Apèl Misyon
Chapit 3: Leson 2—Plan Sali Papa nou ki nan Syèl la


“Chapit 3: Leson 2—Plan Sali Papa nou ki nan Syèl la,” Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a (2023)

“Chapit 3: Leson 2,” Preche Levanjil Mwen an

Chapit 3: Leson 2

Plan Sali Papa nou ki nan Syèl la

Imaj
Estati Kris la

Moun Gendwa Mande

  • Ki bi lavi a?

  • Ki kote m sòti?

  • Èske gen yon Bondye ki fè sousi pou mwen? Kijan M ka santi ke Li fè sousi?

  • Kijan m kapab kwè nan Bondye lè tèlman gen anpil move bagay k ap rive?

  • Poukisa lavi a difisil konsa pafwa? Kijan m ka jwenn fòs nan moman sa yo?

  • Kijan mwen ka vin yon pi bon moun?

  • Kisa ki pral pase apre m mouri?

Levanjil retabli Jezikri a ede nou reponn kesyon enpòtan yo pou nanm nan. Atravè levanjil la, nou aprann konsènan idantite divin nou ak potansyèl etènèl nou kòm pitit Bondye. Levanjil la ba nou espwa epi ede nou jwenn lapè, bonè, ak rezondèt. Viv levanjil la ede nou grandi epi jwenn fòs lè n ap fè fas avèk difikilte yo nan lavi a.

Bondye vle sa ki pi bon pou pitit Li yo epi dezire ba nou pi gran nan benediksyon Li yo, ki se imòtalite ak lavi etènèl (gade Moyiz 1:39; Doktrin ak Alyans 14:7). Paske Li renmen nou, LI te ofri yon plan pou nou pou nou resevwa benediksyon sa yo. Nan ekriti yo, plan sa a rele plan sali a, gran plan Bonè a, ak plan redanmsyon an (gade Alma 42:5, 8, 11, 13, 15, 16, 31).

Nan plan Bondye a, nou chak ap fè yon vwayaj travèse lavi premòtèl, nesans, lavi mòtèl, lanmò, ak lavi apre lanmò. Bondye te founi sa nou bezwen pandan vwayaj sa a yon fason pou apre nou mouri, nou ka alafen retounen nan prezans Li epi resevwa yon plenitid lajwa.

Jezikri se eleman santral nan plan Bondye a. Atravè Ekspyasyon ak Rezireksyon Li, Jezi te rann posib pou chak nan nou resevwa imòtalite ak lavi etènèl.

Pandan lavi nou sou tè a, nou pa sonje lavi premòtèl nou an. Ni nou pa totalman konprann lavi apre lanmò. Toutfwa, Bondye te revele anpil verite konsènan pati sa yo nan vwayaj etènèl nou an. Verite sa yo ofri konesans sifizan pou nou pou nou konprann objektif lavi a, pou fè eksperyans lajwa, epi pou nou genyen espwa nan bon bagay k ap vini yo Konesans sa a se yon trezò sakre pou gide nou pandan n ap viv sou tè a.

Sigjesyon pou Anseye

Seksyon sa a ofri yon modèl prezantasyon pou ede w prepare pou anseye. Li enkli tou egzanp kesyon ak envitasyon ou gendwa itilize.

Lè w ap prepare w pou w anseye, konsidere nan lapriyè sitiyasyon ak bezwen spirityèl chak moun. Deside kisa ki pral pi itil pou anseye. Prepare pou defini tèm yo ke moun gendwa pa konprann. Planifye dapre kantite tan ou pral genyen, sonje pou kenbe leson yo brèf.

Seleksyone ekriti yo pou itilize pandan w ap anseye. Seksyon “Fondasyon Doktrinal” la nan leson an enkli anpil ekriti ki ka ede.

Konsidere ki kesyon pou w poze pandan w ap anseye. Planifye envitasyon pou ofri yo ki pral ankouraje chak moun aji.

Mete aksan sou pwomès benediksyon Bondye yo, epi pataje temwayaj ou sou sa w ap anseye yo.

Imaj
misyonè k ap anseye yon fanmi

Kisa Ou Ka Anseye Moun nan 15-25 Minit

Seleksyone youn oswa plis nan prensip sa yo konsènan plan sali a pou anseye. Fondasyon doktrinal pou chak prensip yo disponib apre prezantasyon sa a.

Lavi Premòtèl: Objektif ak Plan Bondye pou Nou

  • Nou tout se pitit espri Bondye. Li te kreye nou dapre imaj Li.

  • Nou te viv avèk yo anvan nou te vin sou tè a. Nou se manm nan fanmi Li. Li konnen ak renmen nou chak.

  • Bondye te founi yon plan pou bonè ak pwotesyon nou nan lavi sa a ak nan letènite.

