Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 105


Seksyon 105

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, sou Rivyè Fishing, Missouri, 22 Jen 1834. Sou direksyon Pwofèt la, Sen ki te soti nan Ohio yo ak lòt zòn yo te mache al Missouri nan yon ekspedisyon ki te vin rele Kan Siyon nan apre. Objektif yo sete pou eskòte Sen yo te mete deyò nan Missouri yo pou mennen yo retounen nan peyi yo nan Konte Jackson. Moun nan Missouri ki te pèsekite Sen yo anvan yo te pè reyaksyon Kan Siyon an epi yo te kouri al atake kèk Sen ki t ap viv nan Konte Clay, nan Missouri. Apre gouvènè Missouri a te retire pwomès li te fè pou sipòte Sen yo, Joseph Smith te resevwa revelasyon sa a.

1–5, Siyon pral bati an konfòmite avèk lalwa selès; 6–13, Redanmsyon Siyon an ranvwaye pou yon ti tan; 14–19, Senyè a pral mennen batay Siyon yo; 20–26, Sen yo dwe gen lasajès epi yo pa dwe vante tèt yo konsènan gran zèv lè yo rasanble; 27–30, Yo dwe achte tè nan Jackson ak nan lòt peyi alantou; 31–34, Ansyen yo dwe resevwa yon dotasyon nan kay Senyè a nan Kirtland; 35–37, Sen ki aple epi ki sanktifye yo tou pral sanktifye; 38–41, Sen yo dwe leve yon anblsèm lapè devan mond la.

1 An verite m di nou menm ki rasanble ansanm pou nou kapab aprann volonte mwen konsènan a redanmsyon pèp aflije mwen an—

2 Gade, m di nou, si se pa t poutèt transgresyon pèp mwen an, m ap pale konsènan legliz la, pa konsènan yon sèl moun, yo ta kapab deja rachte kounyeya menm.

3 Men gade, yo pa t aprann pou yo obeyisan nan bagay m te mande yo, men, yo chaje avèk tout kalite mal, epi yo pa pataje byen yo, jan sen yo dwe fè, pou bay pòv yo ak moun ki aflije pami yo;

4 Epi yo pa ini yo daprè inyon lalwa wayòm selès la mande a;

5 Epi Siyon pa kapab bati san se pa avèk prensip lalwa wayòm selès la; san sa m pa kapab resevwa l pou tèt pa m.

6 Epi pèp mwen an dwe chatye jistan yo aprann obeyi, si se nesesè, avèk bagay y ap soufri yo.

7 M p ap pale konsènan moun ki chwazi pou yo dirije pèp mwen an, ki se premye ansyen yo nan legliz mwen an, paske se pa yo tout ki sou kondanasyon sa a;

8 Men m ap pale konsènan legliz mwen yo ki lòt kote—gen anpil ki pral di: Kote Bondye yo a? Gade, li dwe delivre yo nan tan pwoblèm, san sa, nou p ap monte nan Siyon, epi n ap kenbe lajan nou yo.

9 Se poutèt sa, kòm konsekans transgresyon pèp mwen an, se nesesè pou mwen pou ansyen mwen yo ta rete tann yon ti tan pou redanmsyon Siyon—

10 Pou yo kapab prepare pou tèt pa yo, epi pou yo kapab ansenye pèp mwen an pi byen, epi pou yo gen eksperyans, epi pou yo konnen pi byen konsènan devwa yo, ak bagay m mande nan men yo.

11 Epi sa pa kapab reyalize jistan ansyen mwen yo dote avèk pouvwa ki soti anwo.

12 Paske gade, m prepare yon gwo dotasyon ki dwe vide sou yo, toutotan yo fidèl epi kontinye nan imilite devan mwen.

13 Se poutèt sa se nesesè pou mwen pou ansyen m yo ta rete tann yon tan, pou redanmsyon Siyon.

14 Paske gade, m pa mande yo pou yo mennen batay Siyon an; paske, jan m te di nan kòmandman anvan an, se konsa m ap akonpli—m ap mennen batay nou yo.

15 Gade, m voye destriktè a pou detwi epi pou gaspiye ènmi mwen yo; epi anpil ane p ap pase yo p ap rete pou yo sal eritaj mwen an, epi pou yo blasfème non mwen sou tè m te konsakre pou rasanble sen m yo ansanm.

