Ekriti yo
1 Nefi 22


Chapit 22

Izrayèl pral dispèse sou tout sifas tè a—Janti yo pral okipe epi nouri Izrayèl avèk levanjil la nan dènye jou yo—Izrayèl pral rasanble e li pral sove, e mechan yo pral boule tankou pay—Wayòm dyab la pral detwi, e Satan pral mare. Anviwon 588–570 anvan Jezikri.

1 Epi, kounyeya se te konsa, apre mwen menm Nefi, m te fin li bagay sa yo ki te ekri sou plakderen yo, frè m yo te vin jwenn mwen, e yo di m: Kisa bagay ou te li yo vle di? Èske nou dwe konprann yo daprè bagay espirityèl, ki pral fèt daprè lespri a, e non pa daprè kò fizik la?

2 Epi, mwen menm Nefi, m te di yo: Se vwa Lespri a ki te manifeste bagay sa yo bay pwofèt la; paske se avèk Lespri a pwofèt yo konnen tout bagay ki pral rive pitit lèzòm daprè kò fizik la.

3 Se poutèt sa, bagay mwen te li yo gen rapò avèk bagay ki alafwa tanporèl ak espirityèl; paske sanble, nan nenpòt fason, kay Izrayèl la pral dispèse sou tout sifas tè a, nan pami tout nasyon.

4 Epi, gade, gen anpil moun ki deja bliye sa yo ki nan Jerizalèm nan. Wi, pi gwo pati nan tribi yo te dispèse; e yo dispèse pasi-pala nan tout zile yo ki sou lanmè; nou youn pa konnen kote yo ye, sèlman nou konnen yo te dispèse.

5 Epi, depi lè yo te fin dispèse a, pwofesi sa yo te fèt konsènan yo ak konsènan tout moun ki pral dispèse apre sa pou yo tonbe nan konfizyon akoz Sen Izrayèl la; paske yo pral fè kè di kont li; se poutèt sa yo pral dispèse nan pami tout nasyon, e tout moun pral rayi yo.

6 Men, apre Janti yo fin nouri yo, e apre Senyè a fin leve men l sou Janti yo pou l tabli yo kòm modèl, e apre Janti yo fin pote pitit Izrayèl yo nan bra yo, ak pitit fi yo sou zèpòl yo, gade bagay m ap pale yo tanporèl; paske se alyans Senyè a te fè avèk zansèt nou yo; e sa vle di nou menm, nan jou k ap vini yo, ak frè nou yo ki fè pati nan kay Izrayèl la.

7 Epi, sa vle di yon jou pral rive apre tout kay Izrayèl la te fin dispèse, e yo te fin tonbe nan konfizyon, Senyè Bondye a pral leve yon gwo nasyon nan pami Janti yo, wi, sou sifas tè sa a menm; se nasyon sa a ki pral dispèse desandan nou yo.

8 Epi, apre desandan nou yo fin dispèse, Senyè Bondye a pral kòmanse fè yon bèl travay nan pami Janti yo, k ap gen anpil valè pou desandan nou yo; se poutèt sa, yo pale kòmsi Janti yo pral pote yo nan bra yo ak sou zèpòl yo.

9 Epi, li pral gen valè pou Janti yo tou; non sèlman pou Janti yo, men pou tout kay Izrayèl la, pou fè konnen alyans Papa syèl la te fè avèk Abraram, lè l te di: Tout fanmi sou tè a ap beni nan desandan ou yo.

10 Epi, frè m yo, m ta vle nou konnen, tout fanmi sou tè a pa kapab beni san li pa dekouvri ponyèt li devan je tout nasyon.

11 Se poutèt sa, Senyè Bondye a pral dekouvri ponyèt li devan je tout nasyon, lè li pote alyans ak levanjil li a pou moun ki fè pati nan kay Izrayèl la.

12 Se poutèt sa, li pral retire yo nan kaptivite ankò, epi yo pral rasanble ansanm sou tè eritaj yo a; epi yo pral sòti nan tenèb ak fènwa; epi yo pral konnen Senyè a se Sovè yo ak Redanmtè yo, li se Toupuisan Izrayèl la.

13 Epi, san gwo legliz abominab ki se postitye tout tè a, pral vire tonbe sou tèt pa li; paske yo pral goumen youn avèk lòt, epi epe ki nan men yo a pral tonbe sou pwòp tèt pa yo, e yo pral sou avèk pwòp san pa yo.

14 Epi, chak nasyon ki goumen kont ou, O kay Izrayèl la, yo pral vire youn kont lòt, e yo pral tonbe nan twou yo te fouye pou yo pran pèp Senyè a nan pyèj la. Epi, tout moun ki goumen kont Siyon yo pral detwi, e gwo postitye ki te pèvèti bon chemen Senyè a, wi, gwo legliz abominab la, pral tonbe nan pousyè, e li pral tonbe fò.