  • Nan lavi premòtèl nou, nou te chwazi pou suiv plan Bondye a. Sa te vledi pou n vini sou tè a pou nou te ka pran pwochèn etap la nan pwogresyon etènèl nou.

  • Jezikri se eleman santral nan plan Bondye a. Li rann li posib pou nou jwenn imòtalite ak lavi etènèl.

Kreyasyon an

  • Sou direksyon Pè Selès la, Jezikri te krete tè a.

Chit Adan ak Èv la

  • Adan ak Èv sete premye pitit espri Bondye ki te vini sou tè a. Bondye te kreye kò yo epi plase yo nan Jaden Edèn nan.

  • Adan ak Èv te transgrese, chase soti kite jaden an, epi vin separe de prezans Bondye. Evenman sa a rele Chit la.

  • Apre Chit la, Adan ak Èv te vin mòtèl. Kòm mòtèl, yo te gen kapasite pou aprann, pwogrese, epi fè pitit. Yo te fè eksperyans, tristès, peche, ak lanmò tou.

  • Chit la sete yon etap an avan pou limanite. Chit la te rann li posib pou nou pran nesans sou tè a epi pwogrese nan plan Papa nou ki nan Syèl la.

Lavi Nou sou Tè a

  • Nan plan Bondye a, nou te bezwen vini sou tè pou nou resevwa yon kò fizik, aprann, epi grandi.

  • Sou tè a, nou aprann pou n mache pa lafwa. Toutfwa, Papa nou ki nan Syèl la pa kite n poukont nou. Li te founi anpil don ak endis pou ede nou retounen nan prezans Li.

Ekspyasyon Jezikri a

  • Nou tout fè peche, epi nou chak pral mouri. Paske Bondye renmen nou, Li te voye Pitit Gason L lan, Jezikri, sou tè a pou rachte nou anba peche ak lanmò.

  • Gras avèk sakrifis ekspyatwa Jezi a, nou ka jwenn padon epi netwaye de peche nou yo. Kè nou ka chanje pou l vin pi bon lè nou repanti. Sa a rann li posib pou nou retounen nan prezans Bondye epi resevwa yon plenitid lajwa.

  • Gras ak Rezireksyon Jezikri a, nou tout pral resisite apre nou mouri. Sa vledi ke espri ak kò chak moun pral reyini, epi nou chak pral viv pou tout tan nan yon kò pèfèksyone, resisite.

  • Jezikri ofri nou rekonfò, lespwa, ak gerizon. Sakrifis ekspyatwa Li a se pi gwo ekspresyon lanmou Li. Tout sa ki enjis konsènan lavi a kapab vin korije atravè sakrifis Ekspyatwa Jezikri a.

Mond Espri a

  • Lè kò fizik nou an mouri, espri nou kontinye ak viv nan mond dezespri yo. Sa se yon sitiyasyon tanporè pou aprantisaj ak preparasyon pou Rezireksyon an.

  • Levanjil Jezikri a anseye nan mond dezespri a, epi nou ka kontinye grandi ak pwogrese.

Rezireksyon, Sali ak Egzaltasyon an

  • Sa te vledi pou n vini sou tè a pou nou te ka pran pwochèn etap la nan pwogresyon etènèl nou.

  • Rezirèksyon an se yon reyinyon pèmanan kò a ak espri a. Nou chak pral resisite epi genyen yon kò fizik pafè. Nou pral viv pou toutan. Sa te vin posib pa Ekspyasyon ak Rezireksyon Sovè a.

Jijman ak Wayòm Laglwa yo

  • Lè nou resisite, Jezikri pral vin tounen jij nou. Avèk yon kantite eksepsyon limite, tout pitit Bondye yo pral resevwa yon plas nan yon wayòm laglwa.

  • Malgre nou tout pral resisite, nou tout pa pral resevwa menm laglwa etènèl la. Jezi pral jije nou selon lafwa nou, zèv yo, ak repantans nan mòtalite a ak nan mond dezespri yo. Nou ka retounen viv nan prezans Bondye si nou rete fidèl.

Kesyon Ou Ka Poze Moun yo

Kesyon sa yo se egzanp sou sa ou ka poze moun. Kesyon sa yo ka ede ou genyen konvèsasyon enteresan epi konprann bezwen ak pèspèktiv yon moun.

  • Kisa ou santi objektif lavi a ye?

  • Kisa ki ba ou lajwa?

  • Ki difikilte ou bezwen Bondye ede w avèk yo?

  • Kisa ou te aprann apati difikilte ou te rankontre yo?

  • Kisa w konnen konsènan Jezikri? Kijan lavi ak misyon Li te afekte lavi ou?

