Èd pou Etid
Legliz Jezikri


Legliz Jezikri

Yon kò kwayan òganize ki pran non Jezikri sou tèt yo nan batèm ak konfimasyon. Pou legliz la kapab vrè fòk li se legliz Senyè a; li dwe gen otorite L, ansèyman L yo, lwa L yo, òdonans Li yo ak non L; epi Li ki dwe dirije l pa lantremiz reprezantan Li te lonmen yo.