Ekriti yo
Mozya 18


Chapit 18

Alma ansenye an kachèt—Li pale de alyans batèm nan e li batize moun nan dlo Mòmon yo an—Li òganize Legliz Kris la e li òdone prèt—Yo pran swen tèt yo e yo ansenye pèp la—Alma ak pèp li a sove kite wa Noye pou yo ale nan dezè a. Anviwon 147–145 anvan Jezikri.

1 E kounyeya, se te konsa, Alma ki te sove kite sèvitè wa Noye yo, te repanti nan peche l yo ak inikite l yo e li te ale an kachèt nan pami pèp la e li te kòmanse ansenye pawòl Abinadi yo—

2 Wi, li te pale de sa ki te gen pou fèt, epi tou de rezirèksyon mò yo ak redanmsyon pèp la ki dwe reyalize pa mwayen pouvwa ak soufrans ak lanmò Kris la, ak rezirèksyon l, epi ak monte l nan syèl la.

3 Epi li te ansenye tout moun ki te vle tande pawòl li. Epi li te anseye yo an kachèt, pou wa a pa t konnen. Epi anpil moun te kwè nan pawòl li yo.

4 Epi, se te konsa, tout moun ki te kwè l, yo te ale yon kote ki te rele Mòmon, daprè non wa a te ba li a, e ki te nan fwontyè peyi ke bèt sovaj te anvayi, atravè tan yo ak sezon yo.

5 Te gen yon fontèn bon dlo nan Mòmon an, se la Alma te ale, paske tou prè dlo a te gen yon touf ti pyebwa, kote li te kache kò l lajounen poutèt wa a t ap chèche l.

6 Epi, se te konsa, tout moun ki te kwè l, yo te ale pou koute pawòl li yo.

7 Epi, se te konsa, apre anpil jou te gen yon bon kantite moun ki te rasanble ansanm nan kote ki te rele Mòmon an, pou yo tande pawòl Alma yo. Wi, tout moun ki te kwè nan pawòl li yo te rasanble ansanm pou yo tande l. Epi li te ansenye yo, epi li te preche yo repantans, ak redanmsyon ak lafwa nan Senyè a.

8 Epi, se te konsa, li te di yo: Gade, men dlo Mòmon an (paske se konsa li te rele), kounyeya etandone nou vle antre nan twoupo Bondye a, pou nou pote non pèp li a, e nou vle youn pote chay lòt, pou yo kapab vin lejè;

9 Wi, nou vle kriye ak moun k ap kriye yo; wi, konsole moun ki bezwen konsolasyon, e pou nou sèvi kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay, e tout kote nou ta kapab ye, menm jistan lè nou mouri, pou Bondye kapab rachte nou, e pou nou kapab nan pami moun premye rezirèksyon yo, pou nou kapab gen lavi etènèl

10 Kounyeya, m ap di nou konsa, si se dezi kè nou, kisa ki anpeche nou batize nan non Senyè a, kòm yon temwayaj devan l pou nou montre l nou te fè alyans avèk li, n ap sèvi l e n ap respekte kòmandman l yo, pou l kapab vide Lespri l sou nou avèk plis abondans?

11 Epi kounyeya lè pèp la te tande pawòl sa yo, yo te bat men yo ak lajwa e yo te di konsa: Se dezi kè nou.

12 Epi kounyeya, Alma te pran Elam, ki te youn nan premye yo, li t al kanpe nan dlo a, e li te pale byen fò, li te di: O, Senyè, vide Lespri w sou sèvitè ou la, pou l kapab fè travay sa a yon kè ki sen.

13 Epi, lè l te fin di pawòl sa yo, Lespri Senyè a te sou li, e li te di konsa: Elam, paske m te resevwa otorite nan men Bondye, m batize w, kòm yon temwayaj, pou montre w fè alyans pou sèvi l jistan ou mouri nan kò mòtèl la; e se pou Lespri Senyè a vide sou ou; e se pou l ba ou lavi etènèl, nan redanmsyon Kris la, li te prepare depi nan fondasyon mond lan.

14 Epi apre Alma te fin di pawòl sa yo, ni Alma, ni Elam te plonje anba dlo a; yo te leve e yo te sòti nan dlo a avèk rejwisans, paske yo te chaje avèk Lespri a.

15 Epi apre sa, Alma te pran yon lòt, e li t al nan dlo a yon dezyèm fwa, epi li te batize l tankou premye a, sèlman, li pa t plonje kò pa l ankò anba dlo a.