Envitasyon Ou Ka Ofri yo

  • Eske w ap mande Bondye nan lapriyè pou ede w konnen ke sa nou te anseye w se verite? (Gade “Ide pou Anseye: Priyè” nan dènye seksyon nan leson 1.)

  • Eske w ap vini legliz dimanch sa a pou aprann plis konsènan sa nou te anseye yo?

  • Eske w ap li Liv Mòmon an epi priye pou konnen ke li se pawòl Bondye? (Ou ka sigjere chapit oswa vèsè espesifik.)

  • Eske w ap suiv egzanp Jezi a epi vin batize? (Gade “Envitasyon pou Vin Batize ak Konfime a,”ki imedyatman presede leson sa a.)

  • Eske nou ka fikse yon lè pou pwochèn vizit nou?

Imaj
grafik sou plan sali a

Fondasyon Doktrinal

Seksyon sa a founi doktrin ak ekriti pou ou etidye yo pou ranfòse konesans ou ak temwayaj ou sou levanjil la epi pou ede w anseye.

Imaj
galaksi yo

Lavi Premòtèl: Objektif ak Plan Bondye pou Nou

Nou Se Pitit Bondye, epi Nou te Viv avèk Li avan Nesans Nou.

Li se Papa espri nou. Nou se pitit literal li, ki te kreye dapre imaj Li. Nou chak gen yon nati divin kòm yon pitit Bondye. Konesans sa a ka ede nou atravè moman difisil yo epi ka enspire nou pou nou vin meyè vèsyon tèt nou.

Nou te viv avèk Bondye kòm pitit espri Li avan nou te pran nesans sou tè a. Nou se manm nan fanmi Li.

Imaj
Prezidan M. Russell Ballard

“Genyen yon idantite enpòtan nou tout pataje kounya ak pou toutan, youn ke nou pa ta dwe janm bliye ditou, epi youn ke nou ta dwe rekonesan pou li. Se sa nou ye epi se sa nou te toujou ye yon pitit gason oswa pitit fi Bondye, ki gen rasin spirityèl nan letènite.

“… Konprann verite sa a—vrèman konprann li ak anbrase li—ap ede chanje lavi. Li ba nou yon idantite ekstraòdinè ke pèsonn pa ka janm retire nan men ou. Men pi plis ke sa, li ta dwe ba ou yon santiman enpòtans enòm ak yon sans valè enfini w. Finalman, li ofri ou yon objektif diven, nòb, ak diy nan lavi a” (M. Russell Ballard, “Pitit Papa nou ki nan Syèl la” [Brigham Young University devotional, 3 Mas, 2020], 2, speeches.byu.edu).

Nou te Chwazi pou Vin sou Tè a.

Papa nou ki nan Syèl la renmen nou epi dezire pou nou vin tankou Li. Li se yon èt egzalte avèk yon kò fizik glorifye.

Nan lavi premòtèl nou, nou te aprann ke Bondye gen yon plan pou nou pou n vin tankou Li. Yon pati nan plan Li a sete ke nou t ap kite fwaye selès nou an epi vini sou tè a pou resevwa kò fizik yo. Nou te bezwen akeri eksperyans tou epi devlope lafwa pandan yon peryòd lwen prezans Bondye. Nou pa t ap sonje ke n te viv avèk Bondye. Toutfwa, Li t ap ofri sa nou te bezwen pou nou te ka retounen viv avèk Li.

Libabit, oubyen libète ak abilite pou chwazi, se yon pati esansyèl nan plan Bondye a pou nou. Nan lavi premòtèl nou an, nou chak te chwazi pou suiv plan Bondye a epi vini sou tè a pou nou ta ka pran pwochèn etap la nan pwogresyon etènèl nou. Nou te konprann ke pandan nou rive isit la, nou t ap gen anpil opòtinite pou grandi ak fè eksperyans lajwa. Nou te konprann tou ke nou t ap fè fas ak opozisyon. Nou t ap fè eksperyans tantasyon, eprèv yo, tristès, ak lanmò.

Nan chwazi pou vini sou tè a, nou te fè konfyans ak lanmou ak èd Bondye. Nou te konfye n nan plan Li a pou sali nou.

Pè Selès la te Chwazi Jezikri pou Rachte Nou

Jezikri se eleman santral nan plan Bondye a. Avan n vini sou tè a, nou te konnen ke nou t ap ka retounen nan prezans Bondye poukont nou. Papa nou ki nan Syèl la te chwazi Jezikri, Pitit gason premyene Li, pou rann li posib pou nou retounen jwenn Li epi gen lavi etènèl.

Jezi te aksepte volontèman. Li te dakò pou vini sou tè a epi rachte nou atravè sakrifis ekspyatwa Li a. Ekspyasyon ak Rezireksyon Li t ap aktive objektif Bondye yo pou nou yo pou yo ka akonpli.

