwen prensipal istwa a. Kisa Senyè jaden rezen an te fè pou pyebwa L yo? Kijan nou ka tankou travayè ki nan istwa a epi ede lòt moun santi lanmou Sovè a?

  • Jakòb te pataje istwa pye oliv yo pou envite pèp li a vini jwenn Kris la. Sa ka fè menm bagay la pou timoun ou yo. Petèt ou ta kapab rezime istwa a avèk vèsè tankou Jakòb 5:3–4, 28–29, 47, ak 70–72 (gade tou “Old Testament Olive Vineyard” [video], Medyatèk Levanjil la). Oumenm oswa pitit ou yo ta kapab li Jakòb 5:11, 41,47, ak 72, pou nou chèche bagay ki montre konbyen Senyè jaden rezen an (Jezikri) bay tèt li pwoblèm pou pyebwa yo. Kisa Sovè a fè pou montre ke Li bay tèt li pwoblèm pou nou?

Jakòb 6:4–5

Pè Selès la renmen m epi L ap padone m lè m repanti.

  • Jakòb 6:4–5 gen yon mesaj enpòtan pou nou lè nou fè move chwa. Petèt ou ta kapab ede pitit ou yo jwenn li. Ki pawòl ki nan vèsè sa yo ki ban nou espwa nan lanmou redanmtè Bondye a? Istwa Èldè Allen D. Haynie ki te sal kò li nan yon twou plen labou nan mesaj li “Rappelons-nous en qui nous avons mis notre confiance” la (Liahona, Nov. 2015, 121–22). ka ede. Kisa istwa sa a ak Jakòb 6:4–5 anseye nou sou sa nou bezwen fè pou nou ka sove nan wayòm Bondye a?

Jakòb 7:1–23

M ka kanpe pou sa m konnen ki vrè.

  • Kijan w ka enspire timoun ou yo pou yo defann laverite menm jan avèk Jakòb? Pitit ou yo ta ka gade videyo a “Chapit 10: Jakòb ak Cherem” (Bibliyotèk Levanjil la) epi jwe wòl Jakòb ak Cherem, itilize Jakòb 7:1–23 kòm yon gid. Kijan Jakòb te kanpe pou sa l te konnen ki te byen? Envite timoun yo pou yo pataje eksperyans kote yo te kanpe pou sa ki byen, oubyen pataje pwòp eksperyans pa w. Petèt yo ta kapab chante tou yon chan ki eksprime kouraj menm jan avèk Jakòb, tankou “Stand for the Right,” Children’s Songbook, 159.

Pou plis ide, gade sijè mwa sa a nan magazin zanmi an.