Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 11


Seksyon 11

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou frè l la, Hyrum Smith, nan Harmony, Pennsylvania, Me 1829. Joseph te resevwa revelasyon sa a pa mwayen Ourim ak Toumim nan kòm repons pou siplikasyon l ak demand li. Sigjesyon nan Istwa Joseph Smith la fè konnen Pwofèt la te resevwa revelasyon sa a apre retablisman Prètriz Aawon an.

1–6, Travayè nan jaden yo pral gen sali; 7–14, Chèche lasajès, kriye repantans, konfye nan Lespri a; 15–22, respekte kòmandman yo, epi etidye pawòl Senyè a; 23–27, Pa nye lespri revelasyon ak lespri pwofesi; 28–30, Moun yo ki resevwa Kris la, y ap vin tounen pitit Bondye.

1 Yon gwo travay mèveye pral fèt pami pitit lèzòm.

2 Gade, m se Bondye; koute pawòl mwen, ki rapid epi ki pisan, ki pi file pase yon epe de bò, ki kapab divize jwenti yo ak mwèl yo fè de bout; se poutèt sa, koute pawòl mwen.

3 Gade, jaden an deja mi pou rekòlte; se poutèt sa, nenpòt moun ki vle rekòlte se pou l manche kouto digo l avèk fòs li, epi pou l rekòlte pandan jounen an, pou l kapab gen trezò sali etènèl pou nanm li nan wayòm Bondye a.

4 Wi, nenpòt moun ki vle manche kouto digo l pou l rekòlte, moun sa a resevwa apèl nan men Bondye.

5 Se poutèt sa, si ou mande m w ap resevwa; si ou frape y ap louvri pou ou.

6 Kounyeya, kòm ou te mande, gade, m di ou, respekte kòmandman m yo, epi chèche potekole nan tabli kòz Siyon an.

7 Pa chèche richès, men chèche lasajès; epi, gade, mistè Bondye yo ap louvri devan ou, epi apre sa w ap vin rich. Gade, yon moun ki gen lavi etènèl li rich.

8 Anverite, anverite, m di ou, menm jan ou vle l nan men m nan, se konsa w ap resevwa l; epi si ou vle, w ap sèvi kòm mwayen pou fè anpil byen nan jenerasyon sa a.

9 Pa di jenerasyon sa a anyen, eksepte repantans. Respekte kòmandman m yo, epi kolabore nan fè anvanse travay mwen an, dapre kòmandman m yo, epi w ap beni.

10 Gade, ou gen yon don, oubyen w ap gen yon don si ou vle l nan men m ak lafwa, avèk yon kè onèt, si ou kwè nan pouvwa Jezikri a, oubyen nan pouvwa mwen menm k ap pale avèk ou la a;

11 Paske, gade, se mwen menm ki pale; gade, m se limyè ki klere nan tenèb la, epi avèk pouvwa m, m ba ou pawòl sa yo.

12 Epi kounyeya, anverite, anverite, m di ou, mete konfyans ou nan Lespri sa a ki dirije moun pou yo fè byen—wi, pou yo fè sa ki jis, pou yo mache avèk imilite, pou yo jije avèk lajistis; epi se Lespri pa m nan.

13 Anverite, anverite, m di ou, m ap ba ou yon mòso nan Lespri m, ki pral klere panse ou, ki pral ranpli nanm ou avèk lajwa;

14 Epi apre sa ou pral konnen, oubyen sa pral fè ou konnen, tout bagay ou vle nan men m, ki gen rapò avèk bagay lajistis, avèk lafwa, si ou kwè nan mwen, w ap resevwa l.

15 Gade, mwen kòmande w pou ou pa sipoze ou gen apèl pou preche toutotan ou pa resevwa apèl la.

16 Rete tann yon ti tan ankò, jistan ou gen pawòl mwen, wòk mwen an, legliz mwen an, ak levanjil mwen an, pou ou kapab konnen doktrin mwen an avèk asirans.

17 Apre sa, gade, daprè jan ou vle, wi, menm daprè lafwa ou, w ap resevwa.

18 Respekte kòmandman m yo; rete dousman; envoke Lespri m nan;

19 Wi, kole kò ou avèk mwen ak tout kè ou, pou ou kapab ede nan pote bagay sa yo nan limye pawòl ki te pale a—wi, tradiksyon liv mwen an; ou dwe gen pasyans jistan ou akonpli l.

20 Gade, se travay ou sa, pou ou respekte kòmandman m yo, wi, avèk tout pouvwa ou, panse ou, ak fòs ou.

21 Pa chèche deklare pawòl mwen an, men chèche pou ou jwenn pawòl mwen an, epi apre sa lang ou va lage; apre sa si ou vle, w ap gen Lespri m ak pawòl mwen an, wi, pisans Bondye pou konvenk lèzòm.

22 Men kounyeya, rete dousman; etidye pawòl mwen an ki t ale nan pami pitit lèzòm yo, epi tou etidye pawòl mwen an ki pral vini nan pami pitit lèzòm yo, oubyen sa k ap tradui kounyeya, wi, jistan ou jwenn tout sa m pral bay pitit lèzòm yo nan jenerasyon sa a, e apre sa tout bagay pral ajoute pou kò yo.

23 Gade ou se Hyrum, pitit gason m nan; chèche wayòm Bondye a, epi tout bagay ap ajoute si se yon bagay ki jis.

24 Bati sou wòk mwen an, ki se levanjil mwen an;

25 Pa nye lespri revelasyon an, ni lespri pwofesi a, paske malè yon moun ki nye bagay sa yo;

26 Se poutèt sa, sere nan kè ou jistan lè a rive, nan lasajès mwen kote ou va ale.

27 Gade, m pale avèk tout moun ki gen bon dezi, epi ki te manche kouto digo yo pou yo rekòlte.

28 Gade, m se Jezikri, Pitit Gason Bondye a. M se lavi ak limyè mond lan.

29 Se mwen menm ki te vin jwenn moun pa m yo epi moun pa m yo pa t resevwa m;

30 Men, anverite, anverite, m di ou, tout moun ki resevwa m, m ap ba yo pouvwa pou yo vin tounen pitit Bondye, menm moun ki kwè nan non m yo. Amèn.