Etid Ekriti

Pitit Bondye yo

Objektif Bondye

Lavi Premòtèl

Aprann Plis konsènan Prensip Sa a

Imaj
kouche solèy sou oseyan

Kreyasyon an

Plan Pè Selès la te prevwa kreyasyon tè a, kote pitit espri Li yo t ap resevwa kò fizik yo epi akeri eksperyans. Lavi nou sou a tè a te nesesè pou nou pwogrese epi vin tankou Bondye.

Sou direksyon Pè Selès la, Jezikri te krete tè a ak tout bagay ki vivan yo. Papa nou ki nan Syèl la te kreye gason ak fi yo selon pwòp imaj Li. Kreyasyon an se yon ekspresyon lanmou Bondye ak dezi Li pou nou pou nou gen opòtinite pou grandi.

Etid ekriti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

Imaj
Kite Jaden Edèn nan, pa Joseph Brickey

Chit Adan ak Èv la

Avan Chit la

Adan ak Èv sete premye pitit espri Papa nou ki nan Syèl la pou vin sou tè a. Bondye te kreye kò fizik yo selon pwòp imaj Li epi plase yo nan Jaden Edèn nan. Nan jaden an yo te inosan, epi Bondye te prevwa bezwen yo.

Pandan Adan ak Èv te nan jaden an, Bondye te kòmande yo pou yo pa te manje fwi pyebwa konsesans byen ak mal la. Si yo te obeyi kòmandman sa a, yo tap ka rete nan jaden an. Toutfwa, yo pa tap gen posiblite pou pwogrese nan aprann apati opozisyon ak difikilte yo nan mòtalite a. Yo pa tap gen posiblite pou konnen lajwa paske yo pa t ap ka fè eksperyans tristès ak doulè.

Satan te tante Adan ak Èv pou yo te manje fwi defandi a, epi yo te chwazi fè sa. Poutèt chwa sa a, yo te chase soti kite jaden an epi vin separe de prezans Bondye. Evenman sa a rele Chit la.

Apre Chit la

Apre Chit la, Adan ak Èv te vin mòtèl. Paske yo pa t nan yon eta inosans ankò, yo te konprann epi fè eksperyans alafwa byen ak mal. Yo te ka itilize libabit yo pou chwazi ant yo. Akoz Adan ak Èv te fè eksperyans opozisyon ak difikilte, yo te gen kapasite pou aprann ak pwogrese. Akoz yo te fè eksperyans tristès, yo te ka fè eksperyans lajwa tou. (Gade 2 Nefi 2:22–25.)

Malgre difikilte yo, Adan ak Ev te santi ke vini nan mòtalite a sete yon gwo benediksyon. Yon benediksyon sèke yo t ap ka genyen pitit. Sa te founi mwayen pou lòt pitit espri Bondye pou yo vini sou latè epi resevwa kò fizik.

Konsènan benediksyon Chit la, ni Adan ni Èv te rejwi. Èv te di: “Si se pa t pou transgresyon nou an, nou pa t ap janm gen desandan, epi nou pa t ap janm konnen byen ak mal, ak lajwa redanmsyon nou an, ak lavi etènèl Bondye bay tout moun ki obeyisan yo” (Moyiz 5:11; gade tou vèsè 10).

Etid Ekriti

Nan Jaden an

Chit la

Aprann Plis konsènan Prensip Sa a

  • Gid pou Ekriti yo: “Chit Adan ak Èv,” “Libabit

  • Sijè Levanjil yo: “Chit Adan ak Èv,” “Libabit ak Responsablite

Lavi Nou sou Tè a

Anpil moun t ap mande, “Poukisa mwen isit sou tè a?” Lavi sou tè a se yon pati esansyèl nan plan Bondye a pou pwogresyon etènèl nou. Objektif final nou se pou prepare pou retounen nan prezans Bondye epi resevwa yon plenitid lajwa. Dekri pi ba a genyen kèk nan fason ke lavi tèrès prepare nou pou sa a.

Imaj
jèn gason k ap souri

Resevwa yon Kò Fizik

Objektif nou nan vini sou tè a se pou resevwa yon kò fizik kote espri nou ka demere. Kò nou sakre, kreyasyon mirakile Bondye. Avèk kò fizik yo, nou ka fè, aprann, ak fè eksperyans anpil bagay ke espri nou pa t ap ka fè. Nou ka pwogrese nan fason ke nou pa t ap kapab kòm espri.

Paske kò nou mòtèl, nou fè eksperyans doulè, maladi, ak lòt eprèv yo. Eksperyans sa yo ka ede nou aprann pasyans, konpasyon, ak lòt kalite divin yo. Yo ka fè pati wout nou pou gen lajwa. Chwazi sa ki byen lè li difisil pou fè sa se souvan fason lafwa, lespwa, ak charite vin tounen pati nan karaktè nou.