15 Paske gade, pwofèt la di, lè a pral rive byen vit, pou Satan pa gen pouvwa sou kè pitit lèzòm ankò; paske jou a pral rive talèkonsa pou tout moun ki gen ògèy ak moun ki mechan vin tankou pay; e jou a pral rive pou yo boule.

16 Paske, jou a pral rive talèkonsa pou totalite kòlè Bondye tonbe sou tout pitit lèzòm; paske li p ap kite mechan yo detwi moun ki jis yo.

17 Se poutèt sa, li pral prezève moun jis yo avèk pouvwa l, menm si li oblije devèse totalite kòlè li, e moun jis yo pral prezève, menm si ènmi yo dwe peri nan dife. Se poutèt sa, moun ki jis yo pa dwe pè, paske pwofèt la di, y ap sove menm si se nan dife.

18 Gade, frè m yo, m di nou, bagay sa yo dwe rive talèkonsa; wi, pral gen san, dife ak vapè lafimen; e sa dwe rive sou sifas tè a menm; e sa ap rive lèzòm nan kò fizik la; si yo fè kè di kont Sen Izrayèl la.

19 Paske gade, moun ki Jis yo p ap peri; paske lè a dwe rive sètènman, pou yo rejte tout moun ki goumen kont Siyon.

20 Epi, sètènman Senyè a pral prepare yon chemen pou pèp li a, li pral akonpli pawòl Moyiz te pale yo, lè l te di konsa: Senyè Bondye w la pral leve yon pwofèt ki tankou m pou ou; ou pral koute l nan tout bagay, kèlkeswa bagay li di w la. Epi, se pral konsa, tout moun ki pa tande pwofèt sa a, y ap rejte nan pami pèp la.

21 Epi kounyeya, mwen menm Nefi, m deklare ou, pwofèt sa a Moyiz t ap pale a, se Sen Izrayèl la; se poutèt sa, li pral egzèse jijman avèk jistis.

22 Epi, moun ki jis yo pa dwe pè, paske se yo menm ki p ap nan konfizyon. Men se wayòm dyab la, ki pral bati nan pami pitit lèzòm yo, wayòm sa a ki tabli nan pami moun ki gen kò fizik yo—

23 Paske lè a pral rive rapid pou tout legliz yo ki bati pou fè lajan, ak tout sa ki bati pou pran pouvwa sou kò fizik la, ak sa ki bati pou yo ka vin popilè devan je mond lan, ak sa k ap chèche konvwate kò fizik la ak bagay mond lan, epi k ap fè tout kalite inikite; wi, alafen, tout moun ki fè pati nan wayòm dyab la, se yo menm ki bezwen pè, tranble, epi fremi; se yo ki dwe desann ba nan pousyè; se yo ki dwe boule tankou pay; e se daprè pawòl pwofèt yo.

24 Epi, lè a pral rive rapid, jis yo dwe leve tankou ti bèf nan savann, e Sen Izrayèl la dwe gouvène avèk dominasyon, ak fòs, ak pouvwa, ak anpil glwa.

25 Epi, li rasanble pitit li yo nan kat kwen tè a; li konte brebi li yo, yo konnen l; e pral gen yon sèl bèje, ak yon sèl twoupo; e li pral nouri brebi li yo, e yo pral jwenn sipò nan li.

26 Epi, poutèt lajistis pèp li a, Satan pa gen pouvwa; se poutèt sa, li pa kapab lage pou anpil ane; paske li pa gen pouvwa sou kè pèp la, poutèt yo viv nan lajistis, e se Sen Izrayèl la ki pral gouvène.

27 Epi, kounyeya gade mwen menm, Nefi, m di nou konsa, tout bagay sa yo dwe rive nan kò fizik la.

28 Men, gade, tout nasyon, fanmi, lang, ak pèp pral viv nan lapè avèk Sen Izrayèl la, si yo repanti.

29 Epi, kounyeya mwen menm Nefi, m fini; paske m p ap pale plis konsènan bagay sa yo pou kounyeya.

30 Se poutèt sa, frè m yo, m ta vle nou konsidere bagay ki ekri nan plakderen an se verite; e yo temwaye pou fè konnen yon moun dwe obeyisan nan kòmandman Bondye yo.

31 Se poutèt sa, nou pa dwe sipoze mwen menm ak papa m se sèl moun ki te temwaye, e ki te ansenye yo. Se poutèt sa, si nou obeyisan nan kòmandman yo, e si nou pèsevere jiska lafen, n ap sove nan dènye jou a. Epi se konsa sa ye. Amèn.