Ekriti yo
Mozya 3


Chapit 3

Wa Benjamen kontinye mesaj li a—Senyè Toupisan an pral anseye nan pami lèzòm avèk yon kò fizik—San pral sòti nan chak ti twou nan kò Li pandan L ap ekspye peche mond lan—Non Li se sèl non kote sali pral soti—Lèzòm kapab retire moun natirèl la epi vin tounen Sen pa mwayen Ekspyasyon an—Touman mechan yo pral tankou yon lak dife ak souf. Anviwon 124 anvan Jezikri.

1 Epi ankò, frè m yo, m vle atire atansyon nou, paske m ti kras plis gen pou m pale avèk nou ti kras; paske gade, m gen bagay pou m di nou konsènan sa ki gen pou fèt.

2 Epi bagay m gen pou m di nou yo, se yon zanj Bondye ki te fè m konnen yo. Li te di m konsa: Reveye; e m te reveye, e menm moman an, li te kanpe devan m.

3 Epi li te di m konsa: Reveye, e tande pawòl m pral di w yo; paske gade, m vini pou m deklare w bòn nouvèl ki bay anpil lajwa a.

4 Paske Senyè a te tande priyè nou yo, e li twouve nou jis, e li te voye m pou m deklare nou, nou kapab rejwi; e nou kapab deklare pèp nou an, yo kapab ranpli avèk lajwa tou.

5 Paske gade, tan an ap vini, e li pa lwen, Senyè Toupisan an k ap gouvène a, ki te egziste e ki egziste depi nan letènite jouk nan letènite a, pral desann sòti nan syèl la avèk pouvwa, nan pami pitit lèzòm, e li pral rete nan yon fizik, e li prale nan pami lèzòm, pou l fè gwo mirak, tankou geri malad, resisite mò, fè moun paralize mache, fè moun ki avèg wè ankò, fè moun ki soud tande, epi geri tout kalite maladi.

6 Epi li pral chase dyab, oubyen move lespri yo ki rete nan kè pitit lèzòm yo.

7 Epi li pral soufri tantasyon, ak doulè fizik, ak grangou, ak swaf, ak fatig plis pase lèzòm kapab soufri san yo pa mouri; san menm sòti nan chak twou swè li yo, tèlman li pral soufri pou mechanste ak abominasyon pèp li a.

8 Epi yo pral rele li Jezikri, Pitit Gason Bondye a, Papa syèl la ak tè a, Kreyatè tout bagay depi nan kòmansman; e yo pral rele manman li Mari.

9 Epi, li vin jwenn moun pa li yo, pou sali kapab vin jwenn pitit lèzòm si yo gen lafwa nan non li; e malgre tout sa, y ap konsidere l tankou yon nonm, e yo pral di li gen yon dyab, yo pral fwete l, e yo pral krisifye l.

10 Epi li pral leve nan twazyèm jou a, sòti nan pami mò yo; e gade, li kanpe pou l jije mond lan; e gade, tout bagay sa yo fèt pou yon jijman ki jis kapab tonbe sou pitit lèzòm.

11 Paske, gade, san li ekspye peche moun ki tonbe poutèt transgresyon Adan an, ki te mouri san yo pa t konnen volonte Bondye konsènan yo menm, oubyen ki te peche nan iyorans.

12 Men malè, pou moun ki konnen l e fè rebèlyon kont Bondye! Paske sali pa pou moun konsa, eksepte nan repantans ak lafwa nan Senyè a Jezikri.

13 Epi Senyè Bondye a te voye pwofèt sen li yo nan pami tout pitit lèzòm, pou deklare tout fanmi, nasyon, ak lang bagay sa yo, konsa, pou nenpòt moun ki kwè Kris la gen pou l vini, moun sa a kapab jwenn padon pou peche li yo, pou l kapab rejwi nan lajwa, kòm si li te deja vini nan pami yo.

14 Men, Senyè Bondye a te wè pèp li a se te yon pèp ki kou rèd, e li te tabli yon lwa pou yo, lwa Moyiz la menm.

15 Anpil siy, mèvèy, modèl, resanblans te prezante devan yo, konsènan vini l lan; epi tou pwofèt sen yo te pale yo de vini l lan; malgre sa, yo te fè kè yo di e yo pa t konprann lwa Moyiz la pa t gen valè san ekspyasyon san li a.

16 Epi menm si l te posib pou timoun piti ta kapab peche yo pa t ap kapab sove; men m di nou konsa, yo beni; paske gade, kòm yo tonbe nan Adan, oubyen akoz de nati yo, se menm jan an, san Kris la ekspye peche yo.

17 Epi ankò, m ap di, pa gen okenn lòt non ni okenn lòt mwayen ki kapab pote sali a pou pitit lèzòm, se sèlman nan epi pa mwayen non Kris la, Senyè Toupisan an.

18 Paske gade li fè jijman, e jijman l lan jis; e yon bebe ki mouri pandan li piti, p ap peri; men lèzòm bwè kondanasyon pou nanm pa yo si yo pa imilye tèt yo, vin tankou timoun piti, e kwè sali a te egziste, li egziste, e li gen pou l vini, nan epi pa mwayen san ekspyatwa Kris la, Senyè a Toupisan an.

19 Paske lòm natirèl la se ènmi Bondye, se sa li te ye depi chit Adan an, epi l ap toujou sa pou tout tan, si li pa soumèt li anba enfliyans Sentespri a, epi si li pa retire moun natirèl la nan kò l, pou l vin tounen yon sen, pa mwayen ekspyasyon Kris la, Senyè a, epi pou l vin tankou yon timoun, obeyisan, dou, enb, pasyan, ranpli avèk lanmou, ki vle soumèt tèt li bay tout bagay Senyè a jije nesesè pou fè l andire, menm jan yon timoun soumèt tèt li bay papa l.

20 Epi ankò, m t ap di, yon tan pral vini e konesans konsènan yon Sovè pral gaye nan pami chak nasyon, fanmi, lang ak pèp.

21 Epi gade, lè tan sa a rive, pèsonn p ap gen eskiz devan Bondye, san repantans ak lafwa nan non Senyè Bondye Toupisan an, eksepte timoun piti yo.

22 Epi menm nan moman sa a, lè nou ta fin ansenye pèp nou an bagay Senyè Bondye nou an te kòmande nou yo, menm lè sa a yo pa t ap san tach devan Bondye, daprè pawòl m te pale nou yo.

23 Epi m te pale pawòl Senyè Bondye a te kòmande m yo.

24 Epi Senyè a te di konsa: Pawòl yo pral sèvi temwayaj vivan kont pèp sa a nan jou jijman an; se pawòl yo ki ap jije yo, chak moun daprè zèv yo, ke yo te bon, ke yo te move.

25 Epi si zèv yo move, moun yo ap kondane pou yo fòt pa yo ak abominasyon pa yo, ki ap fè yo fè bak devan prezans Senyè a pou yo tonbe nan yon eta mizerab ak yon touman san fen, kote yo p ap janm retounen; se poutèt sa yo te bwè kondanasyon pou nanm pa yo.

26 Se poutèt sa, yo te bwè nan tas kòlè Bondye a, lajistis pa t kapab pa afekte yo, menm jan lajistis pa t kapab anpeche Adan tonbe apre li te fin manje nan fwi defandi a; Se poutèt sa a mizèrikòd pa t kapab reklame yo ankò, pou tout tan.

27 Epi touman yo tankou yon lak dife ak souf, ki gen flanm ki pa kapab etenn, e lafimen l ap monte pou tout tan. Se konsa Senyè a te kòmande m. Amèn.