Aprann Itilize Libabit Sajman

Yon lòt objektif mòtalite a se pou aprann pou itilize libabit nou sajman—pou chwazi sa ki byen. Aprann pou itilize libabit nou sajman esansyèl pou vin tankou Bondye.

Pè Selès la ak Jezikri anseye nou sa ki byen epi ba nou kòmandman yo pou gide nou pou jwenn bonè. Satan tante nou pou nou fè mal, paske l vle nou vin mizerab tankou li. Nou fè fas ak opozisyon ant byen ak mal, ki nesesè nan aprann itilize libabit nou (gade 2 Nefi 2:11).

Lè nou obeyi Bondye, nou grandi e resevwa benediksyon Li te pwomèt yo. Lè nou dezobeyi, nou pran distans nou avèk Li epi resevwa kosnekans peche a. Malgre li gendwa pafwa sanble otreman, peche evantyèlman mennen nan tristès. Souvan benediksyon obeyisans yo—ak efè peche yo—pa imedyatman evidan ni vizib eksteryèman. Men yo asire, paske Bondye jis.

Menm lè nou fè tout sa nou kapab, nou tout peche epi “epi nou tout prive de laglwa Bondye” (Women 3:23). Konesan sa a, Papa nou ki nan Syèl la te ofri yon mwayen pou nou pou nou repanti konsa nou ka retounen kote Li.

Repantans pote pouvwa Redanmtè nou an, Jezikri, nan lavi nou (gade Elaman 5:11). Lè nou repanti, nou vin netwaye anba peche atravè sakrifis ekspyatwa Jezikri a ak don Sentespri a (gade 3 Nefi 27: 16–20). Atravè repantans, nou fè eksperyans lajwa. Wout pou tounen jwenn Pè Selès la louvri pou nou, paske Li gen mizerikòd. (Gade “Repantans” nan leson 3.)

Aprann pou Mache pa Lafwa

Yon lòt objektif nan lavi sa a se pou akeri eksperyans ki ka vini sèlman atravè separasyon de Pè Selès la. Paske nou pa wè Li, nou bezwen aprann mache pa lafwa (gade 2 Korentyen 5:6–7).

Bondye pa kite nou poukont nou nan vwayaj sa a. Li te voye Sentespri a pou gide nou, fòtifye, ak sanktifye nou. Li te founi tou ekriti yo, pwofèt yo, priyè, ak levanjil Jezikri a.

Chak pati nan eksperyans mòtèl—lajwa ak tristès yo, siksè yo ak echèk yo—ka ede nou grandi lè nou prepare pou retounen jwenn Bondye.

Etid Ekriti

Yon Tan pou Grandi ak Pwogrese

Chwa

Byen ak Mal

Peche

Nou Dwe Rete Pwòp pou Demere avèk Bondye

Aprann Plis sou Prensip Sa a

Ekspyasyon Jezikri a

Akoz Chit Adan ak Èv la, nou tout sijè a peche ak lanmò. Nou pa ka simonte efè peche yo ak lanmò poukont nou. Nan plan sali Papa nou ki nan Syèl la, Li te founi yon mwayen pou simonte efè yo nan Chit la pou nou ka retounen jwenn Li. Anvan mond lan te kreye, Li te chwazi Jezikri pou vin Sovè ak Redanmtè nou.

Sèlman Jezikri te ka rachte nou anba peche ak lanmò. Li se Pitit Gason literal Bondye a. Li te viv yon lavi san peche, konplètman obeyisan ak Papa Li. Li te prepare epi dispoze pou fè volonte Pè Selès la.

Ekspyasyon Sovè a te enkli soufrans Li nan Jetsemani, soufrans ak lanmò Li sou kwa a, ak Rezireksyon Li. Li te soufri depase konpreyansyon—tèlman ke Li te senyen nan chak pòr li (gade Doktrin ak Alyans 19:18).

Ekspyasyon Jezikri a se evenman ki pi gloriye nan tout istwa limanite. Atravè sakrifis ekspyatwa Li a, Jezi te rann plan Papa a operasyonèl. Nou t ap rete san espwa si se pa t Ekspyasyon Jezikri a paske nou pa ka sove poutèt nou anba peche ak lanmò (gade Alma 22:12–15).

Sakrifis Sovè nou an sete yon ekspresyon siprèm lanmou pou Papa Li ak pou nou. “Lajè, ak longè, ak pwofondè, ak wotè” lanmou Kris la depase konpreyansyon nou (Efezyen 3:18; gade tou vèsè 19).

Imaj
Krisifiksyon an, tablo Harry Anderson

Jezikri te Simonte Lanmò pou Tout moun

Lè Jezikri te mouri sou kwa a, espri Li te separe avèk kò Li. Sou twazyèm jou a, espri Li ak kò L te reyini, pou yo pa janm separe ankò. Li te parèt kote anpil moun, pou montre yo ke Li te gen yon kò imòtèl lachè ak zo. Reyinyon espri ak kò sa a rele Rezireksyon.

Kòm mòtèl, nou tout pral mouri. Toutfwa, paske Jezi te triyonfe sou lanmò, chak moun ki pran nesans sou tè a pral resisite. Rezireksyon an se yon don diven pou tout moun, ki akòde atravè mizerikòd ak gras redanmsyon Sovè a. Espri ak kò chak moun pral reyini, epi nou tout pral viv pou tout tan nan yon kò pèfèksyone, resisite. Si se pa t gras ak Jezikri, lanmò t ap anile tout espwa pou yon egzistans alavni avèk Pè Selès la (gade 2 Nefi 9:8–12).

Jezi te Rann Li Posib pou Nou Netwaye pou Peche Nou yo

Pou konprannn espwa nou ka resevwa atarvè Kris la, nou bezwen konprann lwa jistis la. Sa se yon lwa envaryab ki mache ak konsekans pou aksyon nou yo. Obeyisans pou Bondye pote konsekans pozitif, epi dezobeyisans pote sa yo ki negatif. (Gade Alma 42:4–18.) Lè nou peche, nou vin pa pwòp spirityèlman, epi anyen ki pa pwòp pa ka viv nan prezans Bondye (gade 3 Nefi 27:19).

Imaj
Jezi Ap Priye nan Jetsemane, pa Harry Anderson

Pandan sakrifis ekspyatwa Jezikri a, Li te kanpe nan plas nou, soufri, epi peye pri pou peche nou yo (gade 3 Nephi 27:16–20). Plan Bondye a ba Jezikri pouvwa pou fè entèsesyon nan plas nou—pou kanpe ant nou ak lajistis (gade Mozya 15:9). Gras ak sakrifis ekspyatwa Jezi, Li ka reklame dwa mizerikòd li an nou lè nou egzèse lafwa pou repanti (gade Mowoni 7:27; Doktrin ak Alyans 45:3–5). “Konsa mizerikòd Li a kapab satisfè egzijans lajistis yo epi li kapab vlope [nou] anndan ponyèt sekirite” (Alma 34:16).

Se sèlman atravè don Ekspyasyon Sovè a ak repantans nou ke nou ka retounen viv avèk Bondye. Lè nou repanti, nou jwenn padon epi netwaye spirityèlman. Nou jwenn soulajman anba fado kilpabilite pou peche nou yo. Nanm nou ki blese jwenn gerizon. Nou ranpli avèk lajwa (gade Alma 36:24).

Malgre nou enpafè epi ka tonbe ankò, genyen plis gras, lanmou, ak mizerikòd nan Jezikri pase genyen echèk, defo, oswa peche nan nou. Bondye toujou pare ak enpasyan pou anbrase nou lè nou tounen jwenn Li epi repanti (gade Lik 15:11–32). Anyen ni okenn moun pa “kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Jezikri Sovè nou an” (Women 8:39).

Jezikri te Pran Doulè, Aflikasyon ak Enfimite Nou yo sou Limenm.

Nan sakrifis ekspyatwa Li a, Jezikri te pran doulè, afliksyon ak enfimite nou yo sou Limenm. Akoz de sa, Li konnen “daprè kò fizik la kòman pou l pote pèp li a sekou daprè enfimite yo.” (Alma 7:12; gade tou vèsè 11). Li envite, “Vini jwenn mwen,” epi lè nou fè sa, Li ba nou repo, lespwa, fòs, rezondèt, ak gerizon (Matye 11:28; gade tou vèsè 29–30).

Lè nou apiye sou Ekspyasyon Jezikri a, Li ka ede nou andire eprèv, maladi, ak lapenn nou yo. Nou ka ranpli ak lajwa, lapè ak konsolasyon. Tout sa ki enjis konsènan lavi a kapab vin korèk atravè sakrifis Ekspyatwa Jezikri a.

Etid Ekriti

Ekspyasyon Sovè a

Rezirèksyon

Aprann Plis konsènan Prensip Sa a

Imaj
fanmi k ap vizite tonbo

Mond Dèzespri a

Anpil moun an mande, “Kisa ki rive apre m mouri?” Plan Sali a bay kèk repons enpòtan pou kesyon sa a.