16 Gade, m kòmande sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, pou l di fòs kay mwen an, gèrye m yo menm, jèn gason m yo, ak sa ki gen plis laj yo, pou yo reyini ansanm pou redanmsyon pèp mwen an, epi pou yo chavire tou ènmi mwen yo, epi pou yo dispèse santinèl ènmi yo;

17 Men, fòs kay mwen yo pa t koute pawòl mwen yo.

18 Men toutotan genyen ki koute pawòl mwen yo, m te prepare yon benediksyon ak yon dotasyon pou yo, si yo rete fidèl.

19 M tande priyè yo, epi m ap aksepte ofrann yo; epi se nesesè pou mwen pou m mennen yo jouk la pou teste lafwa yo.

20 Epi kounyeya, an verite m di nou, m ba nou yon kòmandman, tout moun ki te monte isit la, ki kapab rete nan rejyon alantou yo, se pou yo rete;

21 Epi moun ki pa kapab rete yo, ki gen fanmi yo nan lès la, se pou yo rete pou yon ti tan, toutotan sèvitè m nan, Joseph vle dirije yo;

22 Paske m ap konseye l konsènan sijè sa a, epi tout direksyon pou li ba yo akonpli.

23 Epi se pou tout pèp mwen yo ki nan rejyon alantou yo fidèl anpil, pou yo priye, pou yo gen imilite devan mwen, epi pou yo pa revele bagay m te revele yo, jistan se daprè lasajès mwen pou yo revele.

24 Pa pale konsènan jijman, ni tou pa vante tèt nou pou lafwa ak gran zèv, men, rasanble ansanm avèk pridans, toutotan li posib nan yon sèl rejyon, toujou an akò avèk pèp la;

25 Epi gade, m ap fè nou favè ak lagras devan je yo, pou nou kapab repoze nou nan lapè ak sekirite, pandan n ap di pèp la: Egzekite jijman ak lajistis pou nou daprè lalwa, epi korije sa nou fè mal.

26 Kounyeya, gade, m di nou, zanmi m yo, se nan fason sa a nou kapab jwenn favè devan je pèp la jistan lame Izrayèl la vin gran anpil.

27 Epi m ap adousi kè pèp la, jan m te fè pou kè Farawon, tanzantan, jistan sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, m te tabli a, gen tan pou l rasanble fòs kay mwen an,

28 Epi pou voye moun ki saj pou akonpli bagay konsènan acha tè nan Konte Jackson, tè ki kapab achte yo, ak nan kontre ki alantou yo.

29 Paske se volonte m pou tè sa yo ta achte; epi apre yo fin achte pou sen yo posede yo daprè lwa konsekrasyon m te bay yo.

30 Epi apre tè sa yo fin achte, m ap konsidere lame Izrayèl la san fot lè yo pran posesyon pwòp tè pa yo, tè yo te achte anvan sa a avèk lajan pa yo, epi lè yo chavire tou ènmi mwen yo ki sou yo, epi lè yo dispèse santinèl ènmi yo, epi yo vanje m jouk nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon moun ki rayi m yo.

31 Men anvan sa, se pou lame mwen an vin gran anpil, epi se pou l sanktifye devan mwen, pou l kapab vin bèl tankou solèy la, epi klè tankou lalin nan, epi pou banyè li yo kapab vin tèrib pou tout nasyon;

32 Pou wayòm yo ki nan mond sa a kapab oblije aksepte wayòm Siyon an se gade wayòm Bondye nou an ak Kris li a; se poutèt sa, an nou vin soumèt anba lalwa li yo.

33 An verite m di nou, se nesesè pou mwen pou premye ansyen yo ki nan legliz mwen an resevwa dotasyon ki soti anwo a nan kay mwen an, kay m te kòmande pou bati nan non mwen nan peyi Kirtland nan.

34 Epi se pou kòmandman yo m te bay konsènan Siyon ak lalwa li a egzekite epi se pou l akonpli, apre redanmsyon li.

35 Te gen yon jou apèl, men, lè a rive pou yon jou pou chwazi; epi se pou nou chwazi moun ki diy yo.

36 Epi vwa Lespri a pral manifeste sèvitè m nan moun ki chwazi yo; epi yo pral sanktifye;

37 Epi toutotan yo suiv konsèy yo resevwa, y ap gen pouvwa apre anpil jou pou yo akonpli tout bagay konsènan Siyon.

38 Epi ankò m di nou, negosye pou lapè, pa sèlman avèk moun ki te frape nou yo, men tou avèk tout moun;

39 Epi leve yon anblèm lapè, epi fè yon pwoklamasyon lapè pou tout kwen tè a;

40 Epi fè yon pwopozisyon pou lapè bay moun ki te frape nou yo, daprè vwa Lespri a ki nan nou, epi tout bagay ap travay ansanm pou byen nou.

41 Se poutèt sa, nou dwe fidèl; epi gade, mwen avèk nou menm jiska lafen. Se konsa sa ye. Amèn.