16 Epi se konsa li te batize chak moun ki te vini kote ki te rele Mòmon an; e yo te yon kantite desan kat nanm apeprè; wi e yo te batize nan dlo Mòmon an, e yo te chaje avèk gras Bondye.

17 Epi, se te konsa, yo te rele yo Legliz Bondye a oubyen Legliz Kris la, depi lè sa a. E nenpòt moun ki te batize avèk pouvwa epi avèk otorite Bondye li a, te ajoute nan Legliz li a.

18 Epi, se te konsa, Alma ki te resevwa otorite nan men Bondye, te òdone prèt; li te òdone yon prèt pou chak gwoup senkant moun, pou preche yo konsènan wayòm Bondye a.

19 Epi li te kòmande yo pou yo pa t ansenye anyen eksepte bagay li te ansenye, e avèk sa bouch pwofèt sen yo te pale.

20 Wi, li te kòmande yo menm pou yo pa t preche anyen eksepte repantans ak lafwa nan Senyè ki te rachte pèp li a.

21 Epi li te kòmande yo pou pa t gen chirepit youn kont lòt, men okontrè, pou yo gade nan yon sèl direksyon, pou yo gen yon sèl lafwa, ak yon sèl batèm, pou yo gen kè yo makonnen ansanm nan inite ak lanmou youn pou lòt.

22 Epi se konsa li te kòmande yo pou yo ansenye. Epi konsa yo te vin tounen pitit Bondye.

23 Epi li te kòmande yo pou yo obsève jou saba a, pou yo kenbe l sen, epi tou chak jou pou yo bay Senyè Bondye yo a remèsiman.

24 Epi li te kòmande tou pou prèt li te òdone yo travay avèk men pa yo pou okipe tèt pa yo.

25 Epi te gen yon jou ki te chwazi nan semèn nan pou yo te rasanble ansanm pou yo ansenye pèp la, e pou yo adore Senyè Bondye yo a, epi tou, nenpòt lè yo ta kapab pou yo rasanble ansanm.

26 Epi prèt yo pa t dwe konte sou pèp la pou pran swen yo; men poutèt travay yo, yo te dwe resevwa la gras Bondye pou yo te kapab vin fò nan Lespri a, pou yo te gen konesans nan Bondye pou yo te kapab ansenye avèk pouvwa e avèk otorite ki sòti nan Bondye.

27 Epi anplis ankò Alma te kòmande pou pèp legliz la pataje nan byen yo, pou chak moun bay daprè kantite li genyen; si yon moun te gen pi an abondans pou l te pataje avèk plis abondans; epi moun ki te gen yon ti kras, pou l te bay ti kras; e moun ki pa t genyen, pou yo te ba li.

28 Epi se konsa yo te dwe pataje nan byen yo jan yo vle e avèk bon volonte devan Bondye, pou bay prèt ki te nan bezwen yo, wi, ak chak nanm ki nan bezwen, ak moun ki toutouni.

29 Epi se sa li te di yo, paske li te resevwa kòmandman nan men Bondye; e yo te mache dwat devan Bondye, yo te pataje, youn bay lòt ni materyèl ni espirityèl selon sa yo te bezwen ak sa yo te vle.

30 Epi kounyeya, se te konsa, sa te pase nan kote ki te rele Mòmon an, wi bò kote dlo Mòmon an, nan forè ki te prè dlo ki te rele dlo Mòmon an; wi, kote ki rele Mòmon an, dlo Mòmon an, forè Mòmon an, wi yo te bèl anpil devan je moun sa yo ki te vini nan konesans Redanmtè yo a; wi e yo te beni anpil, paske yo pral chante louwanj li pou tout tan.

31 Epi bagay sa yo te pase nan fwontyè peyi a, pou wa a pa t konn sa.

32 Men gade, se te konsa, apre kèk tan, wa a ki te dekouvri aktivite nan pami pèp la, te voye sèvitè l yo pou siveye yo. Se poutèt sa, pandan yo te rasanble ansanm yon jou pou koute pawòl Senyè a, wa a resevwa rapò kont yo.

33 Epi kounyeya, wa a te di konsa Alma t ap soulve pèp la nan rebelyon kont li; se poutèt sa li te voye lame l pou detwi yo.

34 Epi, se te konsa, Alma ak pèp Senyè a te gen nouvèl konsènan lame wa a ki t ap vini nan dezè a; se poutèt sa yo te pran tant yo e yo pati nan dezè a.

35 Epi yo te yon kantite kat- san senkant nanm apeprè.