Lanmò fè pati “plan mizerikòd” Bondye a pou nou (2 Nefi 9:6). Olye ke l se lafen egzistans nou, lanmò se pwochèn etap la nan pwogresyon etènèl nou. Pou vin tankou Bondye, nou dwe fè eksperyans lanmò epi apresa resevwa kò pèfèksyone, resisite.

Lè kò fizik nou an mouri, espri nou kontinye viv nan mond dezespri yo. Sa se yon sitiyasyon tanporè pou aprantisaj ak preparasyon pou Rezireksyon an ak Dènye Jijman an. Konesans nou ki soti nan lavi mòtèl sa a rete avèk nou.

Nan mond dèzespri a, moun ki te aksepte ak viv levanjil Jezikri a “yo resevwa yo nan yon eta bonè, ki rele paradi” (Alma 40:12). Yo resevwa timoun piti yo tou nan paradi lè yo mouri.

Espri ki nan paradi yo pral jwenn lapè kont pwoblèm ak tristès yo. Yo pral kontinye pwogresyon spirityèl yo, nan fè travay Bondye ak sèvi lòt moun yo. Yo pral anseye levanjil la bay moun ki pa gen posiblite pou resevwa l pandan lavi mòtèl yo (gade Doktrin ak Alyans 138:32–37, 57–59).

Nan mond dèzespri a, moun ki pa te gen posiblite pou resevwa levanjil la sou tè a, oswa ki te chwazi pa suiv kòmandman yo, pral eksperimante kèk limitasyon (gade Doktrin ak Alyans 138:6–37; Alma 40:6–14). Toutfwa, paske Bondye gen jistis ak mizerikòd, yo pral gen opòtinite pou yo anseye yo levanjil Jezikri a. Si yo aksepte l epi repanti, yo pral rachte anba peche yo (gade Doktrin ak Alyans 138:58; gade tou 138:31–35; 128:22). Yo pral akeyi yo antre nan lapè paradi a. Yo pral alafen resevwa yon plas nan yon wayòm laglwa sou baz chwa yo te fè nan mòtalite a ak nan mond dèzespri a.

Nou rete nan mond dèzespri a jistan nou resisite.

Etid Ekriti

Aprann Plis konsènan Prensip Sa a

Rezireksyon, Sali ak Egzaltasyon an

Rezirèksyon

Plan Bondye a rann li posib pou nou grandi epi resevwa lavi etènèl. Apre tan nou nan mond dèzespri a, Rezireksyon an se pwochèn etap la nan pwogresyon sa a.

Rezirèksyon an se yon reyinyon kò a ak espri a. Nou tout ap resisite. Sa te vin posib pa Ekspyasyon ak Rezireksyon Sovè a. (Gade Alma 11:42–44.)

Lè nou resisite, nou chak pral gen yon kò fizik pèfèksyone, libere anba doulè ak maladi. Nou pral vin imòtèl, viv pou toutan.

Sali

Paske nou tout pral resisite, nou tout pral sove—oswa jwenn sali—anba lanmò fizik. Nou resevwa don sa a atravè lagras Jezikri.

Nou ka sove tou—oswa jwenn sali—anba kosnekans ke lalwa jistis la egzije pou peche nou yo. Don sa a vin posib tou atravè merit yo ak mizerikòd Jezikri lè nou repanti. (Gade Alma 42:13–15, 21–25.)

Egzaltasyon

Egzaltasyon, oswa lavi etènèl, se eta bonè ak laglwa ki pe elve nan wayòm selès la. Egzaltasyon se yon don kondisyonèl. Prezidan Russell M. Nelson te anseye, “Kondisyon pou kalifye yo enkli lafwa nan Senyè a, repantans, batèm, resevwa Sentespri a, epi rete fidèl nan òdonans yo ak alyans tanp yo” (“Sali ak Egzaltasyon,” Lyawona, Me 2008, 9).

Egzaltasyon vledi viv avèk Bondye pou toutan nan fanmi etènèl yo. Se pou nou konnen Bondye ak Jezikri, pou nou vin tankou Yo, epi fè eksperyans lavi Yo ap jwi a.

Etid Ekriti

Aprann Plis konsènan Prensip Sa a

  • Gid ekriti yo, “Rezireksyon

  • Sijè Levanjil yo: “Rezireksyon,” “Sali

Imaj
reyon solèy k ap briye atravè nyaj

Jijman ak Wayòm Laglwa yo

Remak: Lè w ap anseye wayòm laglwa yo premye fwa, anseye nan yon nivo debaz dapre bezwen ak konpreyansyon yon moun.

Lè nou resisite, Jezikri pral vin tounen jij jis ak mizerikòdye nou an. Avèk kantite eksepsyon limite, nou chak pral resevwa yon plas nan yon wayòm laglwa. Malgre nou tout pral resisite, nou tout pa pral resevwa menm laglwa etènèl la (gade Doktrin ak Alyans 88:22–24, 29–34; 130:20–21; 132:5).

