Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 106


Seksyon 106

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Kirtland, Ohio, 25 Novanm 1834. Revelasyon sa a pwente sou Warren A. Cowdery, yon gran frè Oliver Cowdery.

1–3, Warren A. Cowdery aple kòm yon ofisye prezidan lokal; 4–5, Dezyèm vini an p ap anpòte pitit limyè yo tankou yon vòlè; 6–8, Gwo benediksyon vini apse sèvis fidèl nan Legliz la.

1 Se volonte m pou ou chwazi epi pou òdone sèvitè m nan, Warren A. Cowdery kòm yon gran prèt prezidan sou tèt legliz mwen an, nan peyi alibète a ak nan rejyon alantou yo;

2 Epi pou l preche levanjil etènèl mwen an, epi pou l leve vwa l pou l avèti pèp la, pa sèlman nan plas pa li a, men, nan peyi alantou yo;

3 Epi pou l dedye tout tan l nan gran apèl sen sa a m ba li kounyeya, pou l achèche bwayòm syèl la ak lajistis li avèk dilijans, epi tout bagay ki nesesè pral ajoute apre sa; paske ctravayè a diy pou rekonpans li.

4 Epi ankò, an verite m di w, aaparisyon Senyè ba ap pwoche, epi l ap pran mond lan daso tankou yon cvòlè nan nuit—

5 Se poutèt sa, mare senti w pou w kapab pitit alimyè, pou jou sa a pa bpran ou daso tankou yon vòlè.

6 Epi ankò, an verite m di w, te gen lajwa nan syèl la lè sèvitè m nan, Warren te bese devan kòmandman m yo, epi l te separe tèt li avèk fo doktrin mond lan;

7 Se poutèt sa, sèvitè m nan, Warren, beni, paske m ap gen mizèrikòd pou li; epi, malgre avanite ki nan kè li, m ap leve l toutotan li gen imilite devan mwen.

8 Epi m ap ba li alagras ak asirans kote pou l kapab kanpe; epi si l kontinye kòm yon temwen fidèl ak yon limyè pou legliz la, m ap prepare yon kouwòn pou li nan bkay Papa m yo. Se konsa sa ye. Amèn.