Moun yo ki pa te gen opòtinite pou konprann totalman epi obeyi lwa Bondye yo pandan lavi mòtèl yo pral jwenn opòtinite sa a nan mond dèzespri yo. Jezi pral jije nou selon lafwa chak moun selon lafwa li, zèv yo, dezi yo, ak repantans nan mòtalite a ak nan mond dèzespri a (gade Doktrin ak Alyans 138:32–34, 57–59).

Ekriti yo anseye sou wayòm lagwa selès, terès, ak telès yo. Chak nan yo se yon manifestasyon lanmou, jistis, ak mizerikòd Bondye.

Moun ki egzèse lafwa nan Kris la, repanti pou peche yo, resevwa òdonans levanjil yo, kenbe alyans yo, resevwa Sentespri a, epi andire jiska lafen pral sove nan wayòm selès la. Wayòm sa a enkli tou moun ki pa te gen opòtinite pou yo resevwa levanjil la nan lavi mòtèl yo men ki “t ap resevwa li avèk tout kè yo” epi te fè sa nan mond dèzespri a (Doktrin ak Alyans 137:8; gade tou vèsè 7). Timoun piti yo ki mouri avan laj responsablite yo (laj uit ane) pral sove tou nan wayòm selès la (gade Doktrin ak Alyans 137:10).

Nan ekriti yo, yo konpare wayòm selès la ak laglwa oswa klate solèy la. (gade Doktrin ak Alyans 76:50–70.)

Moun ki te viv lavi onorab yo “ki pa te resevwa temwayaj Jezi a nan lachè, men te resevwa l apresa” pral resevwa yon plas nan wayòm terès la (Doktrin ak Alyans 76:74). Sa vrè pou moun yo ki pa te vanyan nan temwayaj yo sou Jezi. Yo konpare wayòm sa a ak laglwa lalin nan. (Gade Doktrin ak Alyans 76:71–80.)

Moun yo ki te kontinye nan peche yo epi pa te repanti nan lavi sa a ni aksepte levanjil Jezikri a nan momnd dèzespri a pral resevwa rekonpans yo nan wayòm telès la. Yo konpare wayòm sa a ak laglwa etwal yo. (Gade Doktrin ak Alyans 76:81–86.)

Etid Ekriti

Aprann Plis konsònan Prensip Sa a

Prezantasyon Leson Kout ak Mwayen

Prezantasyon ki pi ba a se yon modèl sou sa ou ta ka anseye yon moun si ou sèlman genyen yon kantite tan brèf. Lè w ap ititilize prezantasyon sa a, seleksyone youn oswa plis prensip pou w anseye. Fondasyon doktrinal pou chak prensip yo te founi anvansa nan leson an.

Pandan w ap anseye, poze kesyon epi koute. Ofri envitasyon ki pral ede moun yo aprann kijan pou yo pwogrese vin pi pre Bondye. Yon envitasyon enpòtan se pou moun nan rankontre avèk nou ankò. Longè leson an pral depann de kesyon ou poze yo ak tan ou pran pou koute.

Kisa Ou Ka Anseye Moun nan 3-10 Minit

  • Nou tout se pitit espri Bondye. Nou se manm nan fanmi Li. Li konnen ak renmen nou chak.

  • Bondye te founi yon plan pou bonè ak pwogresyon nou nan lavi sa a ak nan letènite.

  • Nan plan Bondye a, nou te bezwen vini sou tè pou nou resevwa yon kò fizik, aprann, epi grandi.

  • Jezikri se eleman santral nan plan Bondye a. Li rann li posib pou nou gen lavi etènèl.

  • Sou direksyon Pè Selès la, Jezikri te krete tè a.

  • Eksperyans nou yo nan lavi sa a destine pou nou ede nou prepare pou nou retounen nan prezans Bondye.

  • Nou tout fè peche, epi nou tout pral mouri. Paske Bondye renmen nou, Li te voye Pitit Gason L lan, Jezikri, sou tè a pou rachte nou anba peche ak lanmò.

  • Tout sa ki enjis konsènan lavi a kapab vin korije atravè Ekspyasyon Jezikri a.

  • Lè kò fizik nou an mouri, espri nou kontinye viv. Alafen nou tout ap resisite. Sa vledi ke espri ak kò chak moun pral reyini, epi nou tout pral viv pou tout tan nan yon kò pèfèksyone, resisite.

  • Lè nou resisite, Jezikri pral vin tounen jij nou. Avèk kantite eksepsyon limite, tout pitit Bondye yo pral resevwa yon plas nan yon wayòm laglwa. Nou ka retounen viv nan prezans Bondye si nou rete